Jan 6:22-44

Jan 6:22-44 HAT98

Nan denmen, foul moun ki te rete lòt bò lanmè a te wè te gen yon sèl kannòt ase. Yo te konnen Jezi pat moute nan kannòt la avèk disip li yo. Disip li yo te pati pou kont yo. Men, te gen lòt kannòt ki te sòti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Senyè a te di Bondye mèsi a. Lè foul moun yo wè ni Jezi, ni disip li yo pat la, yo moute nan kannòt sa yo, y'al chache l lavil Kapènawòm. Yo jwenn Jezi lòt bò lanmè a. Yo di li: — Mèt, kilè ou gentan rive isit la? Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Se pa paske nou wè mirak mwen fè yo non kifè n'ap chache m konsa. Se paske nou manje pen plen vant nou. Pa travay pou manje k'ap gate! Travay pito pou manje k'ap konsève, manje k'ap bay lavi ki p'ap janm fini an. Kalite manje sa a, se Moun Bondye voye nan lachè a ki va ban nou l, paske se pou sa Bondye Papa a voye li. Lè sa a, yo mande li: — Kisa pou n fè si nou vle fè travay Bondye? Jezi reponn yo: — Sèl travay Bondye mande nou pou n fè, se pou nou mete konfyans nou nan moun li voye a. Yo di li: — Ki mirak ou fè pou bay prèv dekwa pou nou wè epi pou nou kwè? Zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, jan sa ekri nan Liv la: Li ba yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje. Jezi reponn yo: — Anverite se vre: Moyiz pa te ban nou ki soti nan syèl la. Men se Papa mwen ki ban nou vrè pen ki soti nan syèl la. Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi. Yo di li: — Mèt, toujou ban n nan kalite pen sa a. Jezi di yo: — Se mwen menm, pen ki bay lavi a. Moun ki vi jwenn mwen p'ap janm grangou. Moun ki kwè nan mwen p'ap janm swaf. Men, mwen te di nou sa: nou wè m, men nou pa kwè toujou. Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò. Paske, se pa pou fè volonte pa m mwen desann sot nan syèl la, men pou m fè volonte moun ki voye m lan. Men sa moun ki voye m lan vle: li vle pou m pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Men sa Papa m vle: Tout moun ki wè Pitit la, ki kwè nan li, se pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an. Mwen gen pou m fè yo leve sòti vivan nan lanmò nan dènye jou a. Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la. Yo t'ap di: — Se pa Jezi, ti gason Jozèf la! Nou konn papa li ak manman li. Kijan li ka fè di koulyeya li desann sot nan Bondye? Jezi reponn yo: — Nou pa bezwen ap bougonnen konsa. Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye mwen an pa atire li. Mwen menm, m'ap resisite li nan dènye jou a.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an