YouVersion Logo
Search Icon

Mat 12

12
Jezi se mèt jou repo a
(Mak 2:23-28; Lik 6:1-5)
1Nan menm peryòd la, Jezi ak disip li yo t ap travèse yon jaden ble nan jou saba. Disip yo te grangou. Yo rape kèk grap ble, epi yo manje grenn ble yo. 2Men lè Farizyen yo wè sa, yo di Jezi: “Atansyon! Apa disip ou yo ap fè bagay lalwa pa pèmèt nan jou repo a.”
3Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? 4Li te antre nan tanp Bondye a. Li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje ansanm ak mesye ki te avè l yo. Se sèlman sakrifikatè yo ki te gen dwa manje pen sa yo. 5Èske nou pa janm li lalwa Moyiz la ki di chak jou repo prèt yo k ap fè sèvis nan tanp la vyole lalwa jou repo a? Poutan yo pa koupab. 6Kite m di nou franchman, gen yon bagay la ki gen plis valè menm pase tanp la. 7Bondye di nan Bib la: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo.#Oze 6:6. Si nou byen konprann pawòl sa a, nou p ap kouri kondane moun ki inosan.
8Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.”
Jezi geri yon nonm yon jou repo
(Mak 3:1-6; Lik 6:6-11)
9Apre sa Jezi antre nan youn nan sinagòg Juif yo. 10Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a?”
11Jezi reponn yo: “Kilès pami nou, si l gen yon mouton ki tonbe nan yon pi nan jou repo a, ki p ap rale l met deyò? 12Mwen sèten yon moun gen plis valè pase yon mouton. Konsa, lalwa pèmèt moun fè sa ki byen nan jou repo a.”
13Apre sa Jezi di nonm ki te gen men pòk la: “Lonje men w!” Nonm nan lonje men li, epi men pòk la te vini menm jan ak bon men an. 14Apre sa, Farizyen yo leve y ale, epi yo t ap fè plan pou wè kijan ki pi fasil pou yo touye Jezi.
Jezi se moun Bondye chwazi a
15Men Jezi te konnen ki plan Farizyen yo te gen pou li. Konsa li kite zòn nan ak yon foul moun ki t ap swiv li. Li geri tout malad ki te la. 16Men Jezi pale avèk yo pou yo pa di ki moun Jezi ye. 17Tout sa pase kon sa pou konfime pwofesi pwofèt Ezayi a:
18“Men sèvitè mwen an,
moun mwen chwazi a,
moun mwen renmen anpil la,
moun ki fè kè m kontan anpil la.
M ap ranpli l ak Sentespri m.
Se li k ap tabli jistis nan mitan pèp yo.
19Li p ap nan fè diskisyon ni pale fò,
li p ap nan fè gwo bri ni gwo diskou nan lari.
20Li p ap kraze menm yon pye zèb.
Li p ap etenn menm lanp ki prèske mouri.
L ap kenbe fèm jouktan lajistis gen viktwa.
21Tout pèp sou latè ap mete espwa sou li.”#Eza 42:1-4.
Puisans Jezi soti nan Bondye
(Mak 3:20-30; Lik 11:14-23; 12:10)
22Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale. 23Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.”
24Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan#12:24 Satan Literalman, “Bèlzebil” ki chèf tout demon yo. ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.”
25Jezi ki te konnen sa ki t ap pase nan tèt yo te pale konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. 26Si Satan ap chase satan, se ak pwòp tèt li l ap goumen. Si se konsa, kijan pou wayòm li fè kontinye kanpe? 27Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. 28Men okontrè, si se pouvwa Lespri Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye a deja tabli pami nou. 29Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. Lè vòlè a fin mare l, l ap ka kòmanse vòlè atò. 30Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye.
31Konsa, m ap di kèlkeswa peche yon moun fè l ap jwenn padon pou li, men kanta moun ki pale Sentespri a mal, pa gen padon pou yo. 32Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo.
Aksyon w montre kilès ou ye
(Lik 6:43-45)
33Bon pyebwa bay bon fwi. Yon move pyebwa ap bay move fwi. Se sou fwi pyebwa ou ap rekonèt si l bon ak si l pa bon. 34Bann ras vipè! Se fè mal ase nou pwòp! Èske nou t ap janm di bon bagay? Se pawòl yon moun ki fè w konnen sa k nan kè l. 35Yon bon moun ka di bon bagay paske gen bon bagay ki sere nan kè l. Yon move moun se mechanste ase ki nan kè l. Se sa k fè li di move bagay. 36Men tande sa m ap di nou: nan jou jijman an, lèzòm gen pou yo rann kont sou tout pawòl san fondman ki te soti nan bouch yo. 37Nan jou sa a, se sou pawòl ou ki pral detèmine si w koupab oswa si w inosan.”
Kèk moun gen dout sou otorite Jezi
(Mak 8:11-12; Lik 11:29-32)
38Apre sa kèk pwofesè lalwa ak kèk Farizyen di Jezi: “Mèt, nou ta renmen wè ou fè yon mirak ki ka sèvi prèv Bondye avè w toutbon.”
39Men Jezi reponn yo: “Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas#12:39 Jonas Yon pwofèt nan Ansyen Testaman an. Apre l fin pase twa jou anndan yon gwo pwason, li soti deyò vivan. Lè sa a, li pati ale nan lavil Niniv pou l te pote yon avètisman Bondye te ba li pou bay yo. Menm jan an tou, Jezi te gen pou l soti nan tonbo a vivan nan twazyèm jou a, sete you siy pou pwouve mesaje li te soti vrèman vre de Bondye. la. 40Menm jan Jonas te pase twa jou ak twa nuit nan vant gwo pwason an se menm jan Pitit Lòm nan gen pou pase twa jou ak twa nuit nan vant latè. 41Nan jou jijman an, pèp Niniv la ap kanpe kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske yo menm yo te repanti lè yo te tande mesaj Jonas la. Men nou menm, nou refize repanti, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Jonas.
42Nan jou jijman an, rèn ki te sòti nannsid la#12:42 rèn ki te sòti nannsid la Oubyen “rèn Cheba”. Li te vwayaje sou yon distans 1,600 km pou l te vin Jerizalèm tande sajès Bondye nan bouch Salomon. Gade nan 1 Wa 10:1-13. ap leve kòm temwen pou kondane jenerasyon jodi a, paske li te sòti jouk nan dènye bout latè pou l te ka tande ansèyman sajès Salomon yo. Men nou menm, nou refize koute, epi moun ki devan nou an pi enpòtan pase Salomon.”
Danje lè w rete vid
(Lik 11:24-26)
43Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, 44li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje, men li toujou vid. 45Lè sa a, li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Se menm bagay la ki gen pou rive jenerasyon jodi a k ap pratike mechanste.
Se disip Jezi ki vrè fanmi li
(Mak 3:31-35; Lik 8:19-21)
46Pandan Jezi t ap pale ak foul moun yo, manman l ak frè l yo te vin parèt. Yo te vle pale avè l. 47Yon moun vin di Jezi: “Men manman w ak frè w yo ap mande pou ou deyò a. Yo vle pale avè w.”
48Jezi reponn li: “Ki lès ki manman m? Ki lès ki frè m?” 49Apre sa, li lonje dwèt sou disip li yo epi li di: “Men manman m ak frè m? 50Wi, moun ki frè m sè m oswa manman m, se sila yo ki fè volonte Papa m ki nan syèl la.”

Currently Selected:

Mat 12: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy