YouVersion Logo
Search Icon

Lik 21:20-38

Lik 21:20-38 VKF

Lè n a wè yon pakèt lame sèke Jerizalèm toutotou, n a konnen lè a rive pou yo detwi li. Lè sa a, tout moun nan teritwa Jide a ta dwe chape pou l yo ale nan mòn yo. Moun ki nan kè lavil Jerizalèm nan menm ta dwe kouri soti. Moun ki te nan jaden menm, pa ta dwe chache antre lakay. Paske jou sa yo se jou kote Bondye pral jije pèp li a. Sa pwofèt yo te ekri yo nan Bib la pral rive vre. Nan jou sa yo, bagay la p ap dous ditou pou medam ki ansent yo oswa sa yo ki ti nouris, paske pral gen gwo dezolasyon sou peyi a. Bondye pral pini moun sa yo, paske li fache kont yo. Y ap touye yo ak kout nepe. Y ap depòte yo nan tout lòt peyi yo. Lavil Jerizalèm menm, moun lòt nasyon yo ap detwi l epi kontwole l, jouktan tan yo te ba yo a fin akonpli. Pral gen siy k ap parèt nan solèy la, nan lalin nan, ak nan zetwal yo. Sou latè menm, tout moun lòt nasyon yo pral pran tranble. Yo p ap konn sa pou yo fè devan gwo bri lanmè a ak vag li yo k ap frape. Moun gen pou endispoze, tèlman y ap pè, poutèt bagay ki pral rive sou latè. Epi puisans nan syèl yo pral tranble. Apre sa, tout moun gen pou wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè. Lè nou wè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe djanm, pa pè, paske lè a prèske rive pou Bondye vin delivre nou.” Apre sa, Jezi rakonte parabòl sa a: “Gade pye fig sa a. Gade tout lòt pyebwa yo. Lè nou wè y ap pouse fèy vèt, nou tou konnen lete prèt pou rive. Menm jan an tou, lè nou wè tout bagay sa yo rive, n a konnen Wayòm Bondye a pa lwen pou l rive. An verite m ap di nou: jenerasyon sa a p ap pase, bagay sa yo ap gen tan rive! Syèl la ak tè a gen pou pase, men pawòl mwen ap rete pou tout tan.” “Fè atansyon pou n pa kite banbòch, bweson, ak traka lavi a fin pran tèt nou. Si nou kite sa rive, nou ka pa kapab reflechi byen, epi lè move jou a rive sou nou, nou ka pa pare. Paske jou sa a ap rive sanzatann sou tout moun ki sou latè. Kidonk, se pou n toujou pare tout tan. Priye pou n kapab chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive epi pou nou ka kanpe devan Pitit Lòm nan.” Pandan lajounen, Jezi te anseye moun yo nan tanp lan, men, nan aswè li te toujou kite vil la, l al pase nuit la sou mòn yo rele mòn Oliv la. Chak maten, tout moun yo te leve byen bonè pou yo vin tande ansèyman Jezi yo nan tanp lan.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy