YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 10

10
Sakrifis Jezikris a sifi
1Lalwa pa t ka ban nou yon imaj fidèl sou tout bon bagay Bondye te rezève pou nou, se sèlman yon imaj ki pa twò klè li te ban nou. Se sa k fè, malgre yo te kontinye ofri menm sakrifis ane apre ane, lalwa pa t ka mennen okenn moun nan nivo pèfeksyon. 2Si lalwa te ka mennen moun nan nivo pèfeksyon, sakrifis yo t ap gentan sispann byen lontan deja. Pèp la t ap gentan delivre anba tout peche yo, konsyans yo t ap gentan sispann fè yo santi yo koupab. 3Men sakrifis yo te sèvi tankou yon èd memwa pito pou fè yo sonje peche yo chak ane, 4paske li enposib pou san towo bèf ak kabrit delivre moun anba peche yo.
5Se poutèt sa, lè Jezikris vini nan mond lan, li di Bondye:
“Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann,
men, ou te prepare yon kò pou mwen.
6Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule pou ou yo.
Ou pa t pran plezi nan ofrann pou peche yo.
7Epi mwen di: men mwen Bondye
mwen vini pou m fè tout sa ou vle
selon sa ki ekri sou mwen nan liv lalwa a.”#Sòm 40:6-8.
8Kris kòmanse di: “Ou pa t bezwen sakrifis ak ofrann. Ou pa t satisfè ak ofrann yo boule ak ofrann yo boule pou peche” (byenke se lalwa ki mande yo tout sakrifis sa yo.) 9Apre sa li di: “Men mwen Bondye, mwen vini pou m fè tout sa ou vle.” Kris la elimine ansyen kontra sakrifis la epi li ranplase l ak yon nouvo kontra. 10Jezikris te fè tout sa Bondye te vle l fè. Li te ofri kò l yon fwa pou tout pou l te ka fè nou vin sen.
11Prèt yo kanpe chak jou pou yo fè sèvis Bondye. Jou apre jou yo ofri menm sakrifis yo. Men, sakrifis sa yo pa ka libere moun anba peche. 12Poutan Kris ofri yon sèl sakrifis pou peche yon fwa pou tout. Apre sa, li chita adwat Bondye. 13Kounye a, Kris ap tann jouktan Bondye mete tout lènmi l yo anba kontwòl li.#10:13 mete tout lènmi l yo anba kontwòl li Literalman, “fè yo tounen yon ti ban pou l mete pye l.” 14Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis.
15Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di:
16“SENYÈ a di se pwomès sa a#10:16 pwomès sa a Sa vle di kontra ki nouvo epi ki pi bon an Bondye te bay pèp li a pa mwayen Jezikris. Gade Kontra nan Lis Mo yo. m ap fè
avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo.
M ap mete prensip mwen yo nan kè yo.
M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.”#Jer 31:33.
17Apre sa, li di:
“M ap pase yon trè sou peche yo.
M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.”#Jer 31:34.
18Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche.
Pwoche bò kote Bondye
19Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a. 20Nou antre Kote ki pi Sen an pa mwayen nouvo wout Jezi trase pou nou an. Se yon wout vivan ki kondui atravè rido a. Wout sa a se pwòp kò Kris la. 21Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a. 22Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la. 23An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li.
An nou motive youn lòt
24An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv. 25An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive.
Pa vire do bay Jezi
26Si nou deside pou nou kontinye nan peche nou yo apre nou fin tande verite a, alò pa gen okenn lòt sakrifis ki ka retire nou nan peche nou yo. 27Si nou kontinye nan peche, sèl sa ki rete pou nou se pare tann jou tèrib jijman an avèk dife ki pa ret ak dife ki gen pou detwi sila yo ki nan rebelyon kont Bondye. 28Yo te bezwen temwayaj de oubyen twa temwen sèlman pou kondane moun ki te vyole lalwa Moyiz la. Moun sa a te jwenn lanmò san okenn konpasyon. 29Alò, reflechi pou nou wè ki gwo pinisyon ki rezève pou moun ki meprize Pitit Bondye a, moun ki montre yo pa gen okenn respè pou san sakrifis ki te kòmanse nouvo kontra a epi ki te rann nou pwòp la, oubyen moun ki pale Sentespri ki fè nou gras la mal. 30Nou konnen byen sa Bondye di: “M ap kontre ak moun k ap fè mal yo; m ap ba yo sa yo merite.”#Det 32:35. Li di ankò: “Senyè a gen pou jije pèp li a.”#Det 32:36. 31Se yon bagay tèrib pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!
Kenbe fèm, pa lage
32Sonje jan nou te rete fidèl depi nan kòmansman lè nou te fèk aprann verite a. Nou te nan gwo batay, te gen anpil soufrans, men nou te kenbe fèm. 33Pafwa yo te konn di nou move bagay epi yo te konn trete nou mal devan tout moun. Gen lòt fwa se nou menm menm ki t ap ede moun yo te konn bay kalite tretman konsa. 34Wi, nou te ede moun ki nan prizon, nou te pataje soufrans yo. Nou te menm aksepte pou yo sezi byen nou ak kè kontan paske nou te konnen nou gen yon richès ki pi gran, yon richès k ap dire tout tan.
35Konsa, kenbe menm kouray nou te genyen nan tan pase yo. Nou p ap pèdi sa, Bondye ap rekonpanse nou san mezire. 36Nou bezwen pasyans pou n fè sa Bondye vle nou fè, epi pou n jwenn sa l pwomèt nou. 37Se li menm ki di:
“Talè konsa, sila ki gen pou vini an
pral vini, epi li p ap anreta.
38Moun Bondye aksepte a,#10:38 Moun Bondye aksepte a Nan orijinal la, se “moun ki jis la”. Yo itilize mo jis kòm yon tit pou Mesi a (Kris), Wa Bondye t ap chwazi dapre pwomès li te fè nan Ansyen Testaman an. Gade nan Eza 53:11; Aba 2:4; Zak 9:9; Trav 3:14; 7:52; 22:14; Ebre 10:38.
ap viv pa lafwa.
Men mwen p ap pran plezi
nan okenn moun k ap rale kò l dèyè poutèt lapèrèz.”#Aba 2:3-4 (Vèsyon Grèk la).
39Men nou menm, nou pa pami moun k ap rale kò yo dèyè epi ki pèdi. Nou fè pati moun ki gen lafwa epi ki sove.

Currently Selected:

Ebre 10: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy