YouVersion Logo
Search Icon

Lik 20:1-26

Lik 20:1-26 VKF

Yon jou, Jezi t ap anseye foul la nan tanp lan. Li t ap preche yo bòn nouvèl la. Te gen chèf prèt yo, ansanm ak Skrib yo epi lidè Jwif yo ki te kanpe toupre. Yo vin pale ak Jezi, yo di li: “Di nou kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè a yo, osinon di nou kilès ki ba w otorite sa a?” Jezi reponn, li di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou, se pou nou reponn mwen. Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?” Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? Men tou, si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, tout pèp la ap lapide nou ak kout wòch, paske yo tout kwè Janbatis te yon pwofèt Bondye.” Konsa, yo reponn Jezi: “Nou pa konnen kilès ki te bay Janbatis otorite.” Lè sa a, Jezi di yo: “Mwen menm non plis, mwen p ap di nou kote m jwenn otorite pou m fè bagay sa yo.” Apre sa, Jezi rakonte pèp la parabòl sa a: “Vwala se te yon nonm ki te plante yon jaden rezen. Apre sa, li bay kèk kiltivatè jaden an de mwatye, epi li pati al fè anpil tan deyò. Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon domestik al kote kiltivatè yo pou al chache pati pa l nan rekòt rezen an. Men, kiltivatè yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l ale de men vid. Mèt jaden an voye yon dezyèm domestik kote kiltivatè yo. Yo kenbe domestik la, yo bat li byen bat. Lè yo fin i, yo joure l byen joure, apre sa, yo voye l ale de men vid. Mèt jaden an voye yon twazyèm domestik kote kiltivatè yo. Fwa sa a, yo menm blese domestik la epi yo pimpe l deyò jaden an. Lè sa a, Mèt jaden an di: Ki sa m dwe fè la a? M ap voye pitit gason m nan kote yo, pitit mwen renmen anpil la. Petèt, lè yo wè se pitit mwen an, y a gen respè pou li. Lè kiltivatè yo wè pitit la ap vini, youn di lòt konsa: Men pitit mèt jaden an ap vini. Annou touye li, pou jaden an ka rete pou nou. Konsa, kiltivatè yo trennen pitit gason mèt la soti deyò jaden an epi yo touye l. Nan kondisyon sa a, kisa mèt jaden an pral fè kiltivatè sa yo? L ap vini, l ap touye tout kiltivatè sa yo; apre sa, l ap bay lòt kiltivatè responsab jaden an.” Lè moun yo fin tande istwa a, yo di: “Mande Bondye padon non! Yon bagay kon sa pa ka rive.” Men, Jezi gade yo epi li di yo: “Enben kisa pawòl sa ki ekri a vle di pou nou? Wòch bòs mason yo te refize sèvi a, vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Nenpòt moun ki kase pye l nan wòch sa a, ap kraze an miyèt moso, men, si se wòch la menm ki tonbe sou yon moun, l ap kraze moun nan fè farin.” Lè chèf prèt yo ansanm ak Skrib tande Jezi rakonte istwa a, yo te konprann trè byen se de yo Jezi t ap pale. Konsa, yo t ap chache arete li menm kote a, men yo te pè reyaksyon pèp la. Konsa, lidè Jwif yo tonbe chache jwenn okazyon pou pran Jezi nan pyèj. Yo voye espyon vin pran pòz yo sensè, pou yo ka chache pran pawòl nan bouch li pou akize l. Konsa, yo ta ka lage l nan men gouvènè a ki gen pouvwa pou arete l. Espyon yo poze Jezi yon kesyon. Yo di: “Mèt, nou konnen tout sa ou ap anseye yo se verite a. Ou pa gade sou figi moun; men, ou toujou anseye verite Bondye a kòm sa dwa. Di nou, èske l legal pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?” Men Jezi te konnen se nan pyèj mesye yo t ap chache pran li, li di yo: “Montre m yon pyès lajan. Foto ki moun ak non ki moun ki sou li?” Yo reponn li: “Seza.” Apre sa, Jezi di yo: “Enben, bay seza sa k pou Seza, epi bay Bondye sa k pou Bondye.” Mesye yo pa t ka resi jwenn anyen ki mal nan bouch li pou akize l devan pèp la. Okontrè, repons li yo te etone yo. Yo pa t ka menm louvri bouch yo di yon mo.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy