YouVersion Logo
Search Icon

Mat 6

6
Jezi ap pale sou lè moun bay
1Fè atansyon, lè w ap fè sa ki byen, pou ou pa tonbe nan fè wè. Ou p ap jwenn okenn rekonpans nan men Papa ou ki nan syèl la si ou tonbe nan fè wè.
2Lè w bay pòv yon bagay, ou pa bezwen ap klewonen twonpèt pou moun ka wè w. Pa aji tankou ipokrit. Se kon sa yo fè l nan sinagòg yo ak nan lari a, pou yo ka resevwa louwanj nan men moun. Anverite, m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 3Men lè w ap bay pòv yon bagay, pa kite men gòch ou konnen sa men dwat ou ap fè. 4Konsa, sa w bay la ka fèt an sekrè. Papa ou ki nan syèl la, ki konnen tout sekrè, se li k ap ba w rekonpans ou merite a.
Jezi anseye kijan pou n lapriyè
(Lik 11:2-4)
5Lè ou ap priye pa fè tankou ipokrit yo. Yo renmen kanpe nan sinagòg ak nan kafou pou priye byen fò, paske yo bezwen lòt moun wè y ap priye. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 6Men ou menm lè ou ap priye antre nan chanm ou, fèmen pòt la. Apre sa, priye Papa w. Li menm ki konnen tout sekrè, l ap ba w rekonpans ou.
7Lè ou ap lapriyè, pa plede ap repete menm mo yo plizyè fwa menm jan ak moun ki pa konnen Bondye yo. Yo panse se afòs yo pale anpil yo va jwenn repons. 8Pa fè tankou moun ki pa konn Bondye yo, paske Papa w konnen sa w gen bezwen, anvan menm ou mande l. 9Men kijan ou dwe priye:
Papa nou ki nan syèl la,
se pou tout moun fè lwanj pou non ou ki sen.
10Vin tabli wayòm ou an.
Se pou volonte w fèt sou tè a menm jan ak nan syèl la.
11Ban nou jodi a jou manje nou bezwen pou chak jou.
12Padone peche nou yo
menm jan nou menm nou padone moun ki fè nou mal.
13Pa kite nou tonbe anba tantasyon,
men delivre nou anba mechan an.#6:13 mechan an Literalman, “sa ki mechan an”. Sa ta vle di “Mechan an (Satan)”, oubyen li ta kapab vle di “Move Je a”, se te yon fason yo te konn fè referans ak jalouzi oubyen vorasite, menm jan li ye nan vèsè 23. #6:13 Gen kèk kopi nan lang Grèk ajoute: “Paske wayòm nan se pou ou ak tout pouvwa ak tout glwa depi tout tan ak pou tout tan. Amèn.”
14Si nou padone lòt moun ki fè nou mal, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. 15Men si nou pa padone lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou nonplis.
Jezi ap pale sou lè moun ap jèn
16Lè nou ap fè jèn, pa fè figi nou long tankou ipokrit. Yo fè figi yo tris pou tout moun ka wè y ap jene. Anverite m ap di nou: yo jwenn rekonpans yo deja. 17Men nou menm, lè n ap jene, lave vizaj nou. Fè figi nou byen fre. 18Konsa, moun pa menm konnen si n ap fè jèn, men Papa nou ki nan syèl la, ki konnen tout ti sekrè, li va ban nou rekonpans nou.
Nou pa ka sèvi de (2) mèt alafwa
(Lik 12:33-34; 11:34-36; 16:13)
19Pa chita ap rasanble richès isit sou latè. Mit ap pike yo. Lawouy#6:19 Lawouy Oubyen “tèmit”. Gade nan vèsè 20 an tou. ap detwi yo. Vòlè ap kase kay ou pran yo. 20Ranmase richès nan syèl la pito, kote ki pa gen ni mit, ni wouy, ni vòlè k ap kase kay moun. 21Kote richès ou ye, se la kè w ap ye tou.
22Se je yon moun ki sèvi kòm sèl sous limyè#6:22 Se je yon moun … sous limyè Zye w reprezante jan w gade moun. Jan w konsidere moun montre tou ki kalite moun ou ye. pou rès kò a. Si ou gade lòt moun avèk yon je jenere, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak limyè. 23Men, si ou gade moun ak move je, y ap wè ou se yon moun ki ranpli ak fènwa. Epi si limyè a plonje nan fènwa, pa gen anyen ki ka retire l.
24Pèsonn pa ka janm sèvi de mèt alafwa. Se oubyen li rayi youn epi li renmen lòt la. L ap sèvi youn byen epi l ap meprize lòt la. Li pa posib pou nou sèvi Bondye ak richès#6:24 richès Oubyen “mamon”. Se yon mo arameyen ki vle di “lajan” osinon “richès”. anmenmtan.
Mete Wayòm Bondye a anvan tout bagay
(Lik 12:22-34)
25Se poutèt sa mwen di nou: Pa bay kò nou traka pou kisa n ap manje, osinon ki kote n ap jwenn rad pou n met sou nou. Èske lavi pa gen plis valè pase manje? Èske kò a pa gen plis valè pase rad? 26Gade zwazo yo k ap vole, yo pa simen, yo pa rekòlte, yo pa gen depo manje. Epoutan, Papa nou ki nan syèl la ba yo manje pou yo manje. Èske nou pa gen plis valè pase zwazo yo? 27Kilès nan nou ki ka ajoute menm yon sèl èdtan sou lavi li afòs li bay tèt li traka pou sa?
28Poukisa n ap bay tèt nou traka kon sa pou rad? Gade jan flè ki nan raje yo grandi. Yo pa travay, yo pa koud rad. 29M ap di nou sa, menm wa Salomon, nan tout laglwa li, li pa t abiye bèl tankou youn nan flè sa yo. 30E si zèb nan jaden jodi a, zèb yo pral boule nan dife demen, Bondye pran tan pou l abiye yo si bèl, e nou menm atò? Ala piti lafwa nou piti!
31Pa kòmanse ap chaje tèt nou sou kisa n pral manje, kisa n pral bwè, oswa kisa n pral met sou nou. 32Se moun ki pa konnen Bondye ki toujou ap kouri dèyè bagay sa yo. Papa nou ki nan syèl la deja konnen nou bezwen tout bagay sa yo. 33Konsa, wayòm Bondye a ak jan l mande pou nou viv dwe gen premye plas nan kè nou. Bondye ap ban nou tout lòt sa nou bezwen kòm degi. 34Konsa, pa chaje tèt nou jodi a ak bagay ki gen pou rive demen. Demen gen pwòp chay pa l. Chak jou vin ak lo tèt chaje pa l.

Currently Selected:

Mat 6: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy