YouVersion Logo
Search Icon

Jan 13

13
Jezi lave pye disip li yo
1Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.
2Pandan yo t ap manje nan aswè, lè sa a, Satan te gentan mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou l trayi Jezi. 3Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye, 4li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li. 5Apre sa, li vide dlo nan yon veso, li pran lave pye#13:5 lave pye Yon koutim nan sosyete a nan premye syèk la, paske moun yo te mete sandal nan pye yo nan tout kalte wout plen ak labou oubyen pousyè. Anvan yo te antre nan kay la, yon esklav te dwe lave pye yo. Se te yon bagay byen imilyan, se yon sèvitè oubyen yon esklav ki te konn fè sa. (Menm bagay nan vèsè 6-14.) disip li yo, epi siye yo ak twal li te mare ren l lan.
6Li te rive sou Simon Pyè pou l lave pye l. Pyè di l konsa: “Ou menm Senyè, lave pye m!”
7Jezi reponn li: “Sa m ap fè la a ou poko ka konprann sa kounye a, ou va konprann sa apre.”
8Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!”
Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.”
9Simon Pyè reponn: “Si se konsa, se pa pye m pou w lave sèlman, lave ni men m ni tèt mwen tou!”
10Jezi di l konsa: “Yon moun ki benyen deja, li pa bezwen lave kò l ankò, paske tout kò l gentan pwòp, se pye l sèlman li bezwen lave. Nou pwòp deja, men se pa nou tout.” 11Li te konnen ki moun ki te gen pou trayi l la, se poutèt sa li di: “Se pa nou tout ki pwòp.”
12Lè Jezi fin lave pye disip yo, li remete rad li sou li, li chita ankò bò tab la, epi li di: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? 13N ap rele m Mèt ak Senyè. Nou byen fè, se sa mwen ye vre. 14Si mwen menm ki Senyè ak Mèt, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou youn dwe lave pye lòt. 15Paske se yon egzanp mwen ban nou. Sa mwen fè pou nou an se pou nou youn fè l pou lòt. 16An verite, an verite, mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li, ni yon komisyonè pi gran pase moun ki voye l la. 17Si nou konnen bagay sa yo, nou se moun ki beni anpil, men se si nou fè sa.
18Pawòl m ap di la a pa konsène tout moun. Mwen konnen kilès mwen chwazi. Men pou Bib la kapab akonpli: Moun k ap manje pen avèk mwen an leve kont mwen.#13:18 leve kont mwen Literalman, “leve talon kont mwen”. Fraz sa a vle di “vire do ban mwen”, “leve kont mwen”, “trayi m”. Sitasyon sa a soti nan Sòm 41:9. 19Depi kounye a mwen di nou sa anvan l rive. Konsa, lè sa va rive, nou va kwè mwen se Mesi a vre.#13:19 mwen se Mesi a vre Literalman, “Mwen se li”. Ekspresyon sa a, se menm bagay ak non Bondye ki itilize nan Ansyen Testaman an. Gade nan Egz 3:14 epi tou Eza 41:4; 43:10. Li kapab vle di tou “se men menm ki,” sa vle di “Se mwen menm ki Mesi a.” 20An verite, an verite, mwen di nou: moun ki resevwa moun mwen voye, se mwen li resevwa, men moun ki resevwa m, se moun ki voye m nan li resevwa.”
Jezi fè konnen kilès ki va leve kont li
(Mat 26:20-25; Mak 14:17-21; Lik 22:21-23)
21Lè l fin pale konsa, li te santi l boulvèse anndan l, epi li di yo aklè: “An verite, an verite, mwen di nou: gen youn nan nou k ap trayi m.”
22Disip yo te pran gade youn lòt, yo pa t konnen pou kilès nan yo Jezi di pawòl sa a. 23Youn nan disip yo ki te bò tab la, sa Jezi te renmen anpil la, li te chita kòtakòt ak Jezi. 24Simon Pyè fè disip sa a yon siy pou l mande Jezi pou kilès nan yo l ap pale.
25Disip la panche bò zòrèy Jezi, li di l: “Senyè, se kilès?”
26Jezi reponn li: “Moun ou va wè m tranpe yon moso pen ba li a.” Lè sa a, li plonje yon moso pen nan asyèt la epi li lonje l bay Jida Iskaryòt, pitit Simon an. 27Apre moso pen sa a, satan antre nan Jida. Lè sa a, Jezi di l: “Sa ou ap fè a fè l vit.” 28Pèsonn sou tab la pa t konprann pou kisa li te di Jida sa. 29Kòm Jida te responsab kès la, kèk moun te panse Jezi te di li, al achte sa w gen pou achte pou fèt la, oubyen bay pòv yo kichòy.
30Jida limenm, li fin pran moso pen tranpe a, li leve soti lamenm, li te lannuit fènwa.
Jezi pale sou lanmò li
31Lè Jida soti, Jezi di konsa: “Kounye a yo pral glorifye Pitit Lòm nan, li menm li glorifye Bondye nan lavi l. 32Poutèt Pitit la te glorifye Bondye Papa a nan lavi l, talè konsa, Papa a pral glorifye Pitit la nan li menm.
33Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a.
34M ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou renmen youn lòt. Se pou nou renmen youn lòt menm jan m renmen nou an. 35Tout moun va konnen nou se disip mwen, si nou youn renmen lòt.”
Jezi di Pyè gen pou renye l
(Mat 26:31-35; Mak 14:27-31; Lik 22:31-34)
36Simon Pyè mande Jezi: “Senyè, kote w prale?”
Jezi reponn li: “Kote m prale a ou pa kab swiv mwen kounye a, men ou va swiv mwen pita.”
37Pyè di l konsa: “Senyè, pou kisa m pa kapab swiv ou kounye a? M prèt pou m bay lavi m pou ou.”
38Jezi reponn li: “Ou ap bay lavi w pou mwen? An verite, an verite, m ap di w: anvan kòk chante, ou ap gen tan fè sèman di ou pa konnen m.”

Currently Selected:

Jan 13: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy