YouVersion Logo
Search Icon

Mak 14:43-65

Mak 14:43-65 VKF

Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton. Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. Moun ki te avèk Jida yo met men sou li, yo arete l. Youn nan disip Jezi yo ki te kanpe tou pre, rale nepe l, li fè you kout nepe sou sèvitè gran chèf prèt la, li koupe zòrèy li. Lè sa a, Jezi reponn yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri. Te gen yon jenn gason ki t ap swiv li, li pa t gen anyen sou li, eksepte yon dra. Yo fè sa yo mete men sou li pou yo te arete l; Jenn gason an kite dra a nan men yo, epi li chape poul li toutouni. Yo mennen Jezi devan gran chèf prèt la. Epi yo rasanble tout chèf prèt yo, lidè pèp Juif la ak pwofesè lalwa yo. Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife. Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo fè touye l, men yo pa t jwenn anyen. Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt. Se kon sa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di: “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou. Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a, Pitit Bondye beni an?” Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.” Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.” Yo tout kondane li pou li mouri. Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy