Matye 21:23-46

Matye 21:23-46 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi antre nan tanp lan, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Chèf prèt yo avèk chèf fanmi ki t'ap dirije pèp jwif la vin di li: — Ki dwa ou genyen pou w'ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite sa a? Jezi reponn yo: — M'ap poze nou yon kèsyon mwen menm tou. Si nou reponn mwen, m'a di nou ki dwa mwen genyen pou m fè bagay sa yo. Ki moun ki te voye Jan batize moun? Bondye osinon moun? Men, yonn t'ap di lòt konsa: — Si nou reponn: Se Bondye ki te voye l, l'a mande nou poukisa nou pat kwè l. Si nou reponn se lèzòm ki voye li, afè nou p'ap bon ak foul la, paske yo tout te pran Jan Batis pou yon pwofèt tout bon. Apre sa, yo reponn Jezi: — Nou pa konnen. Jezi di yo: — Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou ki dwa mwen genyen pou m fè bagay sa yo. — Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l: Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an. Pitit la reponn li: Non, mwen pa vle! Men, pita li chanje lide, l ale. Apre sa, papa a rele lòt pitit la, li fè li menm demann lan. Pi piti a reponn: Wi papa, m'prale wi. Men li pa janm mete pye. Kilès nan de pitit yo ki fè volonte papa a? Yo reponn li: — Pi gran an. Lè sa a, Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou. Paske, lè Jan Batis te vin bò kote nou, lè li t'ap moutre nou jan pou nou viv dwat devan Bondye a, nou pat kwè li. Men, pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo te kwè li. Malgre nou te wè sa, nou pat chanje lide nou pou n te kwè nan li tou. — Koute yon parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li fè yon jaden rezen. Lè li fini, li leve kloti antoure jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon joupa bay moun k'ap siveye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun ba yo travay jaden an dimwatye. Lèfini li pati al nan vwayaj. Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l bò kote jeran yo. Jeran yo mete men sou domestik yo, yo bat yonn byen bat, yo touye yon lòt, yo touye yon twazyèm ak kout wòch. Mèt jaden an voye lòt domestik ankò, pi plis pase premye fwa a. Jeran yo maltrete yo menm jan an. Apre sa, li voye pwòp pitit gason l bò kote yo andènye. Li t'ap di nan kè l: Omwen y'a gen respè pou pitit mwen an. Men, lè jeran yo wè pitit la, yonn di lòt: Men eritye a. Vini non, ann touye li. Konsa, jaden an va vin pou nou. Yo mete men sou li, yo jete l lòt bò jaden an, yo touye li. — Bon, lè mèt jaden rezen an vini, kisa li va fè jeran sa yo? Yo reponn li: — Li p'ap gen pitye pou yo. L'a fè touye malveyan sa yo, l'a pran jaden rezen an bay lòt jeran ki va ba l pòsyon pa l nan rekòt la lè sezon an va rive. Apre sa, Jezi di yo: — Eske nou pa janm li pawòl sa yo nan Liv la? Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la. Sa se travay Mèt la. Se bèl bagay pou nou wè sa. — Se poutèt sa mwen di nou: Y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a. [ — Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l kraze l an miyèt moso.] Lè chèf prèt yo ak farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se pou yo Jezi t'ap pale. Lè sa a, yo t'ap chache yon jan pou mete men sou Jezi. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te pran Jezi pou yon pwofèt tout bon.

Matye 21:23-46 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus entre dans le temple et il se met à enseigner. Alors les chefs des prêtres et les anciens du peuple s’approchent de lui. Ils lui demandent : « De quel droit est-ce que tu fais ces choses ? Qui t’a donné le pouvoir de les faire ? » Jésus leur répond : « Moi aussi, je vais vous poser une seule question, répondez-moi. Ensuite, je vous dirai de quel droit je fais ces choses. Qui a envoyé Jean baptiser ? Est-ce que c’est Dieu ou les hommes ? » Ils pensent : « Si nous répondons : “C’est Dieu”, Jésus va nous dire : “Vous n’avez pas fait confiance à Jean. Pourquoi donc ?” Mais si nous répondons : “Ce sont les hommes”, alors, attention à la foule ! » En effet, tout le monde pense que Jean était un prophète. C’est pourquoi ils répondent à Jésus : « Nous ne savons pas. » Et Jésus leur dit : « Moi non plus, je ne vous dis pas de quel droit je fais ces choses. » Jésus dit encore : « Qu’est-ce que vous pensez de cette histoire ? Un homme a deux fils. Il dit au premier : “Mon fils, va travailler aujourd’hui dans la vigne.” Le fils répond : “Je ne veux pas.” Plus tard, il regrette sa réponse et il y va. Le père dit la même chose au deuxième fils. Le fils répond : “Oui, père, j’y vais.” Mais il n’y va pas. Lequel des deux fils a fait la volonté du père ? » Les chefs religieux lui répondent : « C’est le premier. » Jésus leur dit : « Je vous le dis, c’est la vérité : les employés des impôts et les prostituées entrent avant vous dans le Royaume de Dieu. En effet, Jean-Baptiste est venu à vous, en montrant le chemin juste, et vous ne lui avez pas fait confiance. Pourtant les employés des impôts et les prostituées lui ont fait confiance. Vous avez bien vu cela, mais ensuite, vous n’avez pas changé votre cœur pour faire confiance à Jean. » « Écoutez une autre histoire : Un propriétaire plante une vigne. Il l’entoure d’un mur, il creuse un trou pour le pressoir à raisin. Il construit une tour pour surveiller la vigne. Ensuite, il laisse la vigne à des vignerons et il part en voyage. Au moment où on récolte le raisin, il envoie ses serviteurs vers les vignerons, pour aller chercher son raisin. Mais les vignerons prennent les serviteurs, ils frappent le premier, ils tuent le deuxième et ils font mourir le troisième à coups de pierres. Le propriétaire envoie encore d’autres serviteurs, plus nombreux que les premiers. Mais les vignerons leur font la même chose. Enfin, le propriétaire leur envoie son fils en se disant : “Ils respecteront mon fils.” Mais quand les vignerons voient le fils, ils se disent entre eux : “C’est lui qui sera le propriétaire plus tard ! Venez ! Tuons-le, et la vigne sera à nous !” Ils prennent le fils, ils le font sortir de la vigne et le tuent. » Jésus demande : « Quand le propriétaire de la vigne viendra, qu’est-ce qu’il va faire à ces vignerons ? » Les chefs religieux répondent à Jésus : « Il va tuer sans pitié ces gens méchants. Il louera la vigne à d’autres vignerons, et au moment de la récolte, ces vignerons lui donneront le raisin. » Alors Jésus leur dit : « Vous avez sûrement lu ces phrases dans les Livres Saints : “La pierre que les maçons ont rejetée est devenue la pierre principale de la maison. C’est le Seigneur qui a fait cela. Quelle chose merveilleuse pour nous !” Si quelqu’un tombe sur cette pierre, son corps sera brisé. Si cette pierre tombe sur quelqu’un, elle l’écrasera. C’est pourquoi, je vous le dis, Dieu vous enlèvera le Royaume et il le donnera à un peuple qui produira les fruits du Royaume. » Les chefs des prêtres et les Pharisiens entendent les comparaisons de Jésus, et ils comprennent que Jésus parle d’eux. Ils cherchent à l’arrêter, mais ils ont peur des foules. En effet, les gens pensent que Jésus est un prophète.

Matye 21:23-46 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lè Jezi antre nan lakou tanp la epi l kòmanse anseye, chèf prèt yo avèk lidè ki t ap dirije pèp la te pwoche bò kote li. Yo mande l: “Kilès ki ba w otorite fè tout sa w ap fè yo? Kilès ki ba w otorite pou fè yo?” Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon tou. Si nou reponn li, m ap di nou kilès ki otorize m fè sa m ap fè yo. Ki kote batèm Janbatis la soti: bò kote Bondye oswa bò kote lèzòm?” Lè sa a youn t ap di lòt: “Si nou reponn batèm Jan an soti nan Bondye, l ap mande nou poukisa nou pa t kwè nan mesaj li a? Men tou si nou reponn se bò kote lèzòm batèm Jan an soti, n ap nan gwo pwoblèm ak pèp la, paske yo tout konsidere Jan kòm yon pwofèt.” Konsa yo di Jezi: “Nou pa konnen ki kote l soti.” Jezi di yo: “Si se konsa, mwen menm tou, mwen p ap di nou kilès ki ban m otorite pou m fè sa m fè yo.” “Di m kijan nou konprann sa? Yon papa te gen de pitit gason. Yon jou li di pi gran an: Pitit mwen, al travay nan jaden rezen m nan pou mwen jodi a. Li reponn papa a: Non, mwen p ap kapab jodi a. Men vè pita, li chanje lide epi l ale nan jaden an. Papa a ale bò kote pi jèn nan, li di l menm bagay. Pi jèn nan reponn: Wi papa, pou touswit! Men li pa mete pye nan jaden an. Kilès nan de pitit yo ki te fè sa papa a te vle?” Yo reponn li: “Pi gran an!” Jezi di yo: “Anverite m ap di nou: pèseptè kontribisyon yo ak moun movèz vi yo ap pran devan nou nan wayòm Bondye a. Mwen di sa, paske Janbatis vin anonse nou kijan pou nou viv nan yon fason ki dwat, men nou pa fè ka de li, epi pèseptè kontribisyon ak moun movèz vi yo te kwè nan mesaj la. Menm apre nou fin wè sa, nou pa montre okenn siy repantans ni nou pa kwè.” “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon pwopyetè ki te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li, bare l. Li fouye yon basen kote pou yo kraze rezen yo pran ji a. Li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi li pati an vwayaj. Lè dat rekòt la rive, mèt jaden an voye kèk sèvitè bò kote moun ki t ap jere yo pou yo voye pati rekòt pa l pou li. Men moun ki t ap jere yo mete men sou sèvitè yo, yo bat youn, yo touye youn, yo lapide yon lòt jouktan l mouri. Mèt jaden an voye plis sèvitè pase premye fwa a, moun ki t ap jere yo fè menm jan ak premye fwa a. Apre sa, mèt jaden deside pou l voye pwòp pitit gason li. Li di nan kè l: siman y a gen plis respè pou pitit gason m nan. Men lè moun ki t ap jere yo wè se pitit mèt jaden an k ap vini, youn di lòt: Men eritye a ap vin jwenn nou. An nou touye li, kon sa eritaj la ap rete pou nou. Yo mete men sou li, yo trennen l met deyò jaden rezen an, epi yo touye l. Donk, lè mèt jaden an vini, kisa nou panse l ap fè ak moun ki t ap jere yo?” Chèf prèt yo ak lidè Jwif yo reponn: “Mèt jaden rezen an ap touye mechan sa yo, san okenn pitye. L ap bay lòt moun jere jaden an. L ap bay lòt jeran k ap voye pòsyon rekòt pa l pou li, lè l voye chache l.” Jezi di yo: “Asireman nou li pawòl sa yo nan Bib la deja: Wòch bòs mason yo te refize sèvi a vin tounen wòch ki pi enpòtan nan kay la. Se Bondye ki te fè sa! Se yon mèvèy pou nou wè sa! Se poutèt sa m ap di nou: y ap retire wayòm Bondye a nan men nou. Y ap remèt li bay yon lòt pèp ki montre yon konduit ki pi sanble ak wayòm Bondye a. Moun ki tonbe sou wòch la ap fè miyèt mòso. Moun wòch la tonbe sou li, l ap plati l tankou kasav.” Lè chèf prèt yo ak Farizyen yo tande parabòl sa yo, yo vin konprann se avèk yo Jezi ap pale. Konsa yo t ap chache wè kijan pou yo mete men sou li. Men yo te pè reyaksyon foul la ki te rekonèt Jezi kon yon pwofèt.

Matye 21:23-46 New International Version (NIV)

Jesus entered the temple courts, and, while he was teaching, the chief priests and the elders of the people came to him. “By what authority are you doing these things?” they asked. “And who gave you this authority?” Jesus replied, “I will also ask you one question. If you answer me, I will tell you by what authority I am doing these things. John’s baptism—where did it come from? Was it from heaven, or of human origin?” They discussed it among themselves and said, “If we say, ‘From heaven,’ he will ask, ‘Then why didn’t you believe him?’ But if we say, ‘Of human origin’—we are afraid of the people, for they all hold that John was a prophet.” So they answered Jesus, “We don’t know.” Then he said, “Neither will I tell you by what authority I am doing these things. “What do you think? There was a man who had two sons. He went to the first and said, ‘Son, go and work today in the vineyard.’ “ ‘I will not,’ he answered, but later he changed his mind and went. “Then the father went to the other son and said the same thing. He answered, ‘I will, sir,’ but he did not go. “Which of the two did what his father wanted?” “The first,” they answered. Jesus said to them, “Truly I tell you, the tax collectors and the prostitutes are entering the kingdom of God ahead of you. For John came to you to show you the way of righteousness, and you did not believe him, but the tax collectors and the prostitutes did. And even after you saw this, you did not repent and believe him. “Listen to another parable: There was a landowner who planted a vineyard. He put a wall around it, dug a winepress in it and built a watchtower. Then he rented the vineyard to some farmers and moved to another place. When the harvest time approached, he sent his servants to the tenants to collect his fruit. “The tenants seized his servants; they beat one, killed another, and stoned a third. Then he sent other servants to them, more than the first time, and the tenants treated them the same way. Last of all, he sent his son to them. ‘They will respect my son,’ he said. “But when the tenants saw the son, they said to each other, ‘This is the heir. Come, let’s kill him and take his inheritance.’ So they took him and threw him out of the vineyard and killed him. “Therefore, when the owner of the vineyard comes, what will he do to those tenants?” “He will bring those wretches to a wretched end,” they replied, “and he will rent the vineyard to other tenants, who will give him his share of the crop at harvest time.” Jesus said to them, “Have you never read in the Scriptures: “ ‘The stone the builders rejected has become the cornerstone; the Lord has done this, and it is marvelous in our eyes’? “Therefore I tell you that the kingdom of God will be taken away from you and given to a people who will produce its fruit. Anyone who falls on this stone will be broken to pieces; anyone on whom it falls will be crushed.” When the chief priests and the Pharisees heard Jesus’ parables, they knew he was talking about them. They looked for a way to arrest him, but they were afraid of the crowd because the people held that he was a prophet.

Matye 21:23-46 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus se rendit au Temple et se mit à enseigner. Alors, les chefs des prêtres et les responsables du peuple vinrent le trouver et l’interpellèrent : Par quelle autorité agis-tu ainsi ? Qui t’a donné l’autorité de faire cela ? Jésus leur répondit : Moi aussi, j’ai une question à vous poser, une seule. Si vous me répondez, je vous dirai à mon tour de quel droit je fais cela. De qui Jean tenait-il son mandat pour baptiser ? De Dieu ou des hommes ? Alors ils se mirent à raisonner intérieurement : Si nous disons : « De Dieu », il va nous demander : « Pourquoi alors n’avez-vous pas cru en lui ? » Mais si nous répondons : « Des hommes », nous avons bien lieu de craindre la réaction de la foule, car tout le monde tient Jean pour un prophète. Ils répondirent donc à Jésus : Nous ne savons pas. Et lui de leur répliquer : Eh bien, moi non plus, je ne vous dirai pas par quelle autorité j’agis comme je le fais. Que pensez-vous de l’histoire que voici ? ajouta Jésus. Un homme avait deux fils. Il alla trouver le premier et lui dit : « Mon fils, va aujourd’hui travailler dans notre vigne. – Je n’en ai pas envie », lui répondit celui-ci. Mais, plus tard, il regretta d’avoir répondu ainsi et se rendit dans la vigne. Le père alla trouver le second fils et lui fit la même demande. Celui-ci lui répondit : « Oui, mon Seigneur, j’y vais ! » Mais il n’y alla pas. Lequel des deux a fait la volonté de son père ? – C’est le premier, répondirent-ils. Et Jésus ajouta : Vraiment, je vous l’assure : les collecteurs d’impôts et les prostituées vous précéderont dans le royaume de Dieu. En effet, Jean est venu, il vous a montré ce qu’est une vie juste, et vous n’avez pas cru en lui – tandis que les collecteurs d’impôts et les prostituées ont cru en lui. Et, bien que vous ayez eu leur exemple sous vos yeux, vous n’avez pas éprouvé les regrets qui auraient pu vous amener enfin à croire en lui. Ecoutez encore une parabole  : Un homme avait une propriété. Il y planta une vigne , l’entoura d’une haie, y creusa un pressoir et y bâtit une tour de guet . Après cela, il la loua à des vignerons et partit en voyage. A l’approche des vendanges, il envoya ses serviteurs auprès de ces vignerons pour recevoir le produit qui lui revenait. Mais les vignerons se précipitèrent sur ces serviteurs : l’un d’eux fut roué de coups, un autre fut tué, un troisième assommé à coups de pierres. Le propriétaire envoya alors d’autres serviteurs, plus nombreux que les premiers. Mais ils furent reçus de la même manière par les vignerons. Finalement, il leur envoya son propre fils en se disant : « Pour mon fils au moins, ils auront du respect. » Mais dès que les vignerons aperçurent le fils, ils se dirent entre eux : « Voilà l’héritier ! Venez ! Tuons-le ! Et récupérons son héritage ! » Ils se jetèrent donc sur lui, le traînèrent hors du vignoble et le tuèrent. Quand le propriétaire de la vigne viendra, comment agira-t-il envers ces vignerons ? Ils lui répondirent : Il fera exécuter sans pitié ces misérables, puis il confiera le soin de sa vigne à d’autres vignerons qui lui donneront sa part de récolte en temps voulu. Et Jésus ajouta : N’avez-vous jamais lu dans les Ecritures : La pierre que les constructeurs ╵ ont rejetée est devenue la pierre principale, ╵ la pierre d’angle. C’est du Seigneur ╵ que cela est venu et c’est un prodige à nos yeux . Voilà pourquoi je vous déclare que le royaume de Dieu vous sera enlevé et sera donné à un peuple qui en produira les fruits. [ Mais : Celui qui tombera sur cette pierre-là, se brisera la nuque, et si elle tombe sur quelqu’un, elle l’écrasera .] Après avoir entendu ces paraboles, les chefs des prêtres et les pharisiens comprirent que c’était eux que Jésus visait. Ils cherchaient un moyen de l’arrêter, mais ils avaient peur des réactions de la foule, car tous considéraient Jésus comme un prophète.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an