YouVersion Logo
Search Icon

Lik 17

17
Peche ak padon
(Mat 18:6-7, 21-22; Mak 9:42)
1Apre sa, Jezi di disip li yo ankò: “Ap toujou gen okazyon pou fè moun tonbe nan peche. Men, malè pou moun ki lakoz bagay sa yo rive. 2Li ta pi bon pou yo ta mare yon wòl moulen nan kou yon moun epi voye l jete nan lanmè. Wi, li t ap pi bon pase pou yo ta lakoz youn nan ti piti sa yo tonbe nan peche. 3Fè anpil atansyon ak pwòp tèt nou.
Si frè ou fè peche, rale zòrèy li. Si l chanje konpòtman, padone l. 4Si l peche kont ou sèt (7) fwa pandan yon jounen epi tout sèt (7) fwa yo li vin kote w li di w: Mwen regrèt sa m te fè a, se pou padone li.”
Ki gwosè lafwa w?
5Lè sa a, apot yo di Jezi konsa: “Enben, ogmante lafwa nou.”
6Jezi di: “Si lafwa nou te menm gwosè ak yon ti grenn moutad, nou ta di pye Sikomò sa a: Derasinen tèt ou la! Al plante tèt ou nan lanmè. Li ta obeyi nou.”
Se pou ou yon bon sèvitè
7“Sipoze youn nan nou ta gen yon sèvitè k ap travay tè pou li osinon k ap gade mouton pou li. Kou sèvitè a sot nan jaden, èske mèt la ap di l: vin chita pou manje? 8Natirèlman, non! Okontrè, l ap di sèvitè a: Prepare manje pou mwen pou m manje. Mare tabliye w nan tay ou, sèvi m jouktan m fin manje m fin bwè. Apre sa, ou a manje epi ou a bwè. 9Mèt la pa menm bezwen di sèvitè a mèsi, paske sèvitè a t ap fè sa mèt li te kòmande l fè. 10Se menm jan an tou pou nou menm. Lè nou fin fè tout sa yo te ban nou lòd fè, se pou nou di: Nou pa merite okenn remèsiman espesyal paske se sèlman sa nou te dwe fè nou fè.”
Fòk nou rekonesan
11Pandan Jezi t ap vwayaje al Jerizalèm, li pase nan zòn fwontyè ki separe Samari ak Galile a. 12Li antre nan yon ti bouk, li kontre ak dis (10) mesye ki te gen maladi lalèp. Yo pa t pwoche pre li poutèt maladi yo a. 13Mesye yo rele byen fò: “Jezi! Mèt! Gen pitye pou nou.”
14Lè Jezi wè sa, li di yo: “Al fè sakrifikatè yo egzamine nou.”#17:14 fè sakrifikatè yo egzamine nou Lalwa Moyiz la te di se yon sakrifikatè ki te pou deside ki lè yon moun ki te gen maladi po te geri.
Pandan yo te nan wout prale, yo te geri. 15Gen youn nan dis (10) mesye yo, lè l wè li geri, li kase tèt tounen vin jwenn Jezi. Li pale byen fò pou li fè lwanj pou Bondye.
16Li mete ajenou nan pye Jezi, li di l mèsi. Nonm sa a te yon Samariten. 17Jezi di nonm nan: “Se te nou dis (10) ki te geri, pa vre? Kote nèf (9) lòt yo? 18Yo youn pa tounen vin bay Bondye glwa pou sa l fè, eksepte etranje sa a.” 19Apre sa, Jezi di nonm nan: “Leve non! Ou mèt ale. Ou geri paske ou te kwè.”
Laveni Wayòm Bondye a
(Mat 24:23-28, 37-41)
20Apre sa, kèk nan Farizyen yo mande Jezi: “Ki lè Wayòm Bondye a ap vini?”
Jezi reponn, li di: “Wayòm Bondye a p ap vini nan yon fason nou ka obsève davans. 21Moun p ap ka di men l bò isit, ni men l bò lòtbò, paske Wayòm Bondye a la nan mitan nou.”
22Apre sa, Jezi di disip yo: “Gen yon tan k ap vini kote n ap anvi wè youn nan jou Pitit Lòm nan, men nou p ap ka wè l. 23Moun pral di: Ey men l bò lòtbò, osinon, men l bò isit. Pa okipe pèsonn. Rete kote nou ye a. Pa soti al nan chache anyen.” 24Menm jan yon kout zèklè flache travèse syèl la, soti sou yon bò al sou lòtbò a, se kon sa sa ap ye pou Pitit Lòm nan jou l ap retounen an. 25Men, anvan sa rive, Pitit Lòm nan gen pou l soufri anpil move tretman. Moun alèkile yo ap rejte li.
26Menm jan sa te ye nan tan Noye a, se kon sa tou sa ap ye lè Pitit Lòm nan va retounen. 27Moun t ap manje, yo t ap bwè. Moun t ap marye epi yo t ap marye pitit yo jouktan jou a te rive epi Noye antre nan lach la. Apre sa delij la vini, li touye yo tout.
28Se menm bagay ki te pase nan tan Lòt la tou k ap rive. Moun t ap manje, bwè, achte, vann, plante nan jaden, bati kay pou yo rete. 29Yo te viv kon sa jouk jou Lòt pati kite Sodòm, epi dife ak souf soti nan syèl la grennen sou vil la epi detwi tout bagay. 30Se ekzakteman kon sa bagay yo ap ye lè Pitit Lòm nan retounen.
31Nan jou sa a, si yon moun te sou tèt kay li, li pa fèt pou l desann al pran zafè li anndan kay la. Menm jan an tou, si yon moun te nan jaden, li p ap bezwen tounen lakay ankò. 32Se pou sa k te rive madanm Lo#17:32 madanm Lo Nou jwenn istwa madanm Lo a nan Jen 19:15-17, 26. la sèvi nou leson.
33Nenpòt moun ki chache konsève lavi li, li va pèdi l. Men nenpòt moun ki dakò bay lavi li, li va konsève l. 34M ap di nou sa: “Nan nuit sa a, gen dwa gen de moun k ap dòmi sou menm kabann, y ap pran youn epi y ap kite lòt la. 35Ka gen de medam k ap pile grenn ansanm nan pilon, y ap pran youn, y ap kite lòt la.” 36#17:36 Se sèlman kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 36: “Ka gen dezòm nan jaden ansanm. Y ap pran youn, lòt la menm ap rete dèyè.”
37Disip yo reponn, yo di li: “Mèt, ki kote sa ap rive?”
Jezi reponn yo: “Kote kadav la ye a, se la tou zwazo sovaj ki konn manje kadav yo ap rasanble!”

Currently Selected:

Lik 17: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy