YouVersion Logo
Search Icon

Lik 1

1
Jezi voye apot li yo al nan yon misyon
1Chè Teofil,
Anpil lòt moun te gentan eseye ekri plizyè dokiman sou tout sa k te pase nan mitan nou konsènan Jezikris. 2Yo rapòte nan dokiman sa yo tout temwanyaj ki soti nan bouch moun ki te temwen sa k te pase yo, epi ki vin tounen predikatè pawòl Bondye. 3Mwen menm tou, m kwè li nòmal, poutèt mwen gentan fè yon bonjan rechèch sou bagay sa yo depi nan kòmansman, pou m ekri yon rapò byen detaye pou ou tou. 4Mwen deside fè sa pou w ka rive kwè sa yo te anseye w yo se verite a.
Yon anj Bondye vin anonse nesans Janbatis
5Nan epòk wa Ewòd t ap renye sou rejyon Jide a, te gen yon sakrifikatè yo te rele Zakari. Li te fè pati yon gwoup sakrifikatè Abija#1:5 gwoup sakrifikatè Abija Yo te divize rès Jwif an 24 gwoup. Gade nan 1 Kw 24. t ap dirije. Madanm Zakari ki te rele Elizabèt te soti nan branch fanmi Aawon, frè Moyiz la. 6Tou de moun sa yo te mennen lavi yo byen dwat devan Bondye, epi yo te obeyi tout kòmandman Bondye yo. 7Yo pa t gen pitit, paske Elizabèt pa t ka fè pitit, epi yo te gentan granmoun anpil.
8Lè lè a te rive pou gwoup Abija a te pran relèv pou sèvi nan tanp lan, Zakari te la pou ranpli wòl sakrifikatè li devan Bondye. 9Sakrifikatè yo te fè tiraj osò tankou jan yo te toujou fè dapre koutim yo, epi yo te chwazi Zakari pou l te antre nan tanp Senyè a pou l al boule lansan an. 10Pandan Zakari t ap boule lansan an anndan an, te gen yon gwo foul moun ki te rasanble deyò a ap lapriyè.
11Sanzatann konsa, yon anj Senyè a parèt sou Zakari. Zanj lan te kanpe sou bò dwat lotèl pou boule lansan an. 12Lè Zakari wè anj lan, sa te twouble lespri li epi li te pè anpil. 13Lè sa a, anj lan di li: Zakari, ou pa bezwen pè, paske Bondye tande priyè w, epi madanm ou Elizabèt pral fè yon pitit gason. Ou a rele ti gason sa a Jan. 14Ou pral gen lajwa ak kontantman nan kè w. Anpil lòt moun pral rejwi nan kè yo tou poutèt nesans li. 15Paske ti pitit la pral vin yon moun espesyal nan je Senyè a. Li pa fèt pou l bwè ni diven ni okenn bwason ki gen alkòl. Epi l ap ranpli ak Sentespri Bondye depi nan vant manman l.
16Se Jan ki pral ede anpil moun nan pèp Izrayèl la tounen vin jwenn Bondye, Senyè yo a. 17Li pral mache kòm avangad devan Senyè a, pou l prepare kè yo pou resevwa Senyè a. L ap gen menm lespri ak pwofèt Eli. L ap ede paran yo fè lapè ak pitit yo. L ap ede moun ki dezobeyisan yo mennen yon vi konfòm ak volonte Bondye poutèt jan yo panse. L ap fè tout bagay sa yo pou l ka prepare kè moun yo pou yo rankontre Senyè a.
18Lè sa a, Zakari di anj lan konsa: “kijan m ap fè konnen si sa w di m nan se vre? Paske m se yon vye granmoun epi madanm mwen se yon vye granmoun tou.”
19Zanj lan reponn li: “Mwen rele Gabriyèl, se nan prezans Senyè a menm mwen kanpe. Senyè a te voye m vin pale ak ou pou m te ka ba w bòn nouvèl sa a. 20Men, fòk mwen di w sa tou wi, ou pral bèbè. Ou p ap ka pale jouk tan sa m sot di w la rive, poutèt ou pa t kwè nan pawòl mwen ki gen pou akonpli nan tan ki fikse pou li a.”
21Moun yo menm ki te deyò a ap tann Zakari, yo te kòmanse kraponnen poutèt Zakari te pran tout tan sa a anndan tanp lan. 22Lè Zakari te vin soti, li pa t kapab pale ak foul la. Lè sa a, yo vin reyalize li te resevwa yon vizyon anndan an. Se an siy sèlman li t ap kominike ak yo paske li te bèbè. 23Lè peryòd li te desèvis la te vin fin i, Zakari te retounen lakay li.
24Kèk tan apre sa, Elizabèt madanm Zakari vin ansent. Li fè senk mwa kache anndan kay. Elizabèt di konsa: 25“Finalman, Senyè a chwazi ede m nan fason sa a. Li sitèlman panche sou ka mwen, li leve kalite wont sa a pou mwen devan je pèp la.”
Yon anj vin anonse nesans Jezi
26Lè Elizabèt te gen simwa ansent, Bondye voye yon anj ki rele Gabriyèl vin nan yon ti vil ki rele Nazarèt, nan zòn Galile. 27Zanj lan te vin pale ak yon jèn fi ki pa t ko nan lavi gason ki te rete lavil Nazarèt. Jèn fi sa a te fiyanse ak yon jèn gason yo te rele Jozèf ki li menm te soti nan branch fanmi David. Yo te rele jèn fi sa a Mari. 28Zanj lan avanse sou Mari epi li di l: “Bonjou! Senyè a avèk ou. Ou se yon moun Bondye beni anpil.”
29Men, sa anj lan te di a te twouble Mari anpil. Li t ap mande tèt li kisa sa vle di.
30Epi anj lan di li: “Ou pa bezwen pè, Mari. Ou se yon moun Senyè a fè gras. 31Tande byen, ou gen pou ou vin ansent epi ou ap fè yon pitit gason. Ou a rele pitit gason sa a Jezi. 32L ap vin yon moun ki gran. Y a rele l Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la. Senyè a ap fè l vin wa tankou David gran gran papa li. 33L ap renye sou pèp Izrayèl la pou tout tan. Pouvwa li p ap janm fin i.”
34Lè sa a, Mari di anj lan konsa: “Ki jan sa ka fè rive? Mwen se yon moun ki pa ko nan lavi gason.”
35Zanj lan reponn li: “Sentespri a pral vini sou ou, epi pouvwa Bondye ki pi wo nan syèl la pral kouvri w. Se poutèt sa, pitit ou pral fè a ap sen. Y ap rele l Pitit Bondye. 36Epi fòk mwen di w sa tou, fanmi ou, Elizabèt, ansent kounye a la a. Malgre li fin granmoun, li pral fè yon pitit gason. Yo te di li pa t kapab fè pitit, epoutan gen simwa la a depi li ansent. 37Sa rive konsa, paske pa gen anyen ki enposib pou Bondye.”
38Mari di li: “Se sèvant Senyè a mwen ye. Se pou sa rive m jan ou di a.” Apre sa, Zanj lan ale.
Mari al rann Zakari ak Elizabèt yon vizit
39Nan menm epòk la, Mari leve, san pèdi tan, li ale nan yon ti vil nan mòn Jide. 40Mari antre lakay Zakari epi li salye Elizabèt. 41Menm kote Elizabèt fin tande salitasyon Mari a, pitit ki nan vant Elizabèt la pran sote nan vant li epi Sentespri a ranpli Elizabèt.
42Li pale byen fò epi li di Mari konsa: “Bondye beni ou pami tout fi, li beni pitit ou ap fè a tou. 43Ki sa m ye menm, pou manman Senyè m nan vin lakay mwen? 44Paske menm kote salitasyon ou nan rive nan zòrèy mwen, pitit la pran danse nan vant mwen, tèlman li kontan. 45Ou se yon moun ki beni, paske ou te kwè sa Senyè a te di w la gen pou rive vre.”
Mari fè lwanj pou Senyè
46Apre sa Mari di:
“Nanm mwen beni non Bondye.
47Lespri m rejwi nan Bondye sovè mwen.
48Malgre mwen pa gen enpòtans,
Senyè a manifeste favè li anvè mwen, pòv sèvant li a.
Depi kounye a pou jouktan sa fin i,
tout moun ap sonje kijan Bondye beni m anpil.
49Wi, Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil gwo bagay pou mwen.
Non li sen anpil.
50Li toujou gen konpasyon
pou moun ki gen krentif pou li.
51Li manifeste pouvwa li nan sa li fè ak men li.
Moun ki ògeye yo epi ki panse se yon pakèt afè yo ye, li fè yo wont.
52Li ranvèse wa yo sou twòn yo
epi li leve tèt moun ki bese byen ba devan li.
53Li bay moun ki grangou yo manje pou plen vant yo,
men li voye moun rich yo ale san anyen.
54Bondye ede Izrayèl pèp li chwazi pou sèvi l la.
Li pa t janm bliye mizerikòd li.
55Jan li te di zansèt nou yo,
Abraram ansanm ak desandan l yo,
li t ap fè l la, pou tout tan gen tan.”
56Mari pase anviwon twa mwa lakay Elizabèt, apre sa li tounen lakay li.
Nesans Janbatis
57Lè lè a te rive pou Elizabèt akouche, li fè yon pitit gason. 58Lè vwazen l yo ak fanmi l yo pran nouvèl kijan Bondye te manifeste bonte li anvè Elizabèt, sa te fè yo kontan anpil pou li. 59Lè ti bebe a te gen uit jou, yo te ale pou sikonsi li. Yo te vle rele l Zakari tou pou te leve non papa l. 60Men, manman l te di: “Non, se Jan pou l rele.”
61Moun ki te la yo di Elizabèt konsa: “Men, pa gen pèsonn nan fanmi w ki rele Jan.” 62Lè sa a, yo pale an siy ak papa a, yo mande l: “Ki jan ou ta renmen rele pitit la?”
63Zakari mande pou yo ba li yon bagay pou l ekri. Epi li ekri, “Non li se jan.” Tout moun te sezi. 64Apre sa, Zakari te vin ka pale ankò, epi li te kòmanse fè lwanj pou Bondye. 65Tout moun nan vwazinay la te vin pè pou sa k pase a. Epi nan tout mòn Jide a moun pa t sispann pale koze a. 66Tout moun ki te pran nouvèl sa k pase a t ap poze tèt yo anpil kesyon. Yo t ap mande tèt yo: “Ki sa ti gason sa a ap devni menm?” Yo te ka wè pouvwa Senyè a te avèk ti gason an.
Zakari fè lwanj pou Bondye
67Apre sa, Sentespri a te ranpli Zakari, papa Jan, epi li te kòmanse ap bay pèp la yon mesaj ki soti nan Bondye ki di konsa:
68“Lwanj pou Senyè a, Bondye Izrayèl la.
Li vin pote konkou bay pèp li a,
li vin libere yo.
69Li ban nou yon Sovè ki gen anpil puisans
ki soti nan branch fanmi sèvitè li David.
70Se sa menm li te pwomèt
pa mwayen pwofèt li yo depi nan tan lontan.
71Li te pwomèt pou l delivre nou anba lènmi nou yo
anba grif tout moun ki rayi nou yo.
72Li te di li t ap manifeste konpasyon li anvè gran paran nou yo,
epi li t ap toujou sonje alyans san defo li te fè ak yo a.
73Se sa menm li te pwomèt
gran papa nou Abraram,
74yon pwomès pou l delivre nou anba puisans lènmi nou yo,
pou nou kapab sèvi li san kè sote,
75nan sentete ak nan yon fason ki kòrèk
devan je li toutotan n ap viv.
76Kanta pou ou menm, ti gason,
y a rele w pwofèt Bondye ki pi wo nan syèl la.
Ou ap gen pou pran devan Senyè a pou prepare chemen an pou li.
77Ou ap fè pèp li a konnen y ap jwenn delivrans
nan resevwa padon pou peche yo.
78Paske Bondye gen kè sansib,
l ap fè yon limyè#1:78 yon limyè Literalman, “yon douvanjou”, otè a itilize l nan ka sa a, pwobableman pou l fè referans ak “Mesi” a. soti anwo vin klere nou tankou solèy k ap leve.
79L ap klere sa yo k ap viv nan fènwa epi ki chita anba lonbray lanmò.
L ap gide nou nan chemen lapè a.”
80Ti gason an menm t ap grandi epi li te byen devlope nan lespri l. Li te rete nan dezè a jouktan lè a te rive pou l parèt an piblik pou l preche mesaj Bondye a devan pèp Izrayèl la.

Currently Selected:

Lik 1: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy