YouVersion Logo
Search Icon

Trav 21

21
Pòl ale Jerizalèm
1Apre nou fin di Ansyen Efèz yo orevwa, nou fè vwal tou dwat pou yon zile yo rele Kòs. Nan demen, nou ale sou yon zile yo rele Wòd epi soti Wòd, nou pran direksyon Patara. 2Pandan nou Patara, nou jwenn yon batiman ki t apral nan peyi Fenisi. Nou monte nan batiman sa a epi nou pati.
3Nou pase toupre zile Chip. Zile a te sou bò goch nou, nan direksyon nò, men nou pase adwat li san n pa rete. Nou kontinye nan direksyon peyi Siri pito. N al kanpe nan vil Tir, paske batiman an te gen chay pou l debake nan vil sa a. 4Poutèt nou te rankontre yon ekip kwayan la, nou pase sèt jou avèk yo. Yo bay Pòl avètisman pou l pa ta monte Jerizalèm poutèt sa Sentespri a te di yo. 5Men, lè tan nou t ap pase a fin i, nou retounen nan batiman an pou n kontinye vwayaj nou. Tout kwayan yo te akonpanye nou. Tout madanm yo ak pitit yo te vin avèk nou sou rivaj la tou, kote nou tout te met ajenou pou n priye. 6Apre nou fin di youn lòt orevwa, nou monte nan batiman an epi yo menm yo retounen lakay yo.
7Kite nou kite Tir, nou kontinye vwayaje pou ale nan vil Tolemayis. Rive Tolemayis, nou pase salye frè yo ki te la epi nou pase yon jou avèk yo. 8Nan demen, nou kite Tolemayis, n ale nan vil Sezare. Lè nou rive Sezare, n al lakay Filip epi nou fè ladesant lakay li. Filip se te yon evanjelis; anplis, li te youn nan sèt mesye#21:8 sèt mesye Moun yo te chwazi pou yon travay espesyal. Gade nan Trav 6:1-6. yo te chwazi pou sèvi kòm dyak nan legliz Jerizalèm nan. 9Filip te gen kat pitit fi vyèj ki te gen don pwofesi.
10Apre kèk jou depi nou te la, yon pwofèt yo rele Agabis ki soti nan peyi Jide te vin rive. 11Li avanse sou nou epi li prete sentiwon Pòl. Agabis mare de men l ak de pye l ak sentiwon an, epi li di: “Men sa Sentespri a di m: Se kon sa Jwif yo ap mare mèt sentiwon sa a nan Jerizalèm, pou yo livre l bay moun lòt nasyon yo”.
12Lè nou tande Agabis di pawòl sa yo, ni nou menm, ni lòt kwayan nan Sezare yo, nou soupriye Pòl pou l pa monte Jerizalèm. 13Lè sa a, Pòl reponn: “Pouki sa n ap kriye kon sa pou fè kè m tris? Mwen menm se pa pou prizon sèlman non m pare; mwen pare pou m ta menm mouri nan Jerizalèm pou non Senyè Jezi.”
14Kòm nou pa t ka konvenk li pou l pa monte Jerizalèm, nou sispann ensiste. Nou di l pito: “Se pou volonte Senyè a fèt.”
15Apre nou fin pase jou sa yo la, nou prepare nou epi nou monte Jerizalèm. 16Kèk nan kwayan Sezare yo te monte Jerizalèm avèk nou tou. Kwayan sa yo mennen nou fè ladesant kay yon sèten Nason, yon moun lavil Chip, ki te yon disip depi lontan.
Pòl al vizite Jak
17Lè nou rive Jerizalèm, frè ak sè yo te resevwa nou avèk anpil jwa. 18Nan demen, Pòl te pran nou tout avèk li pou n al lakay Jak. Tout lidè legliz yo te reyini kay Jak la tou. 19Apre l fin salye yo, Pòl tonbe rakonte yo an detay tout sa Bondye fè pa mwayen ministè li nan mitan moun ki pa Jwif yo.
20Apre lidè yo fin tande Pòl, yo bay Bondye glwa. Apre sa, yo di Pòl konsa: “Frè nou, ou wè ki kantite Jwif ki vin kwè nan Kris la kòm sovè; epoutan, yo tout trè zele pou lalwa Moyiz la toujou. 21Yo fè yo konnen ou anseye Jwif k ap viv pami moun lòt nasyon yo pou yo sispann obsève lalwa Moyiz la. Yo aprann ou di moun yo pou yo sispann sikonsi timoun yo epi pou yo sispann swiv lòt koutim yo tou.
22Ki sa pou n ta fè la menm? Paske kwayan Jwif yo p ap pran tan pou yo konnen ou rive isit la. 23Oke, n ap di w sa pou w fè: Gen kat mesye pami nou ki fè yon ve.#21:23 ve Li pwobab se yon ve Nazireyen, yon peryòd kote yon moun pwomèt pou l konsakre l epi pou l fè sèvis pou Bondye. Gade Nazireyen nan Lis Mo yo.
24Pran mesye sa yo avè w epi patisipe nan seremoni pirifikasyon#21:24 seremoni pirifikasyon Seremoni espesyal yo te konn fè pou mete yon bout nan ve Nazireyen an. Gade vèsè 26 la tou. y ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye a. Pran responsabilite pou w peye depans pou yo koupe cheve yo.#21:24 koupe cheve yo Sa te montre ve a te fin i. Sa ap fè tout moun wè sa yo te tande moun di sou ou yo se pa t verite a. Y a wè ou pratike lalwa Moyiz la nan pwòp lavi pa w tou.
25Pou sa k konsène payen ki vin kwè nan Jezikris yo, nou menm nou te jije bon pou n voye yon lèt ba yo pou di yo bagay sa yo:
Yo pa dwe manje vyann bèt yo te touye pou ofri bay zidòl.
Yo pa dwe manje vyann bèt ki te mouri toufe osinon vyann ki ak tout san ladan yo.
Egzante tout kalite peche seksyèl.”
Yo arete Pòl nan lakou Tanp lan
26Pòl te chwazi pran kat mesye yo avèk li vre. Nan demen, li te patisipe vre nan seremoni yo t ap fè pou mete tèt yo nan kondisyon pou sèvi Bondye a. Apre sa, Pòl antre nan lakou Tanp lan pou l al anonse ki lè peryòd pirifikasyon an t ap fin i. Nan dènye jou a, yo t ap gen pou prezante yon of rann pou chak mesye yo.
27Lè peryòd sèt jou a te prèske fin i, yon kolonn Jwif ki te soti an Azi epi ki te wè Pòl nan lakou tanp lan, tonbe monte tèt foul la. Konsa, yo mete men sou Pòl. 28Yo tonbe rele byen fò: “Moun ras Izrayèl yo, vin ban nou konkou! Men nonm k ap pwonmennen anseye yon pakèt bagay kont pèp nou an, kont lalwa Moyiz la ak kont Tanp nou an tou. Kounye a men l mennen Grèk, moun ki pa Jwif vin antre nan Tanp lan pou fè yo pwofane espas sakre sa a.” 29(Jwif yo te di pawòl sa yo paske yo te wè Twofim ansanm avèk Pòl nan Jerizalèm. Twofim te moun lavil Efèz. Jwif yo te panse Pòl te antre nan lakou Tanp lan avè l.)
30Tout moun nan vil la k te tande koze a te vin fache anpil epi yo t ap kouri sot nan tout direksyon vin nan Tanp lan. Yo mete men sou Pòl, yo trennen l soti deyò espas lakou Tanp lan kote ki sakre a, epi yo fèmen baryè yo tousuit. 31Foul la t ap chache yon jan pou touye Pòl, lè kòmandan batayon Women an jwenn nouvèl la. Li te tande tout lavil la nèt tèt anba. 32Rapid rapid, kòmandan batayon an te pran kèk ofisye ansanm ak kèk sòlda, li kouri desann kote foul la te rasanble a. Lè foul la wè kòmandan batayon an ansanm ak kèk ofisye epi ak sòlda yo, yo sispann bay Pòl kou.
33Lè sa a, kòmandan batayon an avanse sou Pòl, li arete l. Li bay lòd pou yo mare Pòl ak de chenn. Apre sa, li mande: “Ki lès nonm sa ye? Ki mal li fè?” 34Nan mitan foul la, moun yo t ap rele byen fò. Yon gwoup t ap di yon bagay, yon lòt gwoup t ap di yon lòt bagay. Lè kòmandan an wè li p ap konprann anyen nan tout woywoy sa a, li bay lòd pou yo mennen Pòl nan kazèn nan. 35Lè yo rive sou mach eskalye yo avèk Pòl, sòlda yo te oblije pote l, tèlman foul la te vin vyolan. 36Paske se tout foul la nèt ki t ap swiv li epi k t ap rele byen fò: “Touye l!”
37Pandan yo t apral antre nan kazèn nan, Pòl di kòmandan an konsa: “Èske m ka di w yon bagay?”
Kòmandan an di l: “O, apa ou pale Grèk? 38Enben si se pou sa, ou pa moun m te panse w ye a? M te panse se te Ejipsyen ki te lakòz soulèvman kont gouvènman an fwa pase a wi; nonm ki te mennen kat mil (4,000) bandi ame ansanm avè l nan dezè a.”
39Pòl reponn li: “Mwen menm mwen se yon Jwif ki soti lavil Tas, nan peyi Silisi. Se la m soti, nan yon vil ki gen kalite bon renome w konnen an. Silvouplè, ban m pèmisyon pou m pale ak pèp la.”
40Kòmandan an bay Pòl pèmisyon pou l pale. Pòl kanpe sou mach la, epi li fè yon jès ak men li pou foul la ka fè silans. Lamenm, vin gen yon gwo silans nan foul la, epi Pòl pale avèk yo nan lang Ebre.

Currently Selected:

Trav 21: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy