YouVersion Logo
Search Icon

Jan 17

17
Jezi ap priye pou li menm ak disip li yo
1Apre Jezi te fin di bagay sa yo, li leve je l nan syèl la epi li di: “Papa, lè a rive, fè lwanj pou Pitit ou a, pou Pitit ou a kapab fè lwanj pou ou, 2menm jan ou ba li pouvwa sou tout moun, pou l ka bay tout moun ou ba li lavi etènèl. 3Lavi etènèl se lè yon moun konnen w kòm sèl vrè Bondye, epi lè l konnen Jezikris, moun ou voye a. 4Mwen te fè lwanj pou ou sou latè, mwen fini travay ou te ban m fè a nèt. 5Kounye a Papa, fè m jwenn lwanj kote w, lwanj mwen te genyen bò kote w depi anvan lemonn te egziste.
6Mwen fè moun ou te pran ban mwen nan lemonn yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye, ou ban mwen yo, epi yo mete Pawòl ou an pratik. 7Kounye a, yo konnen tout sa m posede se ou ki ban mwen yo. 8Paske pawòl mwen te pale yo se pawòl pa w ou te ban mwen. Yo aksepte pawòl ou yo. Yo konnen mwen soti kote w toutbon vre, yo kwè se ou ki voye m. 9M ap priye pou yo kounye a. Mwen p ap priye w pou lemonn, men pou sa ou ban mwen yo. Se pou ou yo ye, 10tout sa k pou mwen se pou ou, menm jan tout sa k pou ou se pou mwen, epi mwen te jwenn lwanj nan yo.
11Nan yon ti tan, mwen pral jwenn ou epi mwen p ap nan lemonn ankò, men yo menm yo nan lemonn. Papa, ou sen, prezève yo ak pouvwa non w genyen an, non w ou ban mwen an, pou yo kapab youn menm jan mwen menm ak ou, nou se youn. 12Lè m te ak yo, mwen te kenbe yo ak pouvwa non w ou ban mwen an. Mwen te pwoteje yo, okenn nan yo pa t pèdi, sof sa k te fèt pou pèdi a. Sa te pase kon sa pou pwofesi Bib la te ka akonpli.
13Kounye a mwen prale kote w, mwen di pawòl sa yo nan lemonn pou yo kapab gen lajwa m nan kè yo san mank. 14Mwen te ba yo pawòl ou epi lemonn te rayi yo, poutèt yo pa pou lemonn ankò, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn.
15Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an. 16Yo pa pou lemonn, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn. 17Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a. 18Menm jan ou te voye m nan lemonn, se kon sa mwen voye yo tou. 19Poutèt yo, mwen mete m apa pou m sèvi ou jan w vle a. Konsa, yo menm tou, yo va mete yo apa pou yo sèvi w jan w vle a, grenmesi Verite a.
20Mwen pa priye pou yo sèlman, mwen priye tou pou moun k ap vin kwè poutèt temwanyaj yo. 21Papa, m ap priye pou tout moun ou ban mwen yo fè youn. Menm jan ou menm, ou nan mwen, mwen nan ou, se pou yo fè yon sèl nan nou. Konsa moun ki nan lemonn kapab kwè se ou menm ki voye m. 22Mwen menm, mwen ba yo glwa ou te ban mwen an. Mwen ba yo l pou yo tout ka fè youn, menm jan ou menm ak mwen fè youn. 23Mwen nan yo, menm jan ou menm ou nan mwen. Se pou yo rive fè youn nèt ale. Konsa, moun nan lemonn ka rekonèt se ou ki te voye m, epi tou ou renmen yo, menm jan ou renmen m nan.
24Papa, mwen vle kote m ye, se la pou moun ou ban mwen yo ye avè m tou, pou yo wè glwa ou ban mwen, paske ou renmen mwen anvan lemonn te fèt. 25Papa, ou menm ki jis, menm lè lemonn pa konnen w, mwen menm mwen konnen w, epi disip mwen sa yo rekonèt se ou menm ki voye mwen. 26Mwen fè yo konnen ki moun ou ye, epi m p ap manke kontinye fè sa, pou lanmou ou gen pou mwen kapab nan yo, epi mwen menm mwen kapab nan yo.”

Currently Selected:

Jan 17: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy