YouVersion Logo
Search Icon

Mat 5

5
Jezi t ap anseye pèp la
(Lik 6:20-23)
1Lè Jezi wè foul la, li monte sou yon mòn, li chita. Disip yo te pwoche bò kote li. 2Epi Jezi te kòmanse anseye pèp la. Li di yo:
3“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen,
paske wayòm syèl la se pou yo.
4Benediksyon pou moun
ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo.
5Benediksyon pou moun ki desann tèt yo,
paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la.#5:5 paske y a … pwomèt la Se sa pawòl sa a vle di nan Sòm 37:11. Lòt posibilite tradiksyon an se: “latè se pou yo li ye”.
6Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen,#5:6 moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen Literalman, “moun ki grangou ak swaf jistis.”
paske y ap jwenn satisfaksyon.
7Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun,
Bondye ap gen konpasyon pou yo tou.
8Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp,
yo gen pou yo wè Bondye.
9Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè
y a rele yo pitit Bondye.
10Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat
paske wayòm syèl la se pou yo li ye.
11Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen. 12Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo.
Sèl ak limyè latè
(Mak 9:50; 4:21; Lik 14:34-35; 8:16)
13Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l.
14Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l. 15Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la. 16Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.
Jezi ap pale de lalwa Moyiz la
17Pa mete nan tèt nou mwen vini pou m detwi lalwa Moyiz la, oubyen sa pwofèt yo te ekri. Mwen pa vini pou m detwi yo. Okontrè mwen vini pou fè moun konprann yo pi byen. 18Anverite m ap di nou: toutotan syèl la ak tè egziste, pa gen anyen k ap soti nan lalwa Moyiz la, pa menm yon i, ni ti pwen sou tèt yon i, jouktan tout bagay ki te prevwa nan lalwa a rive nan bout yo.
19Se poutèt sa, obeyi tout kòmandman lalwa yo, menm sa ki parèt yo pa gen gwo enpòtans. Nenpòt moun ki refize obeyi youn nan kòmandman yo oswa ki anseye lòt moun pou dezobeyi yo, y a konsidere l kòm moun ki piti nan wayòm Bondye a. Men nenpòt moun ki obeyi kòmandman yo, epi ki anseye lòt moun pou yo fè menm bagay la tou, y a konsidere l kòm gwo zotobre nan wayòm Bondye a. 20Mwen pa kache di nou: si nou pa pi fidèl nan fè sa Bondye mande pase Eskrib yo ak Farizyen yo, nou p ap antre nan wayòm Bondye a.
Jezi anseye konsènan kòlè
21Nou tande yo te di zansèt nou yo piga yo touye moun#Egz 20:13; Det 5:17., paske nenpòt moun ki touye moun Bondye ap jije yo. 22Men mwen m ap di nou nenpòt moun ki ankòlè kont yon lòt ap pase nan jijman. Nenpòt moun ki derespekte yon lòt ap gen pou pase devan tribinal. Nenpòt moun ki joure yon lòt moun moun fou, li pral jije nan dife lanfè.
23Konsa, si ou gen yon ofrann pou ou bay, epi lè ou rive devan lotèl, ou sonje ou gen yon moun ki gen pwoblèm avè w, 24depoze ofrann nan yon kote, ale fè lapè ak moun ou gen pwoblèm nan. Apre sa, wa retounen vin bay ofrann nan.
25Si yon moun vle fè w pwosè, antann ou avè l depi anvan nou rive nan tribinal la. Si ou pa fè sa, lènmi w lan ap trennen w devan jij, jij la ap fè yon sòlda pran w, epi sòlda a ap fèmen w nan prizon. 26Anverite, m ap di ou, yo p ap lage w jouktan w fin peye tout dèt la.
Jezi pale konsènan peche seksyèl
27Nou te konn tande yo di: Piga nou fè adiltè,#Egz 20:14; Det 5:18. 28men mwen m ap di nou: nenpòt moun ki gade yon fi epi ki gen tan wè sa l ta fè avè l, li gentan komèt adiltè nan kè l. 29Si se je dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pèdi yon pati nan kò w, olye se tout kò a ki al boule nan lanfè. 30Si se men dwat ou k ap lakoz ou tonbe nan peche, koupe l voye l jete. Li ta pi bon pou ou pou pèdi yon pati nan kò w olye se tout kò l ki al boule nan lanfè.
Jezi pale sou kesyon divòs
(Mat 19:9; Mak 10:11-12; Lik 16:18)
31Nou te konn tande yo di tou: Nenpòt moun ki vle divòse ak madanm li, se pou l fè sèten li ba li yon papye divòs.#Det 24:1. 32Men mwen menm, m ap di nou: nenpòt moun ki divòse ak madanm li ap lakoz li komèt adiltè, eksepte si madanm li te gentan tonbe ak yon lòt moun. Nenpòt moun ki marye ak yon fi ki divòse komèt adiltè.
Jezi pale sou koze fè pwomès
33Nou tande yo te di zansèt nou yo: pa kraze pwomès yo te fè sèman pou yo kenbe. Men yo dwe toujou kenbe pwomès yo te gen ak Bondye.#5:33 Gade nan Egz 19:21; Nb 30:2; Det 23:21. 34Men mwen, m ap di nou: piga nou fè sèman. Pa sèvi ak syèl la pou fè sèman, paske syèl la se twòn Bondye. 35Pa sèvi ak tè a pou fè sèman, paske latè se tapi pye Bondye. Pa sèvi ak lavil Jerizalèm pou fè sèman paske se lavil gran Wa a. 36Pa fè sèman sou tèt ou paske ou pa gen okenn pouvwa pou deside si yon pye cheve nan tèt ou ap gen koulè blan oswa nwa. 37Lè se wi ou vle di, annik di wi. Lè se non ou vle di, annik di non. Nenpòt ti diplis ou ajoute se pawòl dyab la.
Jezi ap pale sou kesyon konfli
(Lik 6:29-30)
38Nou te konn tande yo di: grenn je pou grenn je, grenn dan pou grenn dan.#Egz 21:24; Lev 24:20; Det 19:21. 39Men mwen m ap di nou: pa kenbe tèt ak mechan an. Okontrè, si yon moun ba w yon souflèt sou bò dwat, vire bò gòch ba li tou. 40Si yon moun vle trennen w nan leta pou l ka pran chemiz ou, kite l pran vès la tou. 41Si yon sòlda vle fòse w fè yon kilomèt#5:41 yon kilomèt Literalman, “yon milyon”. pou ede l pote chay li, fè de avè l. 42Si yon moun mande w yon bagay ba li l. Si yon moun vle prete nan men w, pa vire do ba li.
Renmen lènmi ou
(Lik 6:27-28, 32-36)
43Nou te konn tande yo di: Renmen zanmi w, rayi moun ki lènmi w.#Lev 19:18. 44Men, mwen m ap di nou: renmen lènmi nou yo, priye pou moun k ap pèsekite nou. 45Konsa, n a vin sanble toutbon ak pitit papa nou ki nan syèl la. Li fè solèy leve ni sou mechan yo ni sou moun ki gen bon kè. Li voye lapli ni pou moun ki fè byen ni pou moun ki fè mal. 46Si se sèlman moun ki renmen w ou renmen, ki rekonpans w ap tann ankò? Ata pèseptè kontribisyon yo fè ti sa a. 47Si se sèlman zanmi w ou di bonjou, ou pa fè anyen ekstraòdinè. Èske se pa menm bagay la payen yo fè tou? 48Konsa, men sa m ap di ou: bonte#5:48 bonte Literalman, “pafè”. Isit la, sa vle di “ki fin devlope nèt”, se yon deskripsyon kalite lanmou pitit yo dwe aprann nan Papa a. ou pa dwe gen limit, menm jan bonte papa nou ki nan syèl la pa gen limit.

Currently Selected:

Mat 5: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy