Jan 1:29-51

Jan 1:29-51 - Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di:
— Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m men ki gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Mwen menm, mwen pa te konnen li. Men pou moun Izrayèl yo ka konnen li, se poutèt sa mwen vin fè batèm nan dlo.
Jan di yo:
— Mwen wè Lespri soti nan syèl la sou fòm yon pijon desann sou li. Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri.
Jan di yo ankò:
— Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.

Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo. Li wè Jezi ki t'ap pase, li di:
— Men ti mouton Bondye a.
De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi. Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo:
— Sa n'ap chache?
Yo mande li:
— Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.)
Li reponn yo:
— Vini non, n'a wè.
Y'ale vre. Yo wè kote l te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.)
Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi. Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa:
— Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).
Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l, li di:
— Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)

Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li:
— Swiv mwen.
(Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.) Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li:
— Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.
Natanayèl di li:
— Ki bon bagay ki ka sòti Nazarèt?
Filip reponn li:
— Vini non, w'a wè.
Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l, li di sou li:
— Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.
Natanayèl mande li:
— Ki jan ou fè konnen mwen?
Jezi reponn li:
— Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan.
Lè sa a, Natanayèl di li:
— Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
Jezi reponn li:
— Men wi, paske mwen di ou mwen te wè ou anba pye figfrans lan, poutèt sa ou kwè! Ou gen pou wè pi gwo bagay pase sa toujou.
Apre sa, li di yo:
— Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.

Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: — Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m men ki gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Mwen menm, mwen pa te konnen li. Men pou moun Izrayèl yo ka konnen li, se poutèt sa mwen vin fè batèm nan dlo. Jan di yo: — Mwen wè Lespri soti nan syèl la sou fòm yon pijon desann sou li. Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri. Jan di yo ankò: — Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre. Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo. Li wè Jezi ki t'ap pase, li di: — Men ti mouton Bondye a. De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi. Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo: — Sa n'ap chache? Yo mande li: — Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.) Li reponn yo: — Vini non, n'a wè. Y'ale vre. Yo wè kote l te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.) Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi. Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: — Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la). Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l, li di: — Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.) Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: — Swiv mwen. (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.) Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: — Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la. Natanayèl di li: — Ki bon bagay ki ka sòti Nazarèt? Filip reponn li: — Vini non, w'a wè. Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l, li di sou li: — Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li. Natanayèl mande li: — Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: — Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan. Lè sa a, Natanayèl di li: — Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la! Jezi reponn li: — Men wi, paske mwen di ou mwen te wè ou anba pye figfrans lan, poutèt sa ou kwè! Ou gen pou wè pi gwo bagay pase sa toujou. Apre sa, li di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.

Jan 1:29-51

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an