Travay 8:26-40

Travay 8:26-40 HAT98

Yon zanj Bondye pale ak Filip, li di li: — Leve non! Ale nan direksyon sid, sou wout Jerizalèm ki desann sou Gaza. Se yon wout ki pa fasil gen moun. Filip leve, li pati. Antan li sou wout la, li kontre yon nonm. Se te moun Letyopi, yon nèg chatre. Misye se gwo chèf nan peyi li. Se li menm ki reskonsab tout richès Kandas, larenn peyi a. Li te moute Jerizalèm pou adore Bondye. Antan li t'ap tounen nan peyi l, li te chita nan cha li, li t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Sentespri di Filip: — Avanse, ale bò kote cha a. Filip kouri ale bò cha a, li tande moun peyi Letyopi a ki t'ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Li mande li: — Eske ou konprann sa w'ap li la a? Nonm lan reponn li: — Ki jan pou m fè konprann si m pa jwenn moun pou esplike mwen? Epi li mande Filip pou l moute nan cha a, vin chita bò kote li. Men pasay li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. Yo te desann li ba anpil, yo refize fè l jistis. Pèsonn p'ap nonmen non pitit pitit li. Paske, lavi l sou latè fini nèt. Chèf peyi Letyopi a mande Filip: — Di m non, ki moun pwofèt la ap pale konsa: tèt pa l osinon yon lòt moun? Filip pran pale: li konmanse avèk pasay li t'ap li nan liv la, li fè l konnen bòn nouvèl ki pale sou Jezi a. Antan yo prale konsa, yo rive yon kote ki te gen dlo. Lè sa a, nonm peyi Letyopi a di li: — Bon, men dlo. Kisa ki pou anpeche m resevwa batèm? Filip di li: — Si ou kwè ak tout kè ou, ou ka resevwa batèm. Nonm lan reponn li: — Mwen kwè Jezikri se Pitit Bondye a. Apre sa, li fè yo rete cha a. Filip desann nan dlo a ansanm ak gwo chèf la. Filip batize li. Lè yo sòti nan dlo a, Lespri Bondye fè Filip disparèt, gwo chèf la pa janm wè l ankò. Men, li kontinye chemen l ak kè kontan. Filip menm rete konsa li wè li lavil Azòt. Apre sa, li pran mache. Nan tout ti bouk kote l pase, li anonse bòn nouvèl la jouk li rive lavil Sezare.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an