YouVersion Logo
Search Icon

Lik 24:1-35

Lik 24:1-35 VKF

Byen bonè nan dimanch maten, medam yo vini nan tonbo kote kò Jezi te antere a. Yo vini avèk lwil santi bon yo te prepare a. Lè yo rive, yo jwenn wòch ki te fèmen bouch kavo a te deplase. Yo antre anndan kavo a, men yo pa t jwenn kò Senyè Jezi. Medam yo potko konprann sa k pase a, la menm, de mesye abiye ak rad byen klere parèt sou yo. Medam yo te vin pè anpil epi yo bese tèt yo atè. Lè sa a, de mesye yo di yo: “Pouki sa n ap chache moun ki vivan an pami moun mouri yo? Li pa isit la. Li resisite. Sonje sa l te di nou lè l te nan Galile. Li te di: Yo gen pou yo lage Pitit Lòm nan nan men moun k ap viv nan peche yo. Y ap klouwe l sou yon kwa pou l mouri, men sou twa (3) jou, l ap resisite ankò.” Lè yo tande sa, yo vin sonje pawòl Jezi te di yo a. Medam yo kite kavo a, y al rakonte onz (11) apot yo ansanm ak tout lòt moun yo ki te la ak yo tout sa k te pase. Se te Mari, moun Magdala a, Jàn, Mari, manman Jak, ansanm ak yon ekip lòt medam ki t al nan kavo a. Yo rakonte apot yo tout sa k te pase. Men, apot yo te pran sa medam yo t ap di yo a pou pawòl ki pa gen sans. Yo pa t vle kwè medam yo. Antouka, Pyè leve, li kouri al nan kavo a. Li bese pou gade, li wè dra ki te vlope mò a sèlman. Apre sa li ale. Li t ap poze tèt li anpil kesyon sou sa k pase a. Nan menm jou dimanch lan, de nan disip Jezi yo t ap vwayaje sou wout ki mennen nan bouk Emayis la. Emayis te a onz (11) kilomèt kon sa de vil Jerizalèm. De mesye yo t ap pale youn ak lòt sou evènman ki te rive yo. Etan mesye yo ap pale, ap diskite sou evènman yo, Jezi pwoche kote yo epi li kòmanse fè wout la ak yo. Men yo pa t anmezi pou rekonèt se te Jezi. Jezi di yo: “Ki sa n ap diskite antre nou kon sa a pandan n ap mache a?” Mesye yo rete, epi yo te vin tris anpil. Apre sa, youn nan yo ki te rele Klewopas, di Jezi konsa: “Ou genlè se sèl moun ki vizite Jerizalèm ki pa konn sa k pase nan vil la nan jou sa yo?” Epi Jezi di yo: “Ki sa k pase menm?” Yo reponn li: “Tout sa k te rive Jezi, moun Nazarèt la! Se te yon gran pwofèt, ni devan Bondye, ni devan lèzòm. Li te fè anpil bèl bagay epi li te pale byen tou. Chèf prèt yo ansanm ak otorite nou yo livre l pou yo kondane l amò epi klouwe l sou yon kwa. Nou te espere se li menm ki t ap vin delivre Izrayèl, men sa fè twa (3) jou depi bagay sa yo pase. Men gen kèk medam nan gwoup nou an ki t al nan kavo a maten an ki vin fè nou sezi. Yo di nou y ale yo pa jwenn kò a, epi yo wè kèk anj Bondye ki parèt sou yo ki di yo li vivan. Kèk nan nou te ale nan kavo a, yo jwenn tout bagay ekzakteman jan medam yo te di l la, men, li menm yo pa wè li.” Lè sa a Jezi di yo: “Ala nou san konprann! Kijan lespri nou fè lou kon sa pou nou konprann verite a. Nou fèt pou nou kwè tout sa pwofèt yo te di yo? Kris la te fèt pou l soufri tout bagay sa yo anvan l antre nan laglwa li, pa vre?” Kòmanse nan Moyiz, pase pran tout pwofèt yo, li pran eksplike yo tout sa ki te ekri sou li nan Bib la. Lè yo rive toupre bouk Emayis la, Jezi fè kòmsi li t ap vwayaje pi lwen toujou. Men, mesye yo soupriye li pou l rete ak yo. Yo di li: Rete ak nou. Solèy fin kouche, li pral fènwa. Konsa, li antre pou fè ladesant ansanm ak yo. Etan li chita bò tab ap manje ansanm ak mesye yo, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l epi li ba yo. Je mesye yo vin louvri epi yo rekonèt li. Menm kote a, li disparèt devan yo. Lè sa a, youn di lòt konsa: “Lè l t ap pale ak nou nan wout la, lè l t ap eksplike nou sa k te ekri nan Bib la, èske nou pa t santi se tankou yon dife k ap boule nan kè nou?” Menm kote a, de mesye yo leve, yo retounen Jerizalèm. Lè yo rive yo jwenn onz (11) apot yo ak tout lòt moun yo ansanm. Apot yo di mesye ki sot Emayis yo konsa: “Se vre wi, Senyè a resisite. Li fè Simon wè li.” Apre sa, de mesye yo pran rakonte sa k te pase sou wout Emayis la, epi jan yo te vin rekonèt Jezi lè l te kase pen an ba yo.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy