YouVersion Logo
Search Icon

Trav 17:1-15

Trav 17:1-15 VKF

Apre Pòl ak Silas fin vwayaje nan vil Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan vil Tesalonik kote Jwif yo te gen yon Sinagòg. Pòl antre nan Sinagòg la jan l te konn abitye fè a. Se la li te diskite sou Bib la ansanm ak Jwif yo pandan twa saba. Li ede yo konprann Kris la te gen pou l mouri epi li t ap leve vivan pami mò yo, dapre sa k te ekri nan Liv yo. Li di yo: Jezi sa a m ap pale de li a, se li menm ki Mesi a. Kèk nan Jwif ki te la yo te vin kwè mesaj Pòl la, kon sa yo vin fè pati ekip Pòl ak Silas la. Te gen anpil Grèk ki te konn adore Bondye Izrayèl la ansanm ak anpil medam ki soti nan ran te vin fè pati gwoup la tou. Men, Jwif ki pa t kwè yo menm te vin jalou. Konsa, yo rasanble yon ekip chimè nan tout vil la. Yo mete yo an gwoup pou vin fè t ap aj nan vil la. Yo al lakay Jazon pou y al chache Pòl ak Silas. Yo te vle mennen Pòl ak Silas devan pèp la. Lè yo pa jwenn Pòl ak Silas, yo trennen Jazon ansanm ak kèk lòt frè devan chèf yo k ap dirije vil la. Yo t ap rele pou di chèf yo konsa: “Mesye k ap mache boulvèse tout kote ki gen moun k ap viv sou latè yo rive isit la tou! Kounye a, men Jazon dakò akeyi yo lakay li. Mesye sa yo se moun k ap vyole lalwa Seza yo, paske y ap mache di gen yon lòt wa ki rele Jezi.” Lè chèf lavil la ansanm ak foul la tande pawòl sa yo, yo pa t manke fache. Yo fè Jazon ansanm ak lòt frè yo peye yon lajan kòm kosyon, tankou yon garanti yo p ap fè sa yo te fè a ankò. Apre sa, yo lage yo. Nan menm nuit lan, frè yo fè Pòl ak Silas ale nan yon lòt vil ki te rele Bere. Rive yo rive nan vil la, Pòl ak Silas ale tou dwat nan Sinagòg Jwif yo. Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre. Sa te fè anpil nan yo te kwè nan Kris la. Te gen anpil notab Grèk nan moun ki te kwè yo, fi tankou gason. Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj. Konsa, kwayan yo kouri voye Pòl al nan zòn bò lanmè a; Silas ak Timote menm te rete nan Bere. Frè ki nan Bere yo ki te akonpanye Pòl yo te mennen l jouk nan vil Atèn. Apre sa, yo retounen ak yon mesaj pou Silas ak Timote pou di yo pou yo degaje yo al jwenn Pòl kote l ye a, pi vit posib.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy