Matye 19:16-30

Matye 19:16-30 1998 Haïtienne (HAT98)

Yon nonm pwoche bò kote Jezi, li di l konsa: — Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi reponn li: — Poukisa w'ap poze m kèsyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: — Kilès kòmandman sa yo? Jezi reponn li: — Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti. Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou. Jennonm lan di li: — Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m fè ankò? Jezi di li: — Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, w'a gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l, l'ale paske li te gen anpil byen. Lè sa a, Jezi di disip li yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. M'ap di nou sa ankò: l'ap pi fasil pou yon bèf pase nan yon je zegwi pase pou yon moun rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. Lè disip yo tande sa, yo pat manke sezi, yo di: — Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo, li di: — Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè. Lè sa a, Pyè di li: — Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisa k pral rive nou? Jezi reponn yo: — Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la. Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l, osinon sè l, osinon papa l, osinon manman l, osinon pitit li, osinon jaden l, poutèt mwen, moun sa a gen pou l resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an. Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.

Matye 19:16-30 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Tout à coup, un homme s’approche de Jésus et lui demande : « Maître, qu’est-ce que je dois faire de bon pour avoir la vie avec Dieu pour toujours ? » Jésus lui répond : « Pourquoi est-ce que tu m’interroges sur ce qui est bon ? Un seul est bon, c’est Dieu. Si tu veux entrer dans la vie avec Dieu, obéis aux commandements. » L’homme lui dit : « Quels commandements ? » Jésus répond : « Ne tue personne. Ne commets pas d’adultère. Ne vole pas. Ne témoigne pas faussement contre quelqu’un. Respecte ton père et ta mère. Aime ton prochain comme toi-même. » Le jeune homme lui dit : « J’ai obéi à tout cela. Qu’est-ce que je dois faire encore ? » Jésus lui dit : « Si tu veux être parfait, va, vends ce que tu as, et donne l’argent aux pauvres. Alors tu auras des richesses auprès de Dieu. Ensuite, viens et suis-moi. » Mais quand le jeune homme entend cela, il s’en va tout triste parce qu’il possède beaucoup de choses. Jésus dit à ses disciples : « Je vous le dis, c’est la vérité : pour quelqu’un de riche, c’est très difficile d’entrer dans le Royaume des cieux. Je vous dis encore ceci : est-ce qu’un chameau peut passer facilement par le trou d’une aiguille ? Eh bien, pour un riche, c’est encore plus difficile d’entrer dans le Royaume de Dieu ! » Quand les disciples entendent cela, ils sont très étonnés et ils disent : « Mais alors, qui peut être sauvé ? » Jésus les regarde et leur dit : « Pour les hommes, c’est impossible, mais pour Dieu, tout est possible. » Alors Pierre dit à Jésus : « Écoute ! Nous, nous avons tout quitté et nous t’avons suivi. Donc pour nous, qu’est-ce qui va se passer ? » Jésus leur répond : « Je vous le dis, c’est la vérité : dans le monde nouveau, le Fils de l’homme sera assis sur son siège glorieux. Et vous qui m’avez suivi, vous serez assis sur douze sièges, pour juger les douze tribus d’Israël. Et tous ceux qui ont quitté maisons, frères, sœurs, père, mère, enfants ou champs à cause de moi, tous ceux-là recevront cent fois plus et ils auront aussi en partage la vie avec Dieu pour toujours. Parmi ceux qui sont les premiers maintenant, beaucoup seront les derniers. Et parmi ceux qui sont les derniers maintenant, beaucoup seront les premiers. »

