1 Korent 12

12
Kado Sentespri bay
1Ann wè kounyeya kèsyon kado Sentespri bay la.
Frè m yo, mwen ta vle nou konnen sa ki vre sou kèsyon kado sa yo. 2Nou #Aba 2.18,19 chonje, lè nou pat ankò gen konfyans, nou te kite yo mennen nou jan yo vle devan zidòl ki pat kapab pale. 3Se #Mak 9.39; Mat 7.21; 1 Jan 4.2,3 poutèt sa mwen vle nou konn sa byen: Si Sentespri Bondye ap dirije lavi yon moun, li p'ap janm ka di: Madichon pou Jezi. Konsa tou, si Sentespri Bondye p'ap dirije lavi yon moun, li p'ap ka di Jezi se Senyè a.
4Gen #Wòm 12.6; Ef 4.4 divès kalite don Sentespri a bay. Men, se menm Lespri Bondye a ki bay tout. 5Gen #Ef 4.11 divès jan moun ka sèvi Bondye, men se yon sèl Senyè a n'ap sèvi. 6Gen divès kalite travay nan sèvis la, men se yon sèl Bondye ki bay chak moun travay pa yo nan tout sèvis k'ap fèt. 7Lespri #1 Kor 14.26 Bondye a fè travay li yon jan nan lavi chak moun, men li fè l pou byen tout moun. 8Lespri a bay yon moun don pou l pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l pale avèk anpil konesans. 9Se menm Lespri a ki bay yon moun lafwa, se li menm tou ki bay yon lòt don pou l geri moun malad. 10Lespri a #1 Kor 14.5; Tra 2.4 bay yon moun don pou li fè mirak. Li bay yon lòt don pou li bay mesaj Bondye a. Li bay yon lòt ankò don pou li distenge travay movèzespri yo ak travay Lespri Bondye a. Li bay yon moun don pou li ka pale langaj. Li bay yon lòt don pou li ka esplike sa langaj la vle di. 11Men, #Wòm 12.3; Ef 4.7; 1 Kor 7.7 se yon sèl Lespri a ki fè tou sa. Li bay chak moun yon kado diferan jan li vle.
Yon sèl kò, men anpil manm
12Konsa, #1 Kor 10.17 Kris la se tankou yon kò ki gen anpil manm. Kò a toujou yon sèl kò, ou mèt wè li gen anpil manm. 13Se #Gal 3.28 sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.
14Se pa yon sèl manm ki fè yon kò. Se anpil manm ki fè yon kò. 15Si pye te ka di: Paske se pa yon men mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l pa fè pati kò a vre. 16Si zòrèy te ka di: Paske se pa yon grenn je mwen ye, mwen p'ap fè pati kò a, se pa sa ki pou ta fè l pa fè pati kò a vre. 17Si tout kò a te yon grenn je, ki jan l ta ka tande? Si l te yon zòrèy, ki jan l ta ka pran sant? 18Men, Bondye mete divès manm nan plas yo nan kò a, jan l vle. 19Pa ta gen yon kò si tout te yon sèl kalite manm. 20Konsa, gen anpil manm, men gen yon sèl kò.
21Nan kondisyon sa a, grenn je a pa ka di men an: Mwen pa bezwen ou. Tèt la pa ka di pye yo: Mwen pa bezwen nou. 22Okontrè, manm ki parèt pi fèb nan kò nou, se yo ki pi nesesè. 23Manm nan kò nou nou pa bay gwo konsiderasyon, nou pran swen yo plis pase lòt yo. Manm nou pa ka pale sou yo nan lasosyete, se yo menm ki resevwa yon swen apa. 24Manm nan kò nou ki pi prezantab, yo pa bezwen tou sa. Bondye ranje kò a yon jan pou manm ki pa jwenn anpil konsiderasyon an se li ki jwenn plis swen pase lòt yo. 25Konsa, pa gen divizyon nan kò a. Men tout manm yo, yonn pran swen lòt menm jan an. 26Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.
27Nou #Wòm 12.5; Ef 5.30 tout, nou se kò Kris la: nou chak se yon manm nan kò sa a. 28Se #Ef 4.11,12 konsa, nou wè nan legliz la Bondye mete apòt yo an premye, pwofèt yo an dezyèm, dirèktè yo an twazyèm. Apre sa, nou jwenn moun k'ap fè mirak, moun ki gen don pou geri moun malad, moun k'ap ede lòt, moun k'ap dirije, moun ki gen don pou pale divès lang. 29Men, tout moun pa apòt, tout moun pa pwofèt, tout moun pa dirèktè, tout moun pa gen don pou fè mirak. 30Tout moun pa gen don pou geri moun malad. Tout moun pa gen don pou pale langay, osinon pou esplike sans pawòl langay la. 31Lanbisyon #1 Kor 14.1 nou, se pou nou chache don ki pi enpòtan yo.
Men mwen pral moutre nou yonn ladan yo. Pa gen pase li.

Chwazi Kounye ya:

1 Korent 12: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an