YouVersion Logo
Search Icon

Mat 15

15
Lalwa Bondye fas ak tradisyon yo
(Mak 7:1-23)
1Apre sa, kèk farizyen ak pwofesè lalwa ki te soti Jerizalèm te pwoche bò kot Jezi pou poze l yon kesyon. 2Yo mande Jezi: “Poukisa disip ou yo pa respekte tradisyon granmoun lontan yo? Yo pa lave men yo anvan yo manje!”
3Jezi reponn yo: “E nou menm, poukisa nou dezobeyi pawòl Bondye pou nou ka swiv koutim ki fè nou plezi yo? 4Bondye di: Onore papa nou ak manman nou.#Egz 20:12; Det 5:16. Epi Nenpòt moun ki derespekte manman l ak papa l merite lanmò.#Egz 21:17. 5Konsa, nou di moun yo pa bezwen fè anyen pou papa yo ak manman yo, si yo bay lajan nan tanp lan, 6li pa gen okenn obligasyon pou ede paran l yo. Konsa tradisyon nou yo vin pi enpòtan pase pawòl Bondye. 7Bann ipokrit! Li parèt aklè pou tout moun Ezayi te gen rezon lè l di:
8Moun yo ap fè lwanj pou mwen ak bouch yo,
men kè yo lwen mwen.
9Adorasyon yo ban mwen pa gen okenn valè,
paske se kòmandman pa yo y ap anseye.”#Eza 29:13.
10Jezi pale ak foul moun yo epi li di yo: “Louvri zòrèy nou byen pou n ka tande epi konprann sa m pral di nou an: 11Se pa sa k ap antre nan bouch yon nonm ki fè l diskalifye pou adore Bondye, men se sa k ap sòti nan bouch li.”
12Apre sa disip Jezi yo pwoche bò kote li, epi yo di l: “Èske ou reyalize sa w di a pa fè pwofesè lalwa yo ak farizyen yo fache anpil?”
13Jezi reponn yo: “Si se pa Papa m ki nan syèl la ki plante yon plant, menm rasin li p ap ka ret anba tè. 14Kouri lwen Farizyen yo! Yo pran pòz lidè yo, men yo tankou avèg k ap kondui avèg. Si yon moun avèg ap mennen yon lòt avèg, yo pa lwen tonbe nan yon menm twou.”
15Apre sa, Pyè di Jezi: “Èske w ka ban nou plis eksplikasyon sou konparezon w sot fè a?”
16Jezi di yo: “Menm nou menm tou, nou pa konprann? 17Nou pa konprann, tout sa ki antre nan bouch desann nan vant. Epi apre sa, nou jete l nan latrin? 18Men sa k sot nan bouch se nan kè li sòti. Se sa ki sal yon moun. 19Se nan kè move panse soti. Se nan move panse ak tout lòt bagay yo ye, tankou touye moun, adiltè, fònikasyon, vòlè, bay manti, tripotay. 20Se bagay sa yo ki sal moun. Men manje san lave men pa sal yon moun.”
Jezi ede yon madanm ki pa t Jwif
(Mak 7:24-30)
21Jezi kite zòn kote l te ye a pou l ale nan zòn Tir ak Sidon. 22Yon dam moun peyi Kanaran, ki t ap viv nan zòn lan, te vin kote Jezi. Li t ap rele Jezi avèk yon vwa byen fò: “Senyè, Pitit David la, ede m non! Pitit fi m lan gen yon demon sou li k ap fè l soufri anpil.”
23Men Jezi bay dam nan bèl vag. Lè disip yo wè sa, yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: “Tanpri, fè yon bagay pou li pou n ka debarase avè l! Nou bouke tande vwa l, epi kote nou fè li fè dèyè nou!”
24Jezi reponn yo: “Misyon m limite. Bondye voye m sèlman pou moun pèp Izrayèl yo ki tankou mouton ki pèdi patiray.”
25Lè sa a, dam nan pwoche pi pre Jezi, li lage kò l atè nan pye li, epi l di: “Tanpri Senyè, ede m!”
26Jezi reponn li: “Li pa bon pou pran manje ti moun yo voye bay chyen!”
27Dam lan reponn: “Senyè, ou gen rezon! Men, chyen yo ki anba tab la, konn manje ti moso manje ti moun yo ki tonbe atè sot sou tab mèt yo.”
28Jezi di dam nan: “Madanm, ou gen yon lafwa ki san parèy! Se pou sa w mande a rive jan w swete l la!” Menm lè a, pitit fi dam nan te geri.
Jezi geri anpil moun
29Jezi kite kote l te ye a, li ale bò lak Galile a. Li monte sou yon mòn, li chita pou l te kapab anseye.
30Yon gwo foul moun te reyini. Nan mitan foul la, te gen moun ki bwate, moun ki avèg, moun ki enfim, moun ki bèbè, ak tout lòt kalite maladi. Yo te depoze yo nan pye Jezi. Li te geri tout, san manke youn. 31Moun ki te la yo te sezi anpil lè yo wè bèbè yo pale, enfim yo geri, bwate yo ap mache dwat, avèg yo wè. Lè sa a, yo pran fè louanj Bondye pèp Izrayèl la.
Jezi bay plis pase 4,000 moun manje
(Mak 8:1-10)
32Jezi rele disip li yo, epi l di yo: “Mwen santi kè m fè m mal pou moun yo. Sa fè twa jou depi yo la avè m, epi kounye a yo pa gen anyen pou yo manje. Mwen pa vle voye yo ale konsa, pou yo pa tonbe feblès nan wout.”
33Disip Jezi yo di l: “Kote nou pral jwenn pen achte nan peyi pèdi sa a pou n bay tout kantite moun sa yo manje?”
34Jezi mande yo: “Konbyen pen nou genyen?” Yo di li: “Nou gen sèt pen ak kèk ti pwason.”
35Jezi mande moun yo pou yo chita atè a. 36Apre sa, li pran sèt pen yo, ak ti pwason yo. Li di Bondye mèsi. Li kase yo, epi li bay disip li yo pou y al distribye bay moun yo. 37Tout moun yo te manje vant deboutonnen. Lè disip yo ranmase moso moun yo pa t ka manje ankò, yo jwenn sèt panye plen rabouch. 38Te gen 4,000 moun ki te manje jou sa a, san konte medam yo ak ti moun yo. 39Apre Jezi fin voye tout moun ale, li monte nan yon bato pou l ale nan zòn Magadan.

Currently Selected:

Mat 15: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy