YouVersion Logo
Search Icon

Lik 21:1-19

Lik 21:1-19 VKF

Jezi leve tèt li gade epi li wè moun rich yo k ap mete kòb nan bwat ofrann yo nan tanp lan. Li wè tou yon pòv vèv ki mete de ti pyès lajan nan bwat la. Jezi di: “An verite mwen di nou, pòv vèv sa a mete pi plis pase tout lòt moun yo. Paske tout moun sa yo, se sa yo gen anplis yo mete kòm ofrann, men vèv la menm, se tout sa l te genyen pou l viv, li bay li kòm ofrann.” Etan kèk moun t ap pale de jan tanp lan bèl, jan l byen dekore ak bèl wòch epi ak tout bèl kado moun te ofri bay Bondye, Jezi di konsa: “Gen yon jou k ap vini kote p ap menm gen de wòch k ap rete youn sou lòt nan tout bagay sa yo nou wè la a. Tout pral kraze nèt vide atè.” Lè sa a, disip yo tonbe poze l kesyon, yo di: “Mèt, ki lè bagay sa yo ap rive? Ki siy k ap fè nou konnen bagay sa yo prèt pou rive?” Jezi di yo: “Fè atansyon pou moun pa pran nou sou blòf. Paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Mesi a. Lè a fin rive. Piga nou koute bouch yo pou n al swiv yo. Lè nou pran nouvèl lagè ak revolisyon k ap fèt, nou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive anvan. Men, se poko lafen an toujou.” Apre sa, li di yo: “Yon nasyon gen pou leve kont yon lòt. Yon wayòm gen pou leve kont yon lòt. Pral gen gwo tranblemanntè ak grangou, epi maladi ap touye moun nan anpil kote. Va gen bagay tèrib ak gwo siy k ap parèt nan syèl la. Men anvan tout bagay sa yo rive, y ap arete nou. Y ap pèsekite nou. Y ap trennen nou nan jijman nan sinagòg yo. Y ap mete nou nan prizon. Y ap trennen nou devan wa yo ak gouvènè yo. Y ap fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen menm. Men, bagay sa yo ap ban nou okazyon pou nou pale de mwen. Kidonk, kenbe sa byen nan tèt nou. Pa fatige kò nou pou konnen kijan nou pral defann tèt nou. Paske m ap ban nou sajès pou nou pale. M ap mete pawòl nan bouch nou ki pou konfonn lènmi nou yo. Se pwòp paran nou, frè nou, fanmi nou, oubyen zanmi nou k ap denonse nou. Y ap menm fè touye anpil nan nou. Tout moun ap rayi nou poutèt n ap mache ak mwen. Men, menm yon branch cheve nan tèt nou p ap pèdi. Nan pèsevere nan lafwa nan mitan bagay sa yo, n a sove lavi nou.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy