YouVersion Logo
Search Icon

Fil 2

2
Viv nan inite epi pran swen youn lòt
1Si nou vle ankouraje m nan Kris la, si nou vle fè m santi m byen, si nou vle fè yon sèl ak mwen nan menm Espri a, si nou vle montre afeksyon ak konpasyon youn pou lòt, 2n ap fè m santi m kontan anpil si nou gen menm objektif, menm lanmou, si n ap viv nan amoni youn ak lòt, si nou youn ini ak lòt toutbon vre. 3Pa fè anyen ak lògèy nan fè tèt nou pase pou pi bon pase lòt moun. Men se pou imilite nou fè n konsidere lòt moun pi enpòtan pase nou. 4Okenn moun pa ta dwe gade enterè pa l sèlman, men nou ta dwe panse ak enterè lòt moun tou.
Imite Kris pou n pa egoyis
5Men sa nou ta dwe genyen kòm objektif: Se pou nou sanble ak Kris nan jan n ap panse.
6Li menm ak Bondye yo egalego,
poutan, li pa t panse gade egalite li ak Bondye a
kòm yon avantaj pou l ta chache kenbe ak tout fòs li.
7Okontrè, li chwazi mete egalite sa a sou kote,
san moun pa fòse l,
li fè tèt li tounen yon sèvitè,
li vin tankou tout moun.
Lè l fin fè tèt li tounen
yon moun menm jan ak tout moun.
8Li chwazi soumèt li anba otorite Bondye,
li obeyi Bondye jouk nan lanmò li.
Se pa nenpòt kalite lanmò,
men se te lanmò sou yon kwa.
9Se sa ki fè, Bondye leve l mete nan plas ki pi wo a
epi li ba li non ki pi gran pase tout lòt non.
10Se poutèt sa, yon jou,
tout moun va mete ajenou devan l
lè yo va tande tit Jezi genyen
nan syèl la, sou tè a ak anba tè a.
11Yo tout va konfese: “Jezi se Senyè a,”
sa va fè Bondye Papa a jwenn anpil glwa.
Se pou nou jan Bondye vle nou ye a
12Zanmi m yo, nou toujou obeyi m nan sa m di nou lè mwen avèk nou. Kounye a mwen pa la, li pi enpòtan ankò pou nou fè sa m mande nou fè. Kontinye viv yon fason ki montre nou se moun sove vre. Fè sa ak anpil respè ak krentif pou Bondye. 13Paske se Bondye ki travay nan nou pou fè nou gen volonte epi se li menm ki fè sa li vle nou fè nan nou.
14Fè tou sa nou gen pou nou fè san nou pa ni plenyen ni babye. 15Fè sa pou nou ka pwòp, pou nou ka san repwòch, pou nou ka sanble pitit Bondye pèsonn pa ka akize pou di yo fè sa ki mal pandan y ap viv nan mitan yon jenerasyon moun ki kòwonpi epi ki pèvèti. Se pou nou klere nan mitan yo tankou limyè nan fènwa. 16Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.
17Menmsi m ta dwe bay lavi m sou yon lotèl, menmsi m ta dwe ofri sakrifis sèvis lafwa mwen mande bay Bondye, m ap kontan, kontan ak nou tout. 18Konsa tou, nou ta dwe kontan epi pataje lajwa nou avè m.
Enfòmasyon sou Timote ak Epafwodit
19Mwen espere ak benediksyon Jezi Senyè a, m va voye Timote ban nou tousuit pou m ka jwenn ankourajman, lè m pran nouvèl nou. 20Se li m ta vle voye, paske m pa gen okenn lòt moun ankò ki santi yo jan mwen santi m nan, epi ki fè sousi pou nou konsa. 21Paske tout lòt moun yo ap fè sousi pou pwòp tèt yo, se pa enterè Kris y ap chache. 22Nou konnen ki moun Timote ye byen. Li te fè ministè preche Levanjil avè m tankou yon pitit ta fè ak papa l. 23Konsa, mwen espere voye l ban nou tousuit lè m fin konnen kisa k pral rive m. 24Mwen menm tou, m kwè, ak sekou Senyè a, mwen p ap pran tan pou m rive al wè nou.
25Pou kounye a, mwen panse m dwe voye Epafwodit ban nou. Li se frè mwen, li se konpanyon mwen, yon sòlda menm jan ak mwen epi tou se li nou te delege pou ban m asistans nou lè mwen te nan bezwen. 26Mwen deside fè sa paske li te anvi wè nou tout. Sa te fè l tris anpil, lè l te aprann nou te konnen l malad. 27Se vre li te malad, li te menm prèske mouri. Men Bondye gen mizerikòd pou li. Se pa pou li sèlman, men pou mwen tou, kon sa pou m pa ta gen lapenn sou lapenn. 28Konsa, m ap voye l tounen ban nou ak anprèsman. Lè nou wè l, kè nou va kontan. Epi mwen p ap bay kò m traka ankò. 29Resevwa l byen nan Senyè a ak anpil jwa. Se moun tankou Epafwodit nou bezwen onore. 30Paske li manke mouri poutèt travay Kris la, epi li riske lavi l pou l ka ranplase nou nan rann mwen sèvis.

Currently Selected:

Fil 2: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy