Travay 9:1-22

Travay 9:1-22 HAT98

Men Sòl, bò pa li, pa te janm sispann fè disip Senyè yo pwomès sasinen yo. L'al jwenn granprèt la. Li mande l lèt otorizasyon pou tout sinagòg ki nan lavil Damas. Konsa, tout moun li ta jwenn k'ap swiv chemen Bondye a, fanm kou gason, li te ka arete yo, mare yo mennen Jerizalèm. Antan li sou wout la, toupre Damas, li rete konsa, yon limyè soti nan syèl la, li klere tout kote li te ye a. Sòl tonbe atè, epi l tande yon vwa ki di li: — Sòl, Sòl, poukisa w'ap pèsekite mwen konsa? Li reponn: — Ki moun ou ye, Mèt? Vwa a reponn li: — Mwen se Jezi, moun w'ap pèsekite a. Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè. Moun ki t'ap vwayaje ansanm ak Sòl yo te rete san di yon mo: yo te tande vwa a byen klè, men yo pat wè pèsonn. Sòl leve atè a, li louvri je l men li pat kapab wè anyen. Yo pran men l, yo mennen l lavil Damas. Li rete la twa jou san wè, san manje, san bwè. Nan lavil Damas te gen yon disip ki te rele Ananyas. Senyè a parèt devan l nan yon vizyon, li rele li: — Ananyas. Ananyas reponn: — Men mwen, Senyè. Senyè a di li: — Leve kounyeya, ale nan Ri Dwat la lakay Jida, mande pou yon nonm yo rele Sòl, moun lavil Tas. L'ap lapriyè kote l ye a, li fè yon vizyon: li wè yon nonm yo rele Ananyas antre vin mete men sou tèt li pou l kapab wè ankò. Ananyas reponn: — Senyè, mwen tande nan bouch anpil moun kantite mechanste li fè moun pa ou yo pase lavil Jerizalèm. Epitou li vin isit la ak pouvwa pou l arete dènye moun k'ap rele non ou. Se chèf prèt yo menm ki ba l pouvwa sa a. Men, Senyè a di li: — Ale. Paske nonm sa a, mwen chwazi l pou sèvis mwen, pou l fè tout moun konnen non mwen, moun lòt nasyon yo ak tout wa yo ansanm ak pèp Izrayèl la. Mwen menm, m'a moutre l tou sa li gen pou l soufri pou mwen. Ananyas ale, li antre nan kay la, li mete men l sou tèt Sòl, li di li: — Sòl, frè mwen, Senyè Jezi voye m kote ou. Se li menm ki te parèt devan ou sou granchemen an lè ou t'ap vini an. Li voye m pou ou ka wè ankò, pou ou vin anba pouvwa Sentespri. Menm lè a, bagay tankou kal pwason sot tonbe nan je Sòl, epi l wè ankò. Sòl leve, li resevwa batèm. Apre sa, li manje epi l vin gen fòs ankò. Sòl rete pase kèk jou ankò ak disip ki te Damas yo. Menm lè a tou, li konmanse bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap fè moun konnen Jezi se pitit Bondye. Tout moun ki te tande l te sezi, yo t'ap di: — Apa nonm sa a ki t'ap maltrete tout moun ki t'ap rele non sa a nan lavil Jerizalèm lan? Se pa li ki vin isit la toutespre pou arete yo, pou mennen yo bay chèf prèt yo? Men, Sòl t'ap vin pi fò toujou. Li t'ap fèmen bouch tout jwif ki t'ap viv Damas yo lè li t'ap moutre yo Jezi se moun Bondye te chwazi pou l voye a menm.

Plan lekti ak devosyon gratis yo ki gen rapò ak Travay 9:1-22

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an