Travay 15:22-41

Travay 15:22-41 HAT98

Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antyòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil. Yo te ba yo lèt sa a pote ale: — Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antyòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi. Nou te vin konnen te gen moun ki sòti bò isit la al lakay nou. Yo pat manke boulvèse nou, yo pat manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pat ba yo okenn lòd konsa. Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil, ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Senyè nou an. Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesay la ak pwòp bouch yo. Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan kèsyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sàn dwe mete. Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou! Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antyòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la. Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo. Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs. Yo pase kèk tan nan lavil Antyòch. Apre sa, frè yo swete yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo. [ Men, Silas te pran desizyon pou l te rete.] Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antyòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Senyè a. Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: — Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Senyè a. Ann al wè ki jan yo ye. Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo. Men, Pòl pat kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l, paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pat rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini. Lè sa a, yon diskisyon tèlman cho vin leve ant Pòl ak Banabas, sa fè yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran batiman, y'ale zile Chip. Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l favè l, li pati. Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi. Sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an