YouVersion Logo
Search Icon

Lik 1:26-56

Lik 1:26-56 VKF

Lè Elizabèt te gen simwa ansent, Bondye voye yon anj ki rele Gabriyèl vin nan yon ti vil ki rele Nazarèt, nan zòn Galile. Zanj lan te vin pale ak yon jèn fi ki pa t ko nan lavi gason ki te rete lavil Nazarèt. Jèn fi sa a te fiyanse ak yon jèn gason yo te rele Jozèf ki li menm te soti nan branch fanmi David. Yo te rele jèn fi sa a Mari. Zanj lan avanse sou Mari epi li di l: “Bonjou! Senyè a avèk ou. Ou se yon moun Bondye beni anpil.” Men, sa anj lan te di a te twouble Mari anpil. Li t ap mande tèt li kisa sa vle di. Epi anj lan di li: “Ou pa bezwen pè, Mari. Ou se yon moun Senyè a fè gras. Tande byen, ou gen pou ou vin ansent epi ou ap fè yon pitit gason. Ou a rele pitit gason sa a Jezi. L ap vin yon moun ki gran. Y a rele l Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Senyè a ap fè l vin wa tankou David gran gran papa li. L ap renye sou pèp Izrayèl la pou tout tan. Pouvwa li p ap janm fin i.” Lè sa a, Mari di anj lan konsa: “Ki jan sa ka fè rive? Mwen se yon moun ki pa ko nan lavi gason.” Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye. Epi fòk mwen di w sa tou, fanmi ou, Elizabèt, ansent kounye a la a. Malgre li fin granmoun, li pral fè yon pitit gason. Yo te di li pa t kapab fè pitit, epoutan gen simwa la a depi li ansent. Sa rive konsa, paske pa gen anyen ki enposib pou Bondye.” Mari di li: “Se sèvant Senyè a mwen ye. Se pou sa rive m jan ou di a.” Apre sa, Zanj lan ale. Nan menm epòk la, Mari leve, san pèdi tan, li ale nan yon ti vil nan mòn Jide. Mari antre lakay Zakari epi li salye Elizabèt. Menm kote Elizabèt fin tande salitasyon Mari a, pitit ki nan vant Elizabèt la pran sote nan vant li epi Sentespri a ranpli Elizabèt. Li pale byen fò epi li di Mari konsa: “Bondye beni ou pami tout fi, li beni pitit ou ap fè a tou. Ki sa m ye menm, pou manman Senyè m nan vin lakay mwen? Paske menm kote salitasyon ou nan rive nan zòrèy mwen, pitit la pran danse nan vant mwen, tèlman li kontan. Ou se yon moun ki beni, paske ou te kwè sa Senyè a te di w la gen pou rive vre.” Apre sa Mari di: “Nanm mwen beni non Bondye. Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen. Malgre mwen pa gen enpòtans, Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a. Depi kounye a pou jouktan sa fin i, tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil. Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen. Non li sen anpil. Li toujou gen konpasyon pou moun ki gen krentif pou li. Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li. Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont. Li ranvèse wa yo sou twòn yo epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li. Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo, men li voye moun rich yo ale san anyen. Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la. Li pa t janm bliye mizerikòd li. Jan li te di zansèt nou yo, Abraram ansanm ak desandan l yo, li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.” Mari pase anviwon twa mwa lakay Elizabèt, apre sa li tounen lakay li.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy