Travay 9:23-43

Travay 9:23-43 HAT98

Kèk jou apre sa, jwif yo fè konplo pou yo touye li. Men, Sòl te pran nouvèl konplo a. Lajounen kou lannwit yo t'ap veye pòtay lavil la pou yo touye li. Lè sa a, patizan Sòl yo pran l nan mitan lannwit, yo mete l nan yon panyen, yo file l desann lòt bò miray lavil la. Lè Sòl rive lavil Jerizalèm li te vle mete l ak disip yo, men yo tout te pè l: yo pat kwè li te yon disip tout bon vre. Lè sa a, Banabas pran l avè l, epi li mennen l bò kote apòt yo. Li rakonte yo ki jan Sòl te wè Senyè a sou wout la, ki jan Senyè a te pale avè li. Li di yo tou ki jan nan lavil Damas Sòl te anonse bòn nouvèl la nan non Jezi avèk konviksyon. Depi lè sa a Sòl te toujou ak disip yo. Li t'ap ale vini ak yo nan tout Jerizalèm, li t'ap bay mesay la avèk konviksyon nan non Senyè a. Li t'ap pale avèk jwif ki pale lang grèk la, li t'ap diskite avèk yo. Men, yo menm yo t'ap chache touye li. Lè frè yo vin konn sa, yo mennen l lavil Sezare, yo fè l pati pou Tas. Lè sa a, toupatou nan Jide, nan Samari ak nan Galile, legliz Bondye a t'ap viv san kè sote. Li t'ap devlope, li t'ap viv nan krentif Bondye. Avèk konkou Sentespri, anpil moun t'ap repanti toujou vin ogmante legliz la. Pyè menm t'ap vwayaje toupatou nan peyi a. Yon jou li te al lakay disip yo nan lavil Lida, li jwenn yon nonm yo rele Ene ki kouche paralize depi witan. Pyè di li: — Ene, Jezikri ap geri ou. Leve non, ranje kabann ou. Lamenm, Ene leve kanpe. Tout moun ki t'ap viv nan lavil Lida a ak nan laplenn Sawon an te wè li, epi yo tounen vin jwenn Bondye. Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (Nan lang grèk yo te rele l Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil. Lè sa a, li tonbe malad epi li mouri. Yo benyen kò a epi yo espoze li anlè nan chanmòt la. Lavil Jope pat twò lwen ak lavil Lida. Lè disip ki te Jope yo vin konnen Pyè te Lida, yo voye de moun bò kote l avèk mesay sa a: — Tanpri, pa mize vin lakay nou. Pyè pati lamenm avèk yo. Lè l rive, yo mennen l nan chanm ki te anwo kay la. Tout vèv yo pwoche, yo t'ap kriye. Yo t'ap moutre l chemiz ak rad Dòkas te konn fè lè l te la avèk yo. Pyè fè tout moun sòti. Li mete jenou l atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kote kò a, li di li: — Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l, lè l wè Pyè, li chita. Pyè lonje men l ba li, li fè l leve kanpe. Apre sa, Pyè rele disip yo ak vèv yo, li moutre yo Tabita vivan. Yo vin konn sa nan lavil Jope. Anpil moun mete konfyans yo nan Senyè a. Apre sa, Pyè rete lontan nan lavil Jope, lakay yon bòs tanè yo rele Simon.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an