YouVersion Logo
Search Icon

Mak 11

11
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mat 21:1-11; Lik 19:28-40; Jan 12:12-19)
1Lè Jezi ak disip li yo te prèske rive Jerizalèm, toupre Bètfaje ak Betani, sou Mòn Olivye a, li voye de nan yo. 2Li di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an. Lè nou rive, n a jwenn yon jenn bourik ki mare. Pèsonn moun poko janm monte li. Demare l, mennen l ban mwen. 3Si nenpòt moun ta mande nou sa n ap fè konsa? Reponn li konsa: Mèt la bezwen prete l. L ap voye l retounen tousuit.”
4Disip yo ale, yo jwenn yon jenn ti bourik mare bò wout la toupre yon pòtay. Yo lage li. 5Kèk moun ki te kanpe la di yo: “Kisa n ap fè konsa, poukisa n ap lage bourik la?” 6Yo reponn yo jan Jezi te di yo a, epi moun yo kite yo ale.
7Yo mennen bourik la bay Jezi. Yo mete rad yo sou do li epi Jezi monte l. 8Anpil moun te tann rad yo sou wout la. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete sou wout la. 9Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj#11:9 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize, lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè lwanj pou Bondye oubyen Mesi li a. pou Sovè a!
Benediksyon pou sila ki vini nan non Senyè a!#Sòm 118:25-26.
10Viv wayòm k ap vini an,
wayòm papa nou David.
Lwanj pou Bondye ki nan syèl la.”
11Jezi antre nan lavil Jerizalèm, epi l ale nan tanp lan. Li gade tout bagay toutotou li nan tanp la, men kòm li te gen tan fin ta, l ale Betani avèk douz disip li yo.
Jezi modi yon pye fig
(Mat 21:18-19)
12Nan demen, etan yo t ap kite Betani, Jezi te santi l grangou. 13Li wè yon pye fig pa twò lwen ki te chaje fèy, li avanse pou l wè si l ta jwenn kichòy sou li. Men lè l rive, li pa jwenn fig, se fèy sèlman li jwenn, paske se pa t sezon fig. 14Lè sa a, Jezi pale ak pye fig la, li di: “Pèsonn moun p ap janm manje fig nan ou ankò.” Disip li yo t ap eseye konprann sa l t ap di a.
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mat 21:12-17; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)
15Apre sa, yo antre lavil Jerizalèm. Jezi antre nan tanp lan epi Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 16Li pa t pèmèt pèsonn moun pote anyen nan tanp lan. 17Li t ap anseye yo: “Èske sa pa ekri nan Bib la: Yo va rele kay mwen an mezon lapriyè kote moun tout nasyon ka priye m?#Eza 56:7. Men nou, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”#Jer 7:11.
18Lè chèf prèt yo ak doktè lalwa yo tande pawòl sa yo, yo kòmanse ap chache yon okazyon pou yo touye Jezi. Yo te pè li, paske tout pèp la te etone pou wè jan l t ap anseye. 19Nan aswè, Jezi ak disip li yo te kite vil la.
Jezi montre puisans lafwa
(Mat 21:20-22)
20Nan demen maten, pandan yo t ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig la sèk jouk nan rasin. 21Pyè vin sonje sa k te pase a, li di Jezi: “Mèt gade pye fig ou te modi a sèk.”
22Jezi di yo: “Fè Bondye konfyans.” 23An verite m ap di nou: “Si yon moun di mòn sa a, retire kò w la, al jete tèt ou nan lanmè, si l pa gen dout nan kè l, men si l kwè sa l di a, sa gen pou rive toutbon vre. 24Se poutèt sa m ap di nou, kèlkeswa sa nou mande nan lapriyè, kwè nou gen tan jwenn li, epi n ap jwenn li. 25Lè nou ap priye, si nou gen yon bagay nan kè nou kont yon moun, padone l, kon sa Papa nou ki nan syèl la ap padone peche nou yo.” 26#11:26 Kèk ansyen kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 26 la: “Men si nou pa padone lòt moun, Papa nou ki nan syèl la p ap padone nou peche nou non plis.”
Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout
(Mat 21:23-27; Lik 20:1-8)
27Jezi ak disip li yo retounen lavil Jerizalèm. Pandan li t ap mache nan lakou tanp lan, chèf prèt yo, doktè lalwa yo ak ansyen yo vin kote l. 28Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”
29Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 30Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”
31Lè sa a, youn t ap di lòt: “Si nou reponn, batèm jan an soti nan Bondye, l ap mande nou, poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a, 32Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, lè sa a pèp la pral lage nan kò nou.” (Lidè Juif yo te pè pèp la paske pèp la te kwè Jan te yon pwofèt.)
33Lè sa a yo reponn Jezi: “Nou pa konnen.”
Jezi di yo: “Mwen non plis, m p ap di nou ak ki otorite m ap fè bagay sa yo.”

Currently Selected:

Mak 11: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy