YouVersion Logo
Search Icon

Mat 21

21
Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa
(Mak 11:1-11; Lik 19:28-38; Jan 12:12-19)
1Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. 2Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. 3Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.”
4Tout sa rive kon sa pou konfime pwofesi a:
5“Fè anons lan pase nan Siyon:#21:5 Siyon Vil Jerizalèm bati sou yon mòn. Siyon se pati sid mòn sa a. Gen defwa Bib la pale de Siyon pou pale de vil Jerusalem, pèp Bondye a k ap viv Jerizalèm, oswa tanp la.
men Wa w la ap vini.
Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik.
Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.”#Zak 9:9.
6Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. 7Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, kon sa Jezi chita sou yo. 8Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. 9Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di:
“Louwanj#21:9 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè louwanj pou Bondye oubyen pou Mesi li a. pou Pitit David la!
Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a!#Sòm 118:26.
Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!”
10Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?”
11Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.”
Jezi mete lòd nan tanp lan
(Mak 11:15-19; Lik 19:45-48; Jan 2:13-22)
12Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. 13Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè.#Eza 56:7. Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.”#Jer 7:11.
14Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. 15Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi:
16“Èske w tande sa timoun yo ap di la a?”
Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di:
Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou
yo fè louanj ou.#Sòm 8:2 (Vèsyon Grèk la).
Èske w pa li sa nan Bib la?”
17Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la.
Jezi modi yon pye fig
(Mak 11:12-14, 20-24)
18Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou. 19Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèk.
20Disip Jezi yo te sezi pou wè sa k pase a. Yo mande Jezi: “Ki jan pye fig la fè sèk vit konsa?”
21Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. 22Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”
Lidè Jwif yo mete otorite Jezi an dout
(Mak 11:27-33; Lik 20:1-8)
23Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?”
24Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. 25Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?”
Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? 26Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.”
27Konsa yo di Jezi: “Nou pa konnen ki kote l soti.” Jezi di yo:
“Si se konsa, mwen menm tou, mwen p ap di nou kilès ki ban m otorite pou m fè sa m fè yo.”
Parabòl de pitit gason yo
28“Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a.
29Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an.
30Papa a ale bò kote pi jèn nan, li di l menm bagay. Pi jèn nan reponn: Wi papa, pou touswit! Men li pa mete pye nan jaden an.
31Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?”
Yo reponn li: “Pi gran an!”
Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a. 32Mwen di sa, paske Janbatis vin anonse nou kijan pou nou viv nan yon fason ki dwat, men nou pa fè ka de li, epi pèseptè kontribisyon ak moun movèz vi yo te kwè nan mesaj la. Menm apre nou fin wè sa, nou pa montre okenn siy repantans ni nou pa kwè.”
Jezi bay yon istwa sou yon jaden rezen
(Mak 12:1-12; Lik 20:9-19)
33“Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj. 34Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li.
35Men moun ki t ap jere yo mete men sou sèvitè yo, yo bat youn, yo touye youn, yo lapide yon lòt jouktan l mouri. 36Mèt jaden an voye plis sèvitè pase premye fwa a, moun ki t ap jere yo fè menm jan ak premye fwa a. 37Apre sa, mèt jaden deside pou l voye pwòp pitit gason li. Li di nan kè l: siman y a gen plis respè pou pitit gason m nan.
38Men lè moun ki t ap jere yo wè se pitit mèt jaden an k ap vini, youn di lòt: Men eritye a ap vin jwenn nou. An nou touye li, kon sa eritaj la ap rete pou nou. 39Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l.
40Donk, lè mèt jaden an vini, kisa nou panse l ap fè ak moun ki t ap jere yo?”
41Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.”
42Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja:
Wòch bòs mason yo te refize sèvi a
vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la.
Se Bondye ki te fè sa!
Se yon mèvèy pou nou wè sa!#Sòm 118:22-23.
43Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a. 44Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.”#21:44 Kèk kopi nan lang Grèk pa gen vèsè 44.
45Lè chèf prèt yo ak Farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se avèk yo Jezi ap pale. 46Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.

Currently Selected:

Mat 21: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy