YouVersion Logo
Search Icon

Jan 20

20
Jezi leve vivan soti nan lanmò
(Mat 28:1-10; Mak 16:1-8; Lik 24:1-12)
1Premye jou nan senmenn nan, nan devanjou, li pa t ko fin fè klè nèt, Mari, moun Magdala a, te ale nan kav la. Li gade, li wè wòch bouch kav la woule, kav la louvri. 2Li kouri al jwenn Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te renmen an, epi li di yo: “Yo wete Senyè a nan kav la, epi nou pa konn kote yo mete l.”
3Lè sa a, Pyè soti ansanm ak lòt disip la, yo ale nan kav la. 4Yo toulede t ap kouri ansanm, men lòt disip la te kouri pi vit pase Pyè, li rive an premye nan kav la. 5Li bese gade epi li wè twal yo depoze yon kote, men li pa t antre.
6Lè Simon Pyè menm vin rive, li t ap swiv li, li antre nan kav la, epi li gade twal yo byen gade, yo te depoze la. 7Twal ki te kouvri tèt Jezi a te la tou, men li pa t ansanm ak lòt twal yo, li te ranje apa, nan yon lòt plas. 8Se lè sa a, lòt disip la, disip ki te rive an premye a, li te antre nan kav la tou. Li te wè epi li te kwè. 9Pou di vre, yo pa t ko konprann Bib la ki te vle di Jezi te dwe resisite soti nan lanmò.
Mari, moun Magdala a, wè Jezi
(Mak 16:9-11)
10Apre sa, disip yo te tounen lakay yo. 11Mari te rete deyò toupre kav la, epi li t ap kriye. Ak je l tou plen dlo, li panche gade anndan kav la 12epi li wè de anj abiye tou de blan, yo chita egzakteman kote kò Jezi te ye a, youn nan tèt, epi lòt la nan pye.
13Yo di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye konsa?”
Li reponn yo: “Yo wete kò Senyè m nan epi m pa konnen kote yo mete li.” 14Pandan l ap pale, li vire, epi li wè Jezi ki kanpe la, men li pa t konnen si se te li menm.
15Jezi di l konsa: “Madam, pou kisa ou ap kriye? Kilès ou ap chache?”
Men li menm, li panse se te responsab jaden an, li di l: “Mesye, si se ou ki wete l, di m kote w mete l, m va al pran li.”
16Jezi di l: “Mari!”, Mari vire je li, li di nan lang Arameyen: “Rabouni!”, sa vle di “Mèt mwen”.
17Jezi di l: “Pa kenbe m! Paske m poko monte ale jwenn Papa m. Sa w gen pou fè, ale jwenn disip mwen yo,#20:17 disip mwen yo Literalman, “frè m yo”. di yo mwen monte al jwenn Papa m, ki Papa nou tou, mwen ale jwenn Bondye m, ki Bondye pa nou tou.”
18Mari, moun Magdala a, te vin di disip yo konsa: “Mwen wè Senyè.” Epi li di yo sa Senyè a te di l.
Jezi parèt devan disip li yo
(Mat 28:16-20; Mak 16:14-18; Lik 24:36-49)
19Premye jou nan senmenn nan, byen ta nan apre midi, disip yo te ansanm nan yon kay. Poutèt yo te pè Jwif yo, yo fèmen pòt la. Jezi vini, li kanpe nan mitan yo epi li di yo: “Lapè avèk nou!” 20Apre l fin di sa, li montre yo men l yo ak bò kòt li. Lè disip yo te wè Senyè a, se pa ti kontan yo te kontan.
21Yon lòt fwa ankò, Jezi di yo: “La pè avèk nou. Menm jan Papa a te voye m, kon sa mwen menm mwen voye nou tou.” 22Lè l te fin pale konsa, li soufle sou yo epi li di yo: “Resevwa Sentespri a.” 23Moun nou padone peche yo, peche yo ap padone. Moun nou refize padone, yo p ap jwenn padon.
Jezi fè Toma wè li
24Men Toma, youn nan douz disip yo, sa yo te rele Didim nan, li pa te la lè Jezi te vini an. 25Lòt disip yo di l: “Nou wè Senyè a wi!” Men li reponn yo: “Si m pa wè mak klou yo nan men l, si m pa mete men m bò kòt li epi nan mak klou yo, m p ap kwè!”
26Apre uit jou, disip yo te reyini ankò nan yon kay. Lè sa a, Toma te la avèk yo. Jezi vin kanpe nan mitan yo epi li di yo: “La pè avèk nou.” 27Apre sa, li di Toma: “Vini ak dwèt ou epi gade men m yo, lonje men w, foure dwèt ou nan bò kòt mwen, sispann rete nan enkredilite, se pou w tounen yon moun ki gen lafwa.”
28Toma reponn li: “Senyè mwen, Bondye mwen.”
29Jezi di l konsa: “Paske w wè m ou kwè, benediksyon pou moun ki pa wè men ki kwè.”
Pou kisa Jan ekri liv sa a?
30Jezi te fè anpil lòt mirak ankò ki pa rapòte nan liv sa a. 31Men bagay sa yo ekri pou nou kapab rive kwè#20:31 rive kwè Oubyen “pou nou kapab kontinye kwè”. Jezi se Kris la, Pitit Bondye a, epi tou lè nou kwè sa nou va gen lavi etènèl.

Currently Selected:

Jan 20: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy