Travay 17:1-15

Travay 17:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)

Yo pase lavil Anfipolis ak lavil Apoloni, yo rive lavil Tesalonik kote jwif yo te gen yon sinagòg. Jan li te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Li pale ak jwif yo sou sa ki ekri nan Liv yo pandan twa samdi yonn dèyè lòt. Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l soufri, li te gen pou l te leve sòti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: — Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la. Te genyen nan jwif yo ki te kwè, yo pran mache ansanm ak Pòl ak Silas. Se konsa yon bann moun peyi Lagrès ki te konvèti nan relijyon jwif yo ansanm ak anpil gran medam te kwè tou. Men, jwif yo t'ap fè jalouzi anpil. Yo pran kèk vakabon yo jwenn nan lari a ak yo, yo sanble yon foul moun, yo mache fè dezòd nan tout lavil la. Yo rive devan kay Jazon, yo antre al chache Pòl ak Silas pou mennen yo devan pèp la. Lè yo pa jwenn yo, yo trennen Jazon ansanm ak kèk frè devan chèf yo ki nan lavil la. Yo pran pale byen fò, yo t'ap di: — Mesye sa yo ap mache fè dezòd toupatou. Men, kounyeya yo rive jouk isit la. Jazon menm resevwa mesye yo lakay li. Mesye sa yo ap aji kont lalwa Seza: y'ap di gen yon lòt wa yo rele Jezi. Jwif yo te mete foul moun yo ansanm ak chèf yo ankòlè anpil avèk pawòl sa a. Jazon ak lòt frè yo te blije fè yon depo lajan pou chèf yo te ka lage yo. Lè solèy fin kouche, frè yo fè Pòl ak Silas pati pou lavil Bere. Lè yo rive la, y'al nan sinagòg jwif yo. Jwif Bere yo te gen pi bon santiman pase sa Tesalonik yo: yo te resevwa pawòl la byen vit san traka. Chak jou yo t'ap egzaminen sa ki te ekri nan Liv la pou wè si sa Pòl t'ap di yo a se vre. Anpil ladan yo te kwè. Konsa, anpil gran medam ak anpil gason nan moun peyi Lagrès yo te kwè. Men, lè jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t'ap fè konnen pawòl Bondye a nan Bere tou, yo pati pou Bere. Lè yo rive, yo konmanse fè dezòd, yo t'ap moute tèt foul moun yo. Lè frè yo wè sa, yo fè Pòl pati ale jouk bò lanmè a. Men, Silas ak Timote te rete Bere. Moun ki t'ap kondi Pòl yo mennen l jouk lavil Atèn. Apre sa, yo tounen Bere. Pòl menm te voye lòd bay Silas ak Timote pou yo te vin jwenn li touswit.

Travay 17:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Paul et Silas passent par Amphipolis et Apollonie et ils arrivent à Thessalonique. Là, il y a une maison de prière juive. Paul va y rencontrer les Juifs selon son habitude, et pendant trois sabbats, il discute avec eux. À partir des Livres Saints, il explique et montre ceci : « Le Messie devait souffrir et se relever de la mort. Et le Messie, c’est Jésus que je vous annonce. » Quelques Juifs sont touchés par ces paroles et ils vont avec Paul et Silas. Beaucoup de Grecs qui adorent Dieu vont aussi avec eux ainsi qu’un certain nombre de femmes qui appartiennent à des familles de notables. Mais d’autres Juifs sont très jaloux de cela. Ils prennent avec eux des voyous qu’ils ont trouvés dans les rues. Ils rassemblent la foule et font de l’agitation dans la ville. Ils vont à la maison de Jason pour y chercher Paul et Silas. En effet, ils veulent les amener devant le peuple. Mais ils ne les trouvent pas, ils traînent donc Jason et quelques chrétiens devant les juges de la ville. Et ils se mettent à crier : « Ces hommes ont fait de l’agitation dans le monde entier, et maintenant, ils sont ici. Jason les a reçus chez lui. Tous ces gens-là agissent contre les lois de l’empereur, ils disent qu’il y a un autre roi, Jésus. » Ces paroles frappent beaucoup la foule et les juges. Alors Jason et les autres chrétiens doivent payer une forte somme d’argent, puis les juges les libèrent. Dès qu’il fait nuit, les chrétiens font partir Paul et Silas pour Bérée. Les deux hommes arrivent dans cette ville et vont à la maison de prière des Juifs. Les Juifs de Bérée sont plus accueillants que ceux de Thessalonique. Ils reçoivent la parole de Dieu avec beaucoup d’intérêt. Chaque jour, ils étudient les Livres Saints pour voir si les paroles de Paul sont exactes. Beaucoup d’entre eux deviennent croyants. Parmi les Grecs, des femmes de rang élevé et un certain nombre d’hommes deviennent croyants également. Mais les Juifs de Thessalonique apprennent que Paul annonce aussi la parole de Dieu à Bérée. Alors ils viennent dans cette ville pour troubler et exciter les gens. Aussitôt, les chrétiens font partir Paul en direction de la mer, mais Silas et Timothée restent à Bérée. Ceux qui conduisent Paul l’amènent jusqu’à Athènes. Ensuite, ils repartent et ils vont dire à Silas et à Timothée : « Paul vous demande de venir le rejoindre le plus vite possible. »

Travay 17:1-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre Pòl ak Silas fin vwayaje nan vil Anfipolis ak Apoloni, yo rive nan vil Tesalonik kote Jwif yo te gen yon Sinagòg. Pòl antre nan Sinagòg la jan l te konn abitye fè a. Se la li te diskite sou Bib la ansanm ak Jwif yo pandan twa saba. Li ede yo konprann Kris la te gen pou l mouri epi li t ap leve vivan pami mò yo, dapre sa k te ekri nan Liv yo. Li di yo: Jezi sa a m ap pale de li a, se li menm ki Mesi a. Kèk nan Jwif ki te la yo te vin kwè mesaj Pòl la, kon sa yo vin fè pati ekip Pòl ak Silas la. Te gen anpil Grèk ki te konn adore Bondye Izrayèl la ansanm ak anpil medam ki soti nan ran te vin fè pati gwoup la tou. Men, Jwif ki pa t kwè yo menm te vin jalou. Konsa, yo rasanble yon ekip chimè nan tout vil la. Yo mete yo an gwoup pou vin fè t ap aj nan vil la. Yo al lakay Jazon pou y al chache Pòl ak Silas. Yo te vle mennen Pòl ak Silas devan pèp la. Lè yo pa jwenn Pòl ak Silas, yo trennen Jazon ansanm ak kèk lòt frè devan chèf yo k ap dirije vil la. Yo t ap rele pou di chèf yo konsa: “Mesye k ap mache boulvèse tout kote ki gen moun k ap viv sou latè yo rive isit la tou! Kounye a, men Jazon dakò akeyi yo lakay li. Mesye sa yo se moun k ap vyole lalwa Seza yo, paske y ap mache di gen yon lòt wa ki rele Jezi.” Lè chèf lavil la ansanm ak foul la tande pawòl sa yo, yo pa t manke fache. Yo fè Jazon ansanm ak lòt frè yo peye yon lajan kòm kosyon, tankou yon garanti yo p ap fè sa yo te fè a ankò. Apre sa, yo lage yo. Nan menm nuit lan, frè yo fè Pòl ak Silas ale nan yon lòt vil ki te rele Bere. Rive yo rive nan vil la, Pòl ak Silas ale tou dwat nan Sinagòg Jwif yo. Moun Bere yo te gen pi bon dispozisyon pase moun Tesalonik yo. Yo te byen kontan tande mesaj Pòl te anonse yo a. Yo te pran tan pou etidye Bib la chak jou, pou yo te ka verifye si mesaj yo te tande a se te verite a toutbon vre. Sa te fè anpil nan yo te kwè nan Kris la. Te gen anpil notab Grèk nan moun ki te kwè yo, fi tankou gason. Men, lè Jwif Tesalonik yo vin konnen Pòl t ap anonse mesaj Levanjil la nan Bere, yo te vini la tou pou pran tèt foul la epi kreye tapaj. Konsa, kwayan yo kouri voye Pòl al nan zòn bò lanmè a; Silas ak Timote menm te rete nan Bere. Frè ki nan Bere yo ki te akonpanye Pòl yo te mennen l jouk nan vil Atèn. Apre sa, yo retounen ak yon mesaj pou Silas ak Timote pou di yo pou yo degaje yo al jwenn Pòl kote l ye a, pi vit posib.

Travay 17:1-15 New International Version (NIV)

When Paul and his companions had passed through Amphipolis and Apollonia, they came to Thessalonica, where there was a Jewish synagogue. As was his custom, Paul went into the synagogue, and on three Sabbath days he reasoned with them from the Scriptures, explaining and proving that the Messiah had to suffer and rise from the dead. “This Jesus I am proclaiming to you is the Messiah,” he said. Some of the Jews were persuaded and joined Paul and Silas, as did a large number of God-fearing Greeks and quite a few prominent women. But other Jews were jealous; so they rounded up some bad characters from the marketplace, formed a mob and started a riot in the city. They rushed to Jason’s house in search of Paul and Silas in order to bring them out to the crowd. But when they did not find them, they dragged Jason and some other believers before the city officials, shouting: “These men who have caused trouble all over the world have now come here, and Jason has welcomed them into his house. They are all defying Caesar’s decrees, saying that there is another king, one called Jesus.” When they heard this, the crowd and the city officials were thrown into turmoil. Then they made Jason and the others post bond and let them go. As soon as it was night, the believers sent Paul and Silas away to Berea. On arriving there, they went to the Jewish synagogue. Now the Berean Jews were of more noble character than those in Thessalonica, for they received the message with great eagerness and examined the Scriptures every day to see if what Paul said was true. As a result, many of them believed, as did also a number of prominent Greek women and many Greek men. But when the Jews in Thessalonica learned that Paul was preaching the word of God at Berea, some of them went there too, agitating the crowds and stirring them up. The believers immediately sent Paul to the coast, but Silas and Timothy stayed at Berea. Those who escorted Paul brought him to Athens and then left with instructions for Silas and Timothy to join him as soon as possible.

Travay 17:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Ils traversèrent Amphipolis puis Apollonie et gagnèrent Thessalonique où les Juifs avaient une synagogue. Selon son habitude, Paul s’y rendit et, pendant trois sabbats, il discuta avec eux sur les Ecritures. Il les leur expliquait et leur démontrait que, d’après elles, le Messie devait mourir, puis ressusciter. – Le Messie, disait-il, n’est autre que ce Jésus que je vous annonce. Quelques Juifs furent convaincus et se joignirent à Paul et Silas, ainsi qu’un grand nombre de non-Juifs qui adoraient Dieu et plusieurs femmes de la haute société. Mais les autres Juifs, jaloux, recrutèrent quelques voyous trouvés dans les rues et provoquèrent des attroupements et du tumulte dans la ville. Ils firent irruption dans la maison de Jason pour y chercher Paul et Silas qu’ils voulaient traduire devant l’assemblée du peuple. Mais ils ne les trouvèrent pas. Alors ils emmenèrent Jason et quelques frères devant les magistrats de la ville. – Ces individus, criaient-ils, ont mis le monde entier sens dessus dessous. Et maintenant ils sont ici. Jason les a reçus chez lui. Ils agissent tous contre les édits de César, car ils prétendent qu’il y a un autre roi, nommé Jésus. Ces paroles émurent la foule et les magistrats. Ceux-ci ne relâchèrent Jason et les autres croyants qu’après avoir obtenu d’eux le versement d’une caution. Dès qu’il fit nuit, les frères firent partir Paul et Silas pour Bérée. Une fois arrivés là, ceux-ci se rendirent à la synagogue des Juifs. Ils y trouvèrent des gens qui étaient bien mieux disposés que les Juifs de Thessalonique et qui accueillirent la Parole de Dieu avec beaucoup d’empressement ; ceux-ci examinaient chaque jour les Ecritures pour voir si ce qu’on leur disait était juste. Beaucoup d’entre eux crurent. Et, parmi les Grecs, un grand nombre de femmes de la haute société et beaucoup d’hommes acceptèrent également la foi. Mais quand les Juifs de Thessalonique apprirent que Paul annonçait aussi la Parole de Dieu à Bérée, ils vinrent semer, là aussi, l’agitation et le trouble parmi la population. Alors, sans tarder, les frères firent partir Paul jusqu’à la mer pour prendre un bateau. Silas et Timothée restèrent à Bérée. Ceux qui étaient chargés de conduire Paul l’amenèrent jusqu’à Athènes. L’apôtre leur demanda d’inviter de sa part Silas et Timothée à venir le rejoindre au plus tôt, puis ils repartirent.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an