Jezi

Jezi

Yon Dokidram sou lavi Jezi Kris, « Jezi » fim nan, yo fè tradiksyon li nan plis ke 1400 langaj diferan depi 1979. Depi tan saa se yon fim ke mounn gade pi plis nan listwa epitou ki genyen plis tradiksyon. Pastè Erik Waren, yon ekriven liv « The Purpose Driven Life, » deklare ke fim « Jezi », se zouti evangelic pi efektif ki te envante. Plis pase 450 lidè relijye ak entelektyèl evalye senaryo fim nan pou asire presizyon historik ak biblik. Senaryo fim nan baze dan pou dan ak levanjil Lik la, se poutèt sa preske tout pawòl Jezi pale yo soti nan Bib la. Gwo zefò ki fèt yo pou moutre nou kilti Jwif ak Romen yo nan prèske 2000 lan enkli: rad ke yo koud ak lamen yo nan sèlman 35 koulè ke yo te itilize nan tan sa a, potry ke yo fè nan metòd premye syèk, le fèt ke yo retire poto telefòn modèn ak liyn kouran elektrik nan peyisaj la. Tout Fim JESUS la nèt te filme nan peyi Israel nan lane 1979 nan 202 lokasyon, avèk yon baz aktè fim de pliske 5000, izrayelit ak Arab. Nenpòt lè yo te kapab, yo te filme kèk sènn nan fim nan kote evenman yo te pran plas 2000 lane de sa.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an