YouVersion Logo
Search Icon

Jan 9:24-41

Jan 9:24-41 VKF

Alò yon dezyèm fwa, yo voye rele nonm ki te avèg la, yo di l: “Devan Bondye, di nou verite a. Nou menm nou konnen nonm sa a se yon pechè l ye.” Nonm nan reponn: “Si se yon pechè li ye, m pa konnen. Men gen yon bagay mwen konnen: M te avèg, kounye a m wè.” Jwif yo mande l: “Ki sa li fè w? Kòman l fè louvri je w?” Nonm nan reponn yo: “Mwen gentan di sa deja, epi nou pa koute; pou kisa nou vle tande m di sa ankò? Èske nou menm nou ta vle vin disip li tou?” Jwif sa yo te vekse nonm nan byen vekse epi yo di l: “Se ou menm ki disip nonm sa a, men nou menm, nou se disip Moyiz.” Nou konnen Bondye te pale ak Moyiz, men nonm sa a, nou pa konn kote l soti. Nonm nan reponn yo: “Sa vrèman dwòl anpil! Nou pa konnen kote mesye a soti, epoutan li louvri je m.” Nou konnen Bondye pa koute lapriyè pechè yo, men l ap koute vwa nenpòt moun ki adore l epi ki obeyi l. Se premye fwa nou tande yon moun fè yon moun ki fèt tou avèg wè. Si se pa t Bondye ki te voye nonm sa a, li pa t ap kapab fè bagay konsa. Lidè Jwif yo reponn li: Gade non! Ou fèt nan labou peche, epi ou ap vin fè nou leson? Lidè yo mete nonm nan deyò nan sinagòg la epi yo di l pa retounen ankò. Jezi rankontre nonm nan, apre l te fin tande yo mete l deyò nan sinagòg la, li mande l: “Èske ou kwè nan Pitit Lòm nan?” Nonm nan reponn: “Ki moun li ye, Mesye, pou m kapab kwè nan li?” Jezi di l konsa: “Ou gentan wè li. Pitit Lòm nan, se li menm menm k ap pale avèk ou la a.” Nonm nan di: “Senyè, mwen kwè.” Epi li mete ajenou devan Jezi, li adore l. Konsa, Jezi di: “Mwen vini nan mond sa a pou m fè de gwoup moun: pou moun ki pa wè vin wè, epi pou moun ki wè vin avèg.” Kèk Farizyen te toupre a, lè Jezi te di sa a, epi yo tande. Lè sa a, yo di: “Sa li ye? Èske w vle di nou avèg tou?” Jezi di yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap anba kondanasyon peche. Men, nou di nou wè, se sa k fè nou koupab.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy