YouVersion Logo
Search Icon

Trav 8:26-40

Trav 8:26-40 VKF

Yon anj Bondye di Filip konsa: “Leve! Ale nan direksyon sid, sou wout ki sot Jerizalèm pou desann Gaza a. Wout sa a travèse yon zòn ki dezè nèt.” Filip leve, l ale. Yon nonm ki se moun peyi Etyopi parèt devan l Sou wout la. Nonm nan se te yon enik. Se te yon chèf ki te responsab tout richès Kandas ki te rèn peyi Etyopi. Enik lan te monte lavil Jerizalèm pou al adore Bondye. Li te sou wout ap retounen nan peyi l. Pandan l t ap vwayaje sou cha li, li t ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Lespri Bondye a di Filip konsa: “Pwoche kote cha a epi rete toupre l.” Filip kouri al bò kote cha a, epi li tande chèf la ap li nan liv pwofèt Ezayi a. Filip mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?” Chèf la reponn Filip konsa: “Ki jan pou m ta fè konprann li, si m pa gen yon moun pou eksplike m?” Apre sa, li envite Filip monte nan cha a epi chita bò kote l. Men sa k te nan pasaj chèf la t ap li nan liv pwofèt Ezayi a: “Li te tankou yon mouton yo t ap mennen labatwa, li tankou yon mouton ki pa rele lè y ap koupe pwal yo ki sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen. Yo te imilye l epi yo te pase tout dwa l anba pye. Yo p ap janm pale de pitit pitit li, paske yo mete yon bout nan lavi l sou latè.” Enik lan di Filip konsa: “Tanpri, di m de kilès pwofèt la ap pale kon sa a. Èske l ap pale de tèt pa l osinon de yon lòt moun?” Konsa, Filip louvri bouch pou anseye l. Filip kòmanse ak menm pasaj Enik lan t ap li a, li eksplike l Bòn Nouvèl konsènan Jezikris la. Pandan yo t ap vwayaje kon sa sou wout la, yo vin rive bò yon dlo. Enik lan di: “Men dlo! Ki sa k anpeche m batize?” Enik lan mande pou yo kanpe cha a. Apre sa, ni Filip ni Enik lan desann nan dlo a, epi Filip batize l. Lè yo soti nan dlo a, Sentespri Bondye fè Filip disparèt pati ale yon lòt kote. Enik lan pa t janm wè Filip ankò, men, li te kontinye chemen li ak kè kontan. Filip menm al parèt nan vil Azòt. Apre Azòt, li pati pou ale Sezare. Filip t ap evanjelize moun sou tout wout la, nan tout vil li te travèse yo.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy