YouVersion Logo
Search Icon

Jan 1

1
Jezikris, Pawòl etènèl Bondye a
1Anvan tout bagay te kòmanse,
Pawòl#1:1 Pawòl Mo grèk la se “logos”, ki vle di nenpòt ki kalite kominikasyon. Yo kapab tradui l “mesaj”. Nan plas sa a, yo itilize l kòm yon non pou Jezi, ki se fason Bondye chwazi pale ak lemonn epi pale sou lanmou li pou tout moun. Se menm bagay nan vèsè 10, 14, 16. la te la.
Li te avèk Bondye
epi Pawòl la se te Bondye menm.
2Li te avèk Bondye
nan kòmansman.
3Se ak li menm tout bagay te kreye;
pa te gen anyen ki te kreye san li.
4Se nan limenm lavi te ye,
epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè.
5Limyè#1:5 Limyè Se Kris la, se Pawòl la ki pote konprann sou Bondye. Gade nan vèsè 7 la tou. a klere nan fènwa,
men fòs fènwa pa kapab gen viktwa#1:5 gen viktwa Nou kapab tradui “Pote viktwa sou li” oubyen “konprann li”. sou li.
6Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. 7Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. 8Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. 9Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun.
10Men Pawòl la te nan mond lan deja,
se ak Pawòl la menm mond lan te kreye.
Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la.
11Li te vini pami moun pa l yo,
men moun pa l yo pa t resevwa li.
12Men, tout moun ki resevwa Pawòl la,
epi ki kwè nan li,
li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye.
13Yo vin pitit Bondye,
men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit.
Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa,
men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li.
14Pawòl la te vin tounen moun
epi li viv nan mitan nou.
Nou te wè grandè li manifeste,
yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen.
Pawòl la te plen gras
epi li montre nou tout verite Bondye a.
15Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.”
16Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou,
nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt.
17Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz,
men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris.
18Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a.
Men, se sèl Pitit Bondye
a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a,
se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.#1:18 Men, se sèl … Papa a ye Oubyen yon fason pi literal, “Sèl Pitit la, Bondye, ki nan yon relasyon sere sere ak Papa a, li menm montre nou sa l sanble.” Kèk lòt kopi grèk di: “Sèl Pitit gason an ki trè pwòch ak Papa a se li montre nou sa l sanble.”
Jan rann temwanyaj pou Jezi
(Mat 3:1-12; Mak 1:1-8; Lik 3:1-9, 15-17)
19Men ki temwanyaj Jan te bay lè lidè Jwif yo nan Jerizalèm te voye kèk Sakrifikatè ak kèk Levit al mande l: “Ki moun ou ye?” 20San l pa ezite, li di byen klè: “Se pa mwen ki Mesi a.”#1:20 Mesi a Literalman, “Kris”, se yon mo Grèk ki tradui mo Ebre “Mesi”, se yon tit yo konn bay wa yo, epi mo sa a vle di “Wenn” oubyen konsakre. Gade Kris ak Mesi nan Lis Mo yo.
21Alò, yo mande l: “ki moun ou ye? Èske ou se Eli?”
Li reponn: “Non, mwen pa Eli.”
Yo mande l: “Èske ou se pwofèt#1:21 pwofèt Li pwobab se pwofèt Bondye te di Moyiz li t ap voye a. Gade nan Det 18:15-18. la?”
Li reponn: “Non.”
22Lè sa a, yo di li: “Ki moun ou ye menm? Ban nou yon repons pou n bay moun ki te voye nou yo. Ki sa ou di de ou menm?”
23Jan site pawòl pwofèt Ezayi sa yo ba yo:
Mwen se vwa yon moun k ap pale byen fò nan dezè a, k ap di:
“prepare chemen Senyè a byen dwat.”#Eza 40:3.
24Pami moun yo te voye kote Jan yo, kèk nan yo se te Farizyen. 25Yo di Jan: “Si ou pa ni Mesi a, ni Eli, ni pwofèt ki gen pou vini an, alò, pou kisa ou ap batize moun?”
