Travay 13

13
Sentespri chwazi Banabas ak Sòl voye yo nan misyon
1Nan legliz Antyòch la te gen kèk pwofèt #Tra 11.27 ak moun ki t'ap bay enstriksyon: se te Banabas, Simeon (yo te rele Ti Nwa), Lisiyis, moun Sirèn, Manayèn (ki te grandi ansanm ak Ewòd, gouvènè a), epi Sòl. 2Yon #Tra 9.15 jou, yo t'ap fè sèvis pou Bondye, yo t'ap fè jèn, lè Sentespri di yo:
— Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen, pou yo fè travay mwen chwazi pou yo fè a.
3#Tra 6.6; 14.23; 1 Tim 4.14; 5.22 sa a, yo fè jèn, yo lapriyè, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl, epi yo kite yo ale.
Banabas ak Sòl nan zile Chip
4Se #Tra 15.39 konsa, Sentespri te voye Banabas ak Sòl nan misyon. Yo ale nan peyi Selesi. Antan yo la, yo pran yon batiman ki pral zile Chip. 5#Tra 12.12,25; 13.13 yo rive Salamin yo tanmen anonse pawòl Bondye a nan sinagòg jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo. 6Yo travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive la, yo jwenn yon majisyen ki rele Bajezi. Se te yon jwif ki te pran pòz pwofèt li. 7Li te bon zanmi Sèjiyis Polis, chèf zile a. Sèjiyis te yon nonm lespri. Li fè rele Banabas ak Sòl paske li te vle tande pawòl Bondye. 8Men, #2 Tim 3.8 Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l pat kwè. 9Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l sou majisyen an, 10li #Oze 14.9 di li:
— Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? 11Kounyeya, koute: #Tra 9.8; Jan 9.39 Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan.
Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agòch, li t'ap chache yon moun pou pran men l pou kondi li. 12Lè gouvènè a wè sa k te rive a, li kwè. Sa te frape l anpil lè l tande tou sa yo t'ap moutre li sou Senyè a.
Pòl ak Banabas nan lavil Antyòch nan Pisidi
13Pòl #Tra 12.12,25; 15.38 ak kanmarad li yo pran batiman nan lavil Pafòs, y'al lavil Pèj nan peyi Panfili. Antan yo la, Jan Mak kite yo, li tounen Jerizalèm.
14Yo kite Pèj, yo pousib wout yo jouk yo rive Antyòch nan Pisidi. Jou saba a, yo antre nan sinagòg la, yo chita. 15Apre #Tra 15.21 moun yo te fin li nan liv lalwa a ak nan liv pwofèt yo, chèf sinagòg la voye di yo:
— Frè m yo, si nou gen kèk pawòl pou ankouraje asanble a, nou mèt pale kounyeya.
16Pòl leve kanpe, li fè yon siy ak men l, epi li di:
— Nou menm moun ras Izrayèl, ak nou menm moun lòt nasyon ki gen krentif pou Bondye, koute mwen. 17Bondye #Eza 1.2; Egz 6.1,6; 12.37,41; 14.8 pèp Izrayèl la te chwazi zansèt nou yo. Antan yo t'ap viv tankou etranje nan peyi Lejip, li fè pèp la vin yon kantite. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo sòti kite peyi a. 18Pandan #Egz 16.35; Nonb 14.34; Det 1.31 karantan, li pran pasyans ak yo #13.18: li pran pasyans ak yo: Gen maniskri ki bay li te pran swen yo. nan dezè a. 19Li #Det 7.1; Joz 14.2 detwi sèt nasyon nan peyi Kanaran, li pran tout tè yo, li bay pèp li a pou pwopryete pa yo, 20pou #Jij 2.16; 1 Sam 3.20 katsansenkant (450) lanne.
— Apre sa, li mete jij pou kòmande yo jouk pou rive nan tan pwofèt Samyèl. 21#1 Sam 8.5; 10.21,24 sa a, yo mande pou yon wa. Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la, moun branch fanmi Benjamen, pou wa pandan karantan. 22#Sòm 89.20; Eza 44.28; 1 Sam 13.14; 16.12,13 li wete Sayil, li ba yo David pou wa. Men sa Bondye te di sou David:
Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a.
Se yon nonm ki fè m plezi.
Li va fè tou sa m vle l fè.
23— Se #2 Sam 7.12; Eza 11.1 Jezi, yonn nan pitit pitit David yo, Bondye mete pou delivre pèp Izrayèl la, jan l te pwomèt la. 24Men, #Lik 3.3 anvan Jezi te vini, Jan t'ap mache bay mesay sa a, li t'ap rele tout pèp Izrayèl la pou yo te tounen vin jwenn Bondye, pou yo te resevwa batèm. 25#Jan 1.20,27; Lik 3.16; Mak 1.7 Jan te prèt pou fini ak misyon l lan, li di pèp la: Ki moun nou kwè mwen ye? Moun n'ap tann lan, se pa mwen. Men, koute, moun sa a ap vini apre mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li.
