YouVersion Logo
Search Icon

Jonas 3

3
Obeyisans Jonas
1Lè sa a, SENYÈ a pale ankò ak Jonas yon fwa ankò, li di l: 2“Leve, ale Niniv, gran vil la, epi bay mesaj mwen ba ou a.”
3Fwa sa a, Jonas obeyi SENYÈ a. Li ale Niniv#3:3 Niniv Literalman, “yo gwo vil”. Sa te kapab vle di “yon vil ki te gen anpil enpòtans pou dye yo/plen ak zidòl”. Sa kapab vle di tou “yon vil ki te gen anpil enpòtans pou Bondye”, “yon vil ekstrèmeman laj” oubyen se posib, “yon vil enpòtan anpil”., jan Bondye mande l la. Niniv te yon vil ki laj anpil. Yon moun t ap bezwen twa jou pou l ta mache non tout vil sa a.#3:3 Lide Jonas mache pandan twa jou pou travèse vil Niniv kreye kèk difikilte pou konprann li akoz sikonferans vil la ki anviwon trèz kilomèt. Nan ka sa a, gen 2 fason nou ka konprann lide sa a: swa Jonas te kanpe detanzantan pandan l ap mache, swa Niniv se yon pwovens ki genyen lòt ti zòn ladan li. Konsa, Jonas te fè yon bon mache anvan li antre nan vil la.
4Jonas te antre nan vil la. Apre li mache tout yon jounen, li kòmanse pale ak pèp la konsa: “Nan karant (40) jou, lavil Niniv pral detwi.”
Repantans pèp Niniv la
5Tande pèp Niniv la te tande mesaj la, yo kwè nan pawòl Bondye a. Tout moun, grannèg kou malere, deside pou pa manje anyen. Yo mete rad dèy sou yo.
6Lè wa Niniv la tande sa, li kite twòn li. Li wete bèl rad wayal ki te sou li a, li mete yon rad sak sou li, epi li chita nan sann dife.#3:6 Moun yo tan lontan te konn chita sou sann dife pou montre jan yo tris. 7Apre sa, wa a ansanm ak tout lòt gwo chèf ki nan vil Niniv la ekri yon kominike, yo voye l nan tout peyi a. Yo pase lòd sa pou tout moun respekte:
“Se pou okenn moun ni okenn bèt vivan tankou bèf, kabrit ak mouton pa ni manje ni bwè.
8Tout moun ak tout zannimo dwe mete rad dèy sou yo. Yo dwe rele kriye ak tout fòs devan Bondye. Yo dwe kite move fason yo konn trete pwochen yo. Se pou yo sispann vyolans y ap komèt nan mitan yo. 9Petèt, Bondye va chanje lide. Li p ap fache kont nou ankò. Konsa, nou p ap mouri.”
10Lè Bondye wè tout efò yo fè pou kite move zak yo t ap fè yo, li chanje lide l. Li pa detwi pèp la ankò paske li gen pitye pou yo.

Currently Selected:

Jonas 3: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy