YouVersion Logo
Search Icon

Trav 10:1-24

Trav 10:1-24 VKF

Te gen yon nonm nan lavil Sezare yo te rele Kònèy. Kònèy te yon kapitèn nan lame Women an. Li te nan tèt yon batayon sòlda, moun peyi Itali. Kònèy te relijye anpil. Li menm ak tout moun lakay li te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil byen pou pèp Jwif la. Kònèy te konn priye Bondye detanzantan. Yon apremidi, li te bò twazè konsa, Kònèy fè yon vizyon. Jeklè konsa, li wè yon anj Bondye vin bò kote l epi anj lan di l: “Kònèy!” Kònèy gade anj lan fiks epi nan perèz li, li di anj lan: “Ki sa w vle, mèt?” Zanj lan reponn li: “Bondye tande priyè w yo epi li wè tout byen ou te fè pou pòv yo. Li sonje w ansanm ak tout byen ou te fè yo. Kounye a, voye kèk moun al lavil Jope pou y al chache yon nonm yo rele Simon. Li gen yon ti non Pyè. Li fè ladesant lakay yon lòt Simon ki limenm se yon bòs tanè ki gen kay li bò lanmè a.” Lè anj lan fin pale kon sa ak Kònèy, li ale. Kònèy menm rele de nan sèvitè l yo ansanm ak yon sòlda ki se youn nan gad di kò l yo. Sòlda sa a, se te yon relijye tou. Kònèy rakonte mesye yo tout sa k te pase a epi li voye yo ale Jope. Nan demen, bò midi, mesye yo te prèske rive Jope lè Pyè monte sou tèt kay la pou l priye. Pyè te vin grangou, li te anvi manje. Pandan yo t ap pare manje pou li, li fè yon vizyon. Li wè syèl la louvri epi yon bagay t ap desann sot nan syèl la. Li te sanble ak yon gwo dra mare nan kat pwent y ap file desann sou latè. Nan dra sa a, te gen tout kalite bèt kat pat, bèt ki trennen sou vant, ak tout kalite zwazo. Li tande yon vwa ki di l: “Pyè, leve, touye epi manje.” Men, Pyè reponn: “Non Mèt, mwen pa janm manje manje ki pa pwòp osinon ki pa kalite manje mwen gen dwa manje.” Lè sa a, vwa a di l ankò: “Bondye gentan rann bagay sa yo pwòp, pa di yo pa kalite manje ou gen dwa manje.” Sa rive kon sa pandan twa fwa. Apre sa, dra a tounen monte nan syèl la ankò. Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an genyen. Pandan tan sa a, mesye yo te gentan jwenn kay kote Simon te ye a. Yo te gentan rive nan pòt la. Yo mande: “Èske se isit la Simon yo rele Pyè a fè ladesant?” Pyè t ap reflechi sou sans vizyon an toujou lè Sentespri a di li: “Koute, gen twa mesye k ap mande pou ou.” Leve, desann anba a epi pati ak yo. Ou pa bezwen doute anyen, paske se mwen menm ki voye yo. Konsa, Pyè desann, l al jwenn mesye yo epi li di: “M kwè se mwen menm n ap chache. Ki sa k mennen nou isit la?” Mesye yo di Pyè konsa: “Se Kònèy, yon ofisye women, ki voye nou. Kònèy se yon bon moun ki gen krentif pou Bondye. Tout pèp Jwif la respekte li. Se yon anj Bondye ki te di l pou l envite w lakay li pou l kapab tande sa ou menm ou gen pou di l.” Pyè fè mesye yo antre epi l mande yo rete pase nuit lan. Nan demen maten, Pyè leve, li pati ak mesye yo. Kèk frè nan lavil Jope pati avè l tou. Nan demen ankò, mesye yo rive Sezare. Kònèy menm t ap tann yo. Li te gentan rasanble tout fanmi l ansanm ak kèk zanmi li tou.

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy