YouVersion Logo
Search Icon

1 Tim 2

2
Bondye vle nou priye pou tout moun
1Anvan tout bagay, mwen vle nou priye Bondye pou tout moun. Nou dwe adrese bay Bondye: rekèt, priyè, siplikasyon ansanm ak remèsiman pou yo. 2Nou dwe priye pou wa yo ak pou tout moun ki gen yon otorite kèlkonk. Nou dwe priye pou lidè sa yo, pou nou kapab mennen yon lavi trankil, nan lapè, avèk respè, yon lavi ki fè lwanj pou Bondye toutbon vre epi ki fè moun respekte yo. 3Se sa ki bon, epi se sa ki fè Bondye Sovè nou an plezi.
4Bondye vle pou tout moun sove, pou yo tout rive konnen verite a. 5Paske se yon sèl Bondye ki genyen. Epi se yon sèl entèmedyè ki genyen ant Bondye ak lèzòm, se Jezikris, moun tankou tout moun. 6Li te bay lavi l pou peye pri liberasyon tout moun. Se mesaj sa a Bondye te bay nan tan li te chwazi pou sa. 7Se poutèt temwanyaj sa a, Bondye chwazi m pou fè m yon predikatè, yon apot. Li ban m responsablite pou m anseye moun ki pa Jwif yo sa yo dwe kwè, pou m di yo verite a. Se pa manti m ap bay, sa m ap di a, se verite a.
Ansèyman espesyal pou gason ak fi
8Mwen vle pou tout mesye yo priye tout kote. Mesye sa yo dwe moun k ap viv pou fè Bondye plezi epi k ap leve men yo devan Bondye san kòlè, san akwochay ak moun.
9Mwen vle medam yo abiye kòrèkteman. Yo dwe abiye yo yon fason ki fè diyite yo epi ki senp, san kwafi konplike, bann bijou an ò, pèl oubyen rad ki koute twò chè pou fè moun wè yo. 10Men se pou yo montre jan yo bèl nan bon bagay y ap fè. Se kon sa tout medam ki di yo gen respè pou Bondye yo dwe ye.
11Yon madanm dwe koute epi aprann san fè eskandal, avèk volonte pou yon obeyisans total. 12Mwen pa pèmèt yon madanm fè mari l wont devan lòt moun nan fason l ap anseye l. Li pa dwe lakòz yon eskandal, 13paske se Adan ki te fèt an premye, Èv te fèt apre l. 14Epi tou, se pa Adan ki te kite yo twonpe l, men se madanm nan: li fin kite yo twonpe l epi li dezobeyi Bondye.#2:14 Gade nan Jen 3:1-13. 15Poutan, l ap sove pa mwayen pitit li.#2:15 Poutan … pitit li Literalman, “Men l ap sove nan fè piti.” Pòl ka itilize “fè pitit” isit la nan yon sans senbolik pou l di “genyen bon kalite” ki nan fraz ki apre a. Men, fòk medam yo rete byen devwe pou Bondye nan lanmou epi mennen yon lavi senp ki fè Bondye plezi.

Currently Selected:

1 Tim 2: VKF

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy