Sonje: moun ki simen tikras ap rekòlte tikras; moun ki simen anpil ap rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan l deside nan kè li, san l pa regrèt, san moun pa fòse l. Bondye renmen moun ki bay ak tout kè l. Bondye gen puisans pou vide sou nou tout kalite benediksyon, kon sa n a gen tout sa nou bezwen, nan tout bagay nan tout tan. N ap gen dekwa pou fè tout kalite bon zèv. Jan Bib la di l la: “Yo pa t fè egoyis, yo te bay pòv yo. Bon bagay yo te fè a ap dire pou tout tan.” Bondye ki bay plantè a grenn pou l simen ak pen pou l manje, va ba nou semans nou bezwen. La fè bonte nou grandi epi donnen tout kalite bon fwi. Bondye ap fè nou rich nan tout fason pou nou ka toujou laj nan jan nou bay. Anpil moun pral di Bondye mèsi pou don ou ba nou pote pou yo. Ofrann nou bay la, non sèlman pral ede pèp Bondye a ki nan bezwen, men li pral ankouraje anpil moun di Bondye mèsi tou. Ofrann sa a, se yon prèv lafwa. Anpil moun pral di Bondye mèsi poutèt sa. Yo pral glorifye non Bondye paske nou te pataje sa nou genyen ak lòt moun, san yo pa fòse nou. Yo pral glorifye non Bondye poutèt fidelite nou nan obeyisans Bòn Nouvèl la. Epi lè y ap priye pou nou, y ap fè l ak anpil afeksyon poutèt favè nou pa t merite nou jwenn nan Bondye. Remèsiman pou Bondye, pou don li ki se yon mèvèy nou pa ka menm dekri l!
Share
Read 2 Kor 9
Save verses, read offline, watch teaching clips, and more!
YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy
Home
Bible
Plans
Videos