YouVersion Logo
Search Icon

Lik 14:1-24

Lik 14:1-24 VKF

Yon jou saba, Jezi t al manje lakay youn nan gwo chèf nan pami Farizyen yo. Tout moun ki te la yo t ap veye Jezi ak anpil atansyon. Te gen yon nonm ki te gen yon maladi anfle te la tou devan Jezi. Jezi pran lapawòl, li poze doktè lalwa yo ansanm ak Farizyen yo kesyon sa a: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a, oubyen non?” Kòm pèsonn pa t reponn, Jezi pran nonm nan, li geri li epi li voye l ale. Apre sa Jezi di yo: “Sipoze youn nan nou la a ta gen yon pitit gason l osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi nan jou repo a, ou t ap retire l nan pi a menm lè a, pa vre?” Farizyen yo ansanm ak doktè lalwa yo te oblije rete bouch be. Envite yo ki te vin nan dine a t ap chwazi plas devan pou yo chita. Lè Jezi wè sa, li rakonte yo istwa sa a. “Lè yo envite w nan yon fèt maryaj, pa prese al chita nan plas donè. Ou pa janm konnen si yo pa t envite yon moun ki pi enpòtan pase w toujou. Moun ki te envite nou an ap vin kote w, l ap di w: Bay moun sa a plas ou a. Lè sa a, ou ap anbarase, poutèt ou ap oblije al chita nan plas ki pa tèlman enpòtan. Okontrè, lè yo envite w nan yon festen, al chita nan yon plas ki pa twò enpòtan. Konsa, lè moun ki te envite w la va vini, l a di w: Zanmi m, vin chita bò isit nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon onè pou ou devan tout moun ki chita sou tab la avè w yo. Paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.” Apre sa Jezi pale ak Farizyen ki te envite l la, li di li: “Lè ou ap fè fèt, kit se yon ti fèt, kit se yon gwo fèt, pa sèlman envite zanmi w, frè w, fanmi w, vwazen w yo ki rich. Yon lòt lè yo ka rann ou laparèy. Okontrè, lè ou ap fè yon festen, se pou envite pòv yo, kokobe yo ak avèg yo. Lè sa a ou ap beni paske moun sa yo pa gen mwayen pou yo envite w tou. Men Bondye ap ba ou rekonpans ou lè moun k ap mache dwat yo resisite.” Youn nan moun yo ki te chita bò tab la avèk Jezi, lè l tande sa Jezi te di yo, li pran lapawòl li di: “Ala gwo benediksyon pou nenpòt moun ki manje yon repa nan Wayòm Bondye a!” Jezi di li: “Yon nonm t ap ofri yon gwo festen. Li te envite anpil anpil moun. Lè lè a te rive pou fèt la kòmanse, li voye sèvitè li al di moun li te envite yo: Nou mèt vini kounye a! Tout bagay fin pare. Olye pou yo ta vini, tout envite yo tonbe prezante eskiz. Premye a di: Mwen fèk achte yon teren. Fòk mwen al vizite li. Tanpri eskize m. Yon lòt moun di: Mwen fèk sot achte dis (10) bèf pou m fè travay mwen mache. Fòk mwen al eseye yo. Silvouplè, eskize m. Yon twazyèm moun di: Mwen fèk sot marye ak yon jenn fi la a, kidonk m pa ka nan al nan fèt kounye a. Lè sèvitè a tounen lakay, li rakonte mèt li tout sa envite yo te di. Mèt kay la pa t manke fache. Li di sèvitè a: Ale vit nan tout lari nan vil la. Ranmase tout pòv yo, tout kokobe yo, tout avèg yo ansanm ak tout moun k ap bwate yo mennen vini. Lè sèvitè a fin i, li di mèt kay la: Mèt, mwen fè tout sa ou te di m fè a men, gen plas vid toujou. Lè sa a mèt la di sèvitè a: Ale nan tout ti koridò yo ak nan tout ti chemen yo. Tout moun ou jwenn di yo pou yo vini, paske mwen vle kay mwen an ranpli nèt. Paske m ap di ou sa, menm youn nan moun mwen te envite anvan yo p ap goute nan manje fèt la.”

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy