YouVersion Logo
Search Icon

Lik 24:36-53

Lik 24:36-53 VKF

Etan de mesye yo ap rakonte disip yo sa k te pase yo, Jezi parèt, li kanpe nan mitan yo tout epi li di: “Lapè avèk nou!” Tout moun yo te pran tranble tèlman yo te pè. Yo te panse se yon zonbi yo te wè a. Men Jezi di yo: “Pouki sa nou twouble kon sa a? Pouki sa tout dout sa yo leve nan kè nou? Gade men m yo ak pye m yo. Se mwen menm. Touche m pou nou wè. Yon zonbi pa gen vyann ak zo jan nou wè m genyen an.” Etan l t ap di sa a, Jezi montre disip yo men l yo ak pye l yo. Disip yo te sezi epi yo te kontan pou wè Jezi. Men, malgre sa, Jezi te wè yo pa t ka kwè toujou, li di yo: “Èske nou gen manje la a?” Yo ba l yon moso pwason boukannen. Li pran moso pwason an, li manje l devan yo tout. Apre sa, li di yo: “Bagay sa yo se sa m te di nou lè m te toujou la ansanm ak nou an? Mwen te di nou tout sa ki ekri sou mwen nan lalwa Moyiz la, nan liv pwofèt yo ak nan Sòm yo, dwe rive vre.” Apre sa, Jezi ede disip yo konprann sa ki ekri sou li nan Bib la. Epi li di yo: “Men sa ki te ekri: Kris la gen pou l soufri jouk li mouri men, sou twazyèm jou a l ap resisite pami mò yo. Nou te wè tout bagay sa yo rive nou ka sèvi temwen. Se pou n al di tout pèp yo pou yo chanje lavi yo epi tounen vin jwenn Bondye, kon sa y a jwenn padon pou peche yo. Se pou nou kòmanse nan Jerizalèm, pou n bay mesaj sa a nan non mwen ak tout pèp, tout nasyon. Mwen menm, mwen pral voye ban nou sa papa m te pwomèt la. Men nou menm, se pou n rete la nan vil Jerizalèm jouktan nou resevwa puisans k ap soti anwo nan syèl la.” Apre sa, Jezi kondi disip li yo deyò lavil la, jouk rive Betani. Li leve men l, li beni yo. Etan l ap beni disip yo, li kite yo, epi li monte nan syèl la. Yo adore li, apre sa yo retounen lavil Jerizalèm ak anpil kè kontan. Disip yo pase tout tan yo nan tanp lan ap fè lwanj pou Bondye.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy