YouVersion Logo
Search Icon

Lik 17:1-19

Lik 17:1-19 VKF

Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive. Li ta pi bon pou yo ta mare yon wòl moulen nan kou yon moun epi voye l jete nan lanmè. Wi, li t ap pi bon pase pou yo ta lakoz youn nan ti piti sa yo tonbe nan peche. Fè anpil atansyon ak pwòp tèt nou. Si frè ou fè peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman, padone l. Si l peche kont ou sèt (7) fwa pandan yon jounen epi tout sèt (7) fwa yo li vin kote w li di w: Mwen regrèt sa m te fè a, se pou padone li.” Lè sa a, apot yo di Jezi konsa: “Enben, ogmante lafwa nou.” Jezi di: “Si lafwa nou te menm gwosè ak yon ti grenn moutad, nou ta di pye Sikomò sa a: Derasinen tèt ou la! Al plante tèt ou nan lanmè. Li ta obeyi nou.” “Sipoze youn nan nou ta gen yon sèvitè k ap travay tè pou li osinon k ap gade mouton pou li. Kou sèvitè a sot nan jaden, èske mèt la ap di l: vin chita pou manje? Natirèlman, non! Okontrè, l ap di sèvitè a: Prepare manje pou mwen pou m manje. Mare tabliye w nan tay ou, sèvi m jouktan m fin manje m fin bwè. Apre sa, ou a manje epi ou a bwè. Mèt la pa menm bezwen di sèvitè a mèsi, paske sèvitè a t ap fè sa mèt li te kòmande l fè. Se menm jan an tou pou nou menm. Lè nou fin fè tout sa yo te ban nou lòd fè, se pou nou di: Nou pa merite okenn remèsiman espesyal paske se sèlman sa nou te dwe fè nou fè.” Pandan Jezi t ap vwayaje al Jerizalèm, li pase nan zòn fwontyè ki separe Samari ak Galile a. Li antre nan yon ti bouk, li kontre ak dis (10) mesye ki te gen maladi lalèp. Yo pa t pwoche pre li poutèt maladi yo a. Mesye yo rele byen fò: “Jezi! Mèt! Gen pitye pou nou.” Lè Jezi wè sa, li di yo: “Al fè sakrifikatè yo egzamine nou.” Pandan yo te nan wout prale, yo te geri. Gen youn nan dis (10) mesye yo, lè l wè li geri, li kase tèt tounen vin jwenn Jezi. Li pale byen fò pou li fè lwanj pou Bondye. Li mete ajenou nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon Samariten. Jezi di nonm nan: “Se te nou dis (10) ki te geri, pa vre? Kote nèf (9) lòt yo? Yo youn pa tounen vin bay Bondye glwa pou sa l fè, eksepte etranje sa a.” Apre sa, Jezi di nonm nan: “Leve non! Ou mèt ale. Ou geri paske ou te kwè.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy