Lik 14:1-24

Lik 14:1-24 1998 Haïtienne (HAT98)

Yon jou repo, Jezi te al lakay yonn nan chèf farizyen yo pou l manje. Moun ki te la yo t'ap veye li. Yon nonm ki te gen maladi anfle te la devan Jezi. Jezi pran lapawòl, li mande dirèktè lalwa ak farizyen yo: — Eske lalwa pèmèt moun fè gerizon jou repo a, wi ou non? Yo pa reponn li. Lè sa a, Jezi pran nonm malad la, li geri l, epi li voye l ale. Apre sa, li di yo: — Si yonn nan nou gen yon pitit gason li osinon yon bèf ki tonbe nan yon pi, eske li p'ap kouri retire li, menm si se yon jou saba? Yo pat kapab reponn li anyen sou sa. Jezi te wè ki jan moun yo te envite yo t'ap chwazi pi bon plas. Li rakonte parabòl sa a pou yo tout, li di: — Lè yo envite ou nan yon nòs, pa al chita nan pi bon plas la. Paske, si nan envite yo gen yon moun ki pi enpòtan pase ou, moun ki envite nou toulède a kapab vin di ou: Bay moun sa a plas la. Lè sa a, w'a wont, w'a blije al chita nan plas dèyè. Men, lè yo envite ou, mete kò ou dèyè. Konsa, lè moun ki envite ou la vini, la ka di ou: Zanmi mwen, pase pi devan nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon lwanj pou ou devan tout moun ki chita bò tab la ansanm ak ou yo. Se konsa, moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, moun ki desann tèt li, y'a leve li. Jezi pale ak moun ki te envite l la. Li di li: — Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve sòti vivan nan lanmò. Lè l tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: — Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a. Jezi reponn li: — Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. Lè pou fèt la konmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare kounyeya. Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fenk achte yon tè, fòk mal wè li. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di li: Mwen fenk achte senk pè bèf. Mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di: Mwen fenk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. — Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè. Li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun w'a jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. Paske, m'ap di nou sa: Nan moun mwen te envite yo, pa gen yon sèl ladan yo k'ap goute nan manje m lan.

Pataje
Li Lik 14

Lik 14:1-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Un jour de sabbat, Jésus entre dans la maison d’un chef des Pharisiens pour y prendre un repas. Les gens qui sont là regardent Jésus avec attention. Un homme se trouve devant lui. Il a le corps tout gonflé à cause d’une maladie. Alors Jésus demande aux maîtres de la loi et aux Pharisiens : « Le jour du sabbat, est-ce qu’on a le droit de guérir quelqu’un ? ou est-ce que c’est interdit ? » Mais ils ne répondent pas. Jésus se tourne vers le malade, il le guérit et lui dit de partir. Ensuite Jésus dit aux maîtres de la loi et aux Pharisiens : « Supposons ceci : le jour du sabbat, votre fils ou votre bœuf tombe dans un puits. Vous allez sûrement le tirer de là tout de suite ! » Et ils ne peuvent rien répondre à cela. Jésus voit que les invités choisissent les premières places à table. Alors il leur donne ce conseil : « Quand quelqu’un t’invite à un repas de mariage, ne va pas t’asseoir à la première place. En effet, on a peut-être invité quelqu’un de plus important que toi. Et celui qui vous a invités tous les deux va te dire : “Donne-lui ta place.” Alors, plein de honte, tu devras t’asseoir à la dernière place. Au contraire, quand quelqu’un t’invite, va t’asseoir à la dernière place. De cette façon, celui qui t’a invité te dira en arrivant : “Mon ami, prends une meilleure place.” Alors, tous ceux qui sont à table avec toi verront combien tu es respecté. En effet, celui qui veut être au-dessus des autres, on lui donnera la dernière place. Et celui qui prend la dernière place, on le mettra au-dessus des autres. » Ensuite, Jésus dit à celui qui l’a invité : « Quand tu donnes un grand repas, à midi ou le soir, n’invite ni tes amis, ni tes frères et sœurs, ni les gens de ta famille, ni des voisins riches. En effet, ils t’inviteront à leur tour et ils te rendront ce que tu as fait pour eux. Au contraire, quand tu offres un repas de fête, invite des pauvres, des infirmes, des boiteux, des aveugles. Alors tu seras heureux parce qu’ils ne peuvent pas te rendre cela. Mais Dieu te rendra cela le jour où il relèvera de la mort ceux qui lui ont obéi. » En entendant ces paroles, un de ceux qui sont à table dit à Jésus : « Il est heureux, celui qui prendra son repas dans le Royaume de Dieu ! » Jésus lui répond par cette histoire : « Un homme prépare un grand repas et il invite beaucoup de monde. À l’heure du repas, il envoie son serviteur dire aux invités : “Venez ! Maintenant, c’est prêt !” Mais tous les invités, l’un après l’autre, se mettent à s’excuser. Le premier dit au serviteur : “Je viens d’acheter un champ et je dois aller le voir. Je t’en prie, excuse-moi.” Un autre dit : “Je viens d’acheter cinq paires de bœufs et je vais les essayer. Je t’en prie, excuse-moi.” Un autre dit : “Je viens de me marier, c’est pourquoi je ne peux pas venir.” Le serviteur revient chez son maître et il lui raconte tout cela. Alors le maître de maison se met en colère et il dit à son serviteur : “Va vite sur les places et dans les rues de la ville, et amène ici les pauvres, les infirmes, les aveugles et les boiteux.” Après un moment, le serviteur vient dire : “Maître, on a fait ce que tu as commandé, et il y a encore de la place.” Le maître dit au serviteur : “Va sur les chemins et près des champs. Ceux que tu rencontreras, oblige-les à entrer chez moi. Ainsi, ma maison sera pleine. En effet, je te dis une chose : parmi ces premiers invités, personne ne mangera de mon repas !” »

Pataje
Li Lik 14

Lik 14:1-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yon jou saba, Jezi t al manje lakay youn nan gwo chèf nan pami Farizyen yo. Tout moun ki te la yo t ap veye Jezi ak anpil atansyon. Te gen yon nonm ki te gen yon maladi anfle te la tou devan Jezi. Jezi pran lapawòl, li poze doktè lalwa yo ansanm ak Farizyen yo kesyon sa a: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a, oubyen non?” Kòm pèsonn pa t reponn, Jezi pran nonm nan, li geri li epi li voye l ale. Apre sa Jezi di yo: “Sipoze youn nan nou la a ta gen yon pitit gason l osinon yon bèf li ki tonbe nan yon pi nan jou repo a, ou t ap retire l nan pi a menm lè a, pa vre?” Farizyen yo ansanm ak doktè lalwa yo te oblije rete bouch be. Envite yo ki te vin nan dine a t ap chwazi plas devan pou yo chita. Lè Jezi wè sa, li rakonte yo istwa sa a. “Lè yo envite w nan yon fèt maryaj, pa prese al chita nan plas donè. Ou pa janm konnen si yo pa t envite yon moun ki pi enpòtan pase w toujou. Moun ki te envite nou an ap vin kote w, l ap di w: Bay moun sa a plas ou a. Lè sa a, ou ap anbarase, poutèt ou ap oblije al chita nan plas ki pa tèlman enpòtan. Okontrè, lè yo envite w nan yon festen, al chita nan yon plas ki pa twò enpòtan. Konsa, lè moun ki te envite w la va vini, l a di w: Zanmi m, vin chita bò isit nan yon pi bon plas. Lè sa a, se va yon onè pou ou devan tout moun ki chita sou tab la avè w yo. Paske tout moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.” Apre sa Jezi pale ak Farizyen ki te envite l la, li di li: “Lè ou ap fè fèt, kit se yon ti fèt, kit se yon gwo fèt, pa sèlman envite zanmi w, frè w, fanmi w, vwazen w yo ki rich. Yon lòt lè yo ka rann ou laparèy. Okontrè, lè ou ap fè yon festen, se pou envite pòv yo, kokobe yo ak avèg yo. Lè sa a ou ap beni paske moun sa yo pa gen mwayen pou yo envite w tou. Men Bondye ap ba ou rekonpans ou lè moun k ap mache dwat yo resisite.” Youn nan moun yo ki te chita bò tab la avèk Jezi, lè l tande sa Jezi te di yo, li pran lapawòl li di: “Ala gwo benediksyon pou nenpòt moun ki manje yon repa nan Wayòm Bondye a!” Jezi di li: “Yon nonm t ap ofri yon gwo festen. Li te envite anpil anpil moun. Lè lè a te rive pou fèt la kòmanse, li voye sèvitè li al di moun li te envite yo: Nou mèt vini kounye a! Tout bagay fin pare. Olye pou yo ta vini, tout envite yo tonbe prezante eskiz. Premye a di: Mwen fèk achte yon teren. Fòk mwen al vizite li. Tanpri eskize m. Yon lòt moun di: Mwen fèk sot achte dis (10) bèf pou m fè travay mwen mache. Fòk mwen al eseye yo. Silvouplè, eskize m. Yon twazyèm moun di: Mwen fèk sot marye ak yon jenn fi la a, kidonk m pa ka nan al nan fèt kounye a. Lè sèvitè a tounen lakay, li rakonte mèt li tout sa envite yo te di. Mèt kay la pa t manke fache. Li di sèvitè a: Ale vit nan tout lari nan vil la. Ranmase tout pòv yo, tout kokobe yo, tout avèg yo ansanm ak tout moun k ap bwate yo mennen vini. Lè sèvitè a fin i, li di mèt kay la: Mèt, mwen fè tout sa ou te di m fè a men, gen plas vid toujou. Lè sa a mèt la di sèvitè a: Ale nan tout ti koridò yo ak nan tout ti chemen yo. Tout moun ou jwenn di yo pou yo vini, paske mwen vle kay mwen an ranpli nèt. Paske m ap di ou sa, menm youn nan moun mwen te envite anvan yo p ap goute nan manje fèt la.”

Pataje
Li Lik 14

Lik 14:1-24 New International Version (NIV)

One Sabbath, when Jesus went to eat in the house of a prominent Pharisee, he was being carefully watched. There in front of him was a man suffering from abnormal swelling of his body. Jesus asked the Pharisees and experts in the law, “Is it lawful to heal on the Sabbath or not?” But they remained silent. So taking hold of the man, he healed him and sent him on his way. Then he asked them, “If one of you has a child or an ox that falls into a well on the Sabbath day, will you not immediately pull it out?” And they had nothing to say. When he noticed how the guests picked the places of honor at the table, he told them this parable: “When someone invites you to a wedding feast, do not take the place of honor, for a person more distinguished than you may have been invited. If so, the host who invited both of you will come and say to you, ‘Give this person your seat.’ Then, humiliated, you will have to take the least important place. But when you are invited, take the lowest place, so that when your host comes, he will say to you, ‘Friend, move up to a better place.’ Then you will be honored in the presence of all the other guests. For all those who exalt themselves will be humbled, and those who humble themselves will be exalted.” Then Jesus said to his host, “When you give a luncheon or dinner, do not invite your friends, your brothers or sisters, your relatives, or your rich neighbors; if you do, they may invite you back and so you will be repaid. But when you give a banquet, invite the poor, the crippled, the lame, the blind, and you will be blessed. Although they cannot repay you, you will be repaid at the resurrection of the righteous.” When one of those at the table with him heard this, he said to Jesus, “Blessed is the one who will eat at the feast in the kingdom of God.” Jesus replied: “A certain man was preparing a great banquet and invited many guests. At the time of the banquet he sent his servant to tell those who had been invited, ‘Come, for everything is now ready.’ “But they all alike began to make excuses. The first said, ‘I have just bought a field, and I must go and see it. Please excuse me.’ “Another said, ‘I have just bought five yoke of oxen, and I’m on my way to try them out. Please excuse me.’ “Still another said, ‘I just got married, so I can’t come.’ “The servant came back and reported this to his master. Then the owner of the house became angry and ordered his servant, ‘Go out quickly into the streets and alleys of the town and bring in the poor, the crippled, the blind and the lame.’ “ ‘Sir,’ the servant said, ‘what you ordered has been done, but there is still room.’ “Then the master told his servant, ‘Go out to the roads and country lanes and compel them to come in, so that my house will be full. I tell you, not one of those who were invited will get a taste of my banquet.’ ”

Pataje
Li Lik 14

Lik 14:1-24 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Un jour de sabbat, Jésus était invité pour un repas chez l’un des dirigeants du parti pharisien. Ceux qui étaient à table avec lui l’observaient attentivement. Or, il y avait là un homme dont le corps était couvert d’œdèmes. Jésus prit la parole et s’adressa aux enseignants de la Loi et aux pharisiens : Est-il permis, oui ou non, de guérir quelqu’un le jour du sabbat ? Ils ne répondirent rien. Alors Jésus, saisissant le malade, le guérit et lui dit de rentrer chez lui. Puis, se tournant vers ceux qui étaient là, il leur demanda : Qui de vous, si son fils ou son bœuf tombe dans un puits, ne l’en retire pas le plus tôt possible, même si c’est le jour du sabbat ? Là encore, ils ne surent que répondre. Ayant remarqué comment les invités cherchaient tous les places d’honneur, il leur dit cette parabole : Si quelqu’un t’invite à un repas de noces, ne va pas t’installer à la place d’honneur. Peut-être y a-t-il, parmi les invités, un personnage plus important que toi et celui qui vous a invités l’un et l’autre viendra-t-il te dire : « Cède-lui cette place. » Il te faudra alors honteusement gagner la dernière place ! Non, quand tu es invité, va, au contraire, te mettre tout de suite à la dernière place. Alors, quand ton hôte entrera dans la salle, il te dira : « Mon ami, il y a une place bien meilleure pour toi, viens t’asseoir plus haut ! » Ainsi tu seras honoré devant tous les convives. En effet, celui qui s’élève sera abaissé, et celui qui s’abaisse sera élevé. Jésus dit aussi à son hôte : Quand tu donnes un déjeuner ou un dîner, n’invite pas tes amis, tes frères, ta parenté ou de riches voisins, car ils pourraient t’inviter à leur tour et te payer ainsi de ta peine. Non, si tu donnes une réception, invite des pauvres, des estropiés, des paralysés, des aveugles. Si tu fais cela, tu en seras très heureux, parce que ces gens-là n’ont pas la possibilité de te rendre la pareille. Et Dieu te le revaudra lorsque les justes ressusciteront. A ces mots, l’un des convives dit à Jésus : Heureux celui qui prendra part au banquet dans le royaume de Dieu ! Jésus lui répondit : Un jour, un homme avait organisé une grande réception. Il avait invité beaucoup de monde. Lorsque le moment du festin arriva, il envoya son serviteur dire aux invités : « Venez maintenant, tout est prêt. » Mais ceux-ci s’excusèrent tous l’un après l’autre. Le premier lui fit dire : « J’ai acheté un champ et il faut absolument que j’aille le voir. Excuse-moi, je te prie. » Un autre dit : « Je viens d’acquérir cinq paires de bœufs, et je m’en vais les essayer. Excuse-moi, je te prie. » Un autre encore dit : « Je viens de me marier, il m’est donc impossible de venir. » Quand le serviteur fut de retour auprès de son maître, il lui rapporta toutes les excuses qu’on lui avait données. Alors le maître de la maison se mit en colère et dit à son serviteur : « Dépêche-toi ! Va-t’en sur les places et dans les rues de la ville et amène ici les pauvres, les estropiés, les aveugles, les paralysés… ! » Au bout d’un moment, le serviteur vint dire : « Maître, j’ai fait ce que tu m’as dit, mais il y a encore de la place. – Eh bien, lui dit le maître, va sur les chemins, le long des haies, fais en sorte que les gens viennent, pour que ma maison soit pleine. Une chose est sûre : pas un seul des premiers invités ne goûtera à mon festin. »

Pataje
Li Lik 14

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an