26Jan reponn yo: “Mwen batize moun yo nan dlo. Men gen yon moun nan mitan nou, nou pa menm konnen l, 27Li va vini apre m. Mwen pa bon ase pou m ta lage lasèt sandal li.”
28Tout bagay sa yo te pase nan rejyon Betani, sou lòtbò rivyè Jouden an. Se la Jan t ap batize moun yo.
Jezi, mouton Bondye a
29Nan demen, Jan wè Jezi ki t ap vini bò kote l, li di: “Gade, men mouton Bondye a! Se li ki wete peche lemonn. 30Se de li menm mwen t ap pale nou, lè m te di: Gen yon moun ki gen pou vini apre m ki pi gran pase m, paske li te la anvan m. 31Mwen pa t konnen ki moun li te ye. Men mwen te vin batize moun nan dlo pou pèp Izrayèl la ta konnen se li menm ki Mesi a.”
32Men temwanyaj Jan te rann: “Mwen te wè Lespri Bondye desann soti nan syèl tankou yon pijon vin poze sou li. 33Mwen menm, mwen pa t konnen li. Men, Bondye ki voye m vin batize moun nan dlo a te di m: Moun ou va wè Sentespri Bondye a desann poze sou li a, se li menm ki va batize moun ak Sentespri Bondye a. 34Sa te rive vre, mwen te wè l, epi mwen sètifye Nonm sa se Pitit Bondye.”#1:34 Nonm sa se Pitit Bondye Kèk nan kopi Grèk ki ansyen anpil, yo genyen “Se li ki moun Bondye chwazi a.”
Premye disip Jezi yo
35Nan demen ankò, Jan te la avèk de nan disip li yo. 36Li t ap gade Jezi ki t ap pase epi li di: “Men li, men mouton#1:36 mouton Yon non senbolik pou Jezikris. Li vle di Jezi se te yon ofrann pou peche menm jan ak ti mouton yo te konn bay Bondye pou sakrifis nan Ansyen Testaman an. Bondye a!”
37Lè de disip yo te tande sa Jan di a, yo swiv Jezi. 38Jezi vire gade, epi li wè de mesye yo ap swiv li. Li mande yo: “kisa nou vle?”
Yo reponn: “Mèt, ki kote ou rete?”
39Jezi reponn yo: “Vini, nou va wè.” Se kon sa de mesye sa yo te pati avèk Jezi. Yo te wè kote li rete, epi yo rete pase jounen an ak li. Se te bò katrè konsa.
40Mesye sa yo te swiv Jezi apre yo fin tande sa Jan te di sou Jezi a. Andre, frè Simon Pyè a, te youn nan yo. 41Premye bagay Andre fè, l al chache Simon, frè li. Andre di li: “Nou jwenn Mesi a” (ki vle di Kris).
42Alò Andre mennen Simon bay Jezi. Jezi gade Simon epi li di l: “Ou se Simon, pitit Jonas, yo va rele w Sefas.”#1:42 Sefas Nan lang grèk la se menm bagay ak lang Arameyen an, li vle di “Wòch”. (Sefas vle di Pyè ki vle di Wòch.)
43Nan demen, Andre te vle pou yo al Galile pou chache Filip. Lè yo jwenn li, Jezi di li: “Swiv mwen.” 44Filip te moun yon ti vil ki rele Bètsayida, menm kote ak Andre ak Pyè. 45Filip te rankontre Natanayèl, li di l: “Nou jwenn moun Moyiz te pale sou li nan Lalwa a. Pwofèt yo te pale sou li tou. Se Jezi, pitit Jozèf la, moun Nazarèt la.”
46Men, Natanayèl di Filip konsa: “Nazarèt! Èske gen yon bon bagay ki ka soti Nazarèt?”
Filip reponn li: “Vini, ou va wè.”
47Jezi wè Natanayèl ki t ap vin jwenn li, li di: “Nonm sa a k ap vini an se yon Izrayelit toutbon, yon nonm moun ka fè konfyans.”#1:47 konfyans Literalman, “yon moun ki pa gen twou nan manch.” Nan Ansyen Testaman an, lòt non Izrayèl se te Jakòb kite vle di “Mèt dam”. Se repitasyon sa a li te genyen. Gade nan Jen 27:35, 36.
48Natanayèl di Jezi: “Kòman ou fè konnen mwen?”
Jezi reponn li: “Mwen te wè w lè ou te anba pye figye a, anvan menm Filip te rele w la.”
49Alò Natanayèl reponn: “Mèt, ou se pitit Bondye a. Ou se Wa Izrayèl la.”
50Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.” 51Epi Jezi kontinye pou l di: “Nou mèt kwè m lè m di nou gen pou nou wè syèl la louvri epi anj Bondye yo k ap monte desann#1:51 Sitasyon sa a soti nan Jen 28:12. Se yon pati nan istwa yon rèv Jakòb te fè, lè l te wè yon nechèl soti nan syèl rive sou latè epi anj ap monte desann sou li. Gade nan Jen 28:11-17. sou Pitit Lòm nan.”

Currently Selected:

Jan 1: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy