Travay 16:1-15

Travay 16:1-15 HAT98

Apre sa, Pòl ale lavil Dèb, epi l rive lavil List. Nan List te gen yon disip yo rele Timote. Manman l te yon jwif ki te kwè nan Jezi tou, men papa l te yon moun peyi Lagrès. Frè ki t'ap viv nan List ak Ikonyòm yo te bay bon rapò pou Timote. Pòl te vle mennen l avèk li. Li pran l, li sikonsi l paske tout jwif ki te nan peyi a te konnen papa Timote te grèk. Nan tout lavil kote yo pase yo te mete disip yo an konesans desizyon apòt yo ak ansyen yo te pran lavil Jerizalèm, yo t'ap mande yo pou yo te soumèt devan desizyon an. Tout legliz yo t'ap vin pi fèm nan lafwa, chak jou yo t'ap gen plis moun toujou. Sentespri pat kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sa k fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete. Lè yo rive toupre lavil Mizi, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi a pat pèmèt yo fè sa. Yo pase nan Mizi san rete, yo te vle ale Bitini, men Lespri Jezi anpeche yo. Yo desann lavil Twowas. Nan mitan lannwit, Pòl fè yon vizyon: li wè yon nonm ki te sòti peyi Masedouàn kanpe devan l ki t'ap di li: Tanpri, vin nan peyi Masedouàn, vin pote nou sekou. Apre Pòl te fè vizyon sa a, lamenm nou chache pou n'ale peyi Masedouàn. Nou te sèten se Bondye menm ki te rele nou pou n te al pote bòn nouvèl la bay moun ki nan peyi sa a. Nou pran batiman Twowas, nou fè vwal tou dwat pou zile Samotras. Apre yon jou, nou rive lavil Neyapolis. Antan nou la, n'al lavil Filip, premye lavil nan distrik Masedouàn lan: Se te yonn nan koloni sou zòd lavil Wòm yo. Nou pase plizyè jou nan lavil sa a. Jou repo a, nou sòti, n'al lòt bò pòtay lavil la bò larivyè a. Nou t'ap chache kote jwif yo te konn lapriyè a. Nou chita, nou t'ap pale ak fanm ki te sanble la yo. Yonn ladan yo te rele Lidi. Li te moun Tiyati, yon machann bèl twal wouj gwo pri. Li te konvèti nan relijyon jwif yo. Li t'ap koute nou. Senyè a louvri lespri li pou li te swiv tout sa Pòl t'ap di. Li resevwa batèm, li menm ansanm ak tout fanmi li. Apre sa, li envite nou vin lakay li. Li di nou: — Se pou n vini, se pou n fè ladesant lakay mwen, si nou kwè mwen mete konfyans mwen tout bon nan Senyè a. Se konsa li fòse nou rete lakay li.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an