26— Frè m #Sòm 107.20; Tra 13.46 yo, nou menm moun ras Abraram lan ak nou menm moun lòt nasyon isit la ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye di nou li vin delivre nou. 27Paske, #Tra 3.17; Jan 16.3 moun Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa te konnen ki moun Jezi ye. Yo pa te konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak saba. Men se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo akonpli vre lè yo te kondannen Jezi. 28Atout #Mat 27.22,23 yo pat jwenn anyen nan sa Jezi te fè ki pou ta fè l merite lanmò, yo te mande Pilat fè touye li. 29#Mat 27.59,60 yo fin fè tout bagay ki te ekri sou li nan liv yo rive vre, yo desann li sou kwa a, yo mete l nan yon kavo. 30Men, #Tra 3.15 Bondye fè l leve sòti vivan nan lanmò. 31Apre #Tra 1.3 sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm sòti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l temwen kounyeya devan pèp Izrayèl la. 32Nou #Tra 13.23 menm, nou vin fè nou konnen bòn nouvèl sa a isit la. Bagay Bondye te pwomèt zansèt nou yo, 33li #Sòm 2.7; Eb 1.5; 5.5 fè l pou nou ki pitit pitit yo: li fè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, dapre sa ki ekri nan Sòm de a:
Ou se pitit mwen.
Depi jòdi a se mwen ki papa ou.
34Bondye #Eza 55.3 te fè konnen li t'ap fè l sòti vivan nan lanmò pou l pat janm tounen pouriti ankò. Se sa l te fè konnen, lè l te di:
M ava ba ou tout benediksyon
mwen te pwomèt David yo, ou mèt konte sou yo.
35Se #Tra 2.27; Sòm 16.10 poutèt sa, yon lòt kote li di konsa:
Ou pa penmèt moun k'ap sèvi ou la pouri anba tè.
36Men, #1 Wa 2.10; Jij 2.10; Tra 2.29 apre David te fin sèvi plan Bondye nan mitan moun ki t'ap viv menm lè avè l yo, li mouri. Yo antere l menm kote ak zansèt li yo, epi li pouri anba tè. 37Men, moun Bondye te leve sòti vivan nan lanmò a, li pa janm pouri anba tè. 38-39Frè m #Tra 10.43; Nonb 15.30; Eb 9.9; 13.20 yo, #Wòm 10.4 nou fèt pou nou konn sa byen: Bondye voye Jezi fè nou konnen l'ap padonnen tout peche nou yo: tout moun ki mete konfyans yo nan Jezi, y'ap delivre anba tout peche lalwa Moyiz pat ka wete pou yo. 40Atansyon #Aba 1.5 pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:
41Gade non, nou menm k'ap meprize moun,
sezisman pral touye nou.
Paske mwen pral fè yon travay kounyeya nan mitan nou,
bagay nou pa ta kwè,
menm si moun ta rakonte nou li.
42Antan Banabas ak Pòl t'ap soti nan sinagòg la, moun yo mande yo pou yo tounen ankò saba pwochen pou pale sou menm bagay sa yo toujou. 43Apre #Tra 11.23 reyinyon an, anpil jwif ak anpil moun lòt nasyon ki te konvèti nan relijyon jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Apòt yo menm te pale ak yo, yo te ankouraje yo pou yo rete fèm nan favè Bondye.
44Jou saba apre a, prèske tout moun nan vil la te rasanble pou tande pawòl Senyè a. 45#Tra 13.50; 14.2 jwif yo wè foul moun yo, yo pran fè jalouzi: yo t'ap demanti tou sa Pòl t'ap di a, yo t'ap joure li. 46Men, #Tra 3.26; 18.6; Mat 10.6; Lik 7.30 Pòl ak Banabas di yo kareman:
— Se nou menm premye moun ki pou te resevwa Pawòl Bondye a. Men, n'ap repouse l, nou pa konsidere tèt nou bon ase pou n antre nan lavi ki p'ap janm fini an. Enben, kounyeya nou pral vire bò kote moun lòt nasyon yo. 47Men #Eza 49.6 lòd Bondye te ban nou:
Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo,
pou ou kapab ale toupatou sou latè,
moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.
48#Tra 11.18; Wòm 8.29 moun lòt nasyon yo tande sa, yo pat manke kontan: yo pran fè lwanj pawòl Bondye a. Tout moun Bondye te chwazi davans pou resevwa lavi ki p'ap janm fini an te kwè.
49Pawòl Bondye a t'ap gaye toupatou nan peyi a. 50Men, jwif yo moute tèt medam lasosyete ki te konvèti nan relijyon jwif yo, ansanm ak grannèg lavil yo. Yo tout yo pran pèsekite Pòl ak Banabas: yo mete yo deyò nan peyi a. 51Pòl #Tra 18.6; Mat 10.14 ak Banabas souke pousyè pye yo sou yo, y'ale lavil Ikonyòm. 52Nan Antyòch menm, disip yo te kontan anpil, Sentespri te plen kè yo.

Chwazi Kounye ya:

Travay 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an