Matye 19:16-30 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Yon nonm pwoche bò kote Jezi, epi li di l: “Mèt, ki bon zèv mwen dwe fè pou m ka gen lavi etènèl?” Jezi reponn li: “Poukisa w ap poze m kesyon sou sa ki bon? Se sèl Bondye ki bon. Men si ou vle gen lavi etènèl, obeyi kòmandman yo.” Nonm nan reponn: “Kilès nan kòmandman yo?” Jezi reponn li: “Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou lòt moun. Onore papa w ak manman w, epi renmen pwochen w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.” Jenòm nan di Jezi: “Mwen gen tan fè tout bagay sa yo deja. Sa m manke?” Jezi di li: “Si ou vle bon nèt, ale vann tout sa w genyen. Bay pòv lajan an! Konsa, ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.” Lè nonm nan tande deklarasyon sa a, sa te fè l tris anpil, paske li te gen anpil richès. Konsa, li vire do li, l ale. Jezi di disip li yo: “Anverite, li p ap fasil menm pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a. M ap di nou ankò: L ap pi fasil pou yon chamo pase nan twou je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.” Disip Jezi yo te sezi tande sa. Konsa, yo mande li: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?” Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm, sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.” Apre sa, Pyè reponn, li di Jezi: “E nou menm ki kite dèyè tout sa nou te genyen pou nou vin swiv ou, kisa n ap jwenn?” Jezi di yo: “Anverite m ap di nou, nan nouvo mond la, Pitit Lòm nan gen pou chita sou yon twòn laglwa li. Lè sa a, nou menm tou n a chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye. Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.

Matye 19:16-30 New International Version (NIV)

Just then a man came up to Jesus and asked, “Teacher, what good thing must I do to get eternal life?” “Why do you ask me about what is good?” Jesus replied. “There is only One who is good. If you want to enter life, keep the commandments.” “Which ones?” he inquired. Jesus replied, “ ‘You shall not murder, you shall not commit adultery, you shall not steal, you shall not give false testimony, honor your father and mother,’ and ‘love your neighbor as yourself.’” “All these I have kept,” the young man said. “What do I still lack?” Jesus answered, “If you want to be perfect, go, sell your possessions and give to the poor, and you will have treasure in heaven. Then come, follow me.” When the young man heard this, he went away sad, because he had great wealth. Then Jesus said to his disciples, “Truly I tell you, it is hard for someone who is rich to enter the kingdom of heaven. Again I tell you, it is easier for a camel to go through the eye of a needle than for someone who is rich to enter the kingdom of God.” When the disciples heard this, they were greatly astonished and asked, “Who then can be saved?” Jesus looked at them and said, “With man this is impossible, but with God all things are possible.” Peter answered him, “We have left everything to follow you! What then will there be for us?” Jesus said to them, “Truly I tell you, at the renewal of all things, when the Son of Man sits on his glorious throne, you who have followed me will also sit on twelve thrones, judging the twelve tribes of Israel. And everyone who has left houses or brothers or sisters or father or mother or wife or children or fields for my sake will receive a hundred times as much and will inherit eternal life. But many who are first will be last, and many who are last will be first.

Matye 19:16-30 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Alors un homme s’approcha de lui et lui dit : Maître, que dois-je faire de bon pour avoir la vie éternelle ? – Pourquoi m’interroges-tu sur ce qui est bon ? lui répondit Jésus. Un seul est bon. Si tu veux entrer dans la vie, applique les commandements. – Lesquels ? demanda l’homme. – Eh bien, répondit Jésus, tu ne commettras pas de meurtre ; tu ne commettras pas d’adultère ; tu ne commettras pas de vol ; tu ne porteras pas de faux témoignage ; honore ton père et ta mère , et tu aimeras ton prochain comme toi-même . – Tout cela, lui dit le jeune homme, je l’ai appliqué. Que me manque-t-il encore ? Jésus lui répondit : Si tu veux être parfait, va vendre tes biens, distribue le produit de la vente aux pauvres, et tu auras un trésor dans le ciel. Puis viens et suis-moi ! Quand il entendit cela, le jeune homme s’en alla tout triste, car il était très riche. Alors Jésus dit à ses disciples : Vraiment, je vous l’assure : il est difficile à un riche d’entrer dans le royaume des cieux. Oui, j’insiste : il est plus facile à un chameau de passer par le trou d’une aiguille qu’à un riche d’entrer dans le royaume de Dieu. En entendant cela, les disciples furent très étonnés et demandèrent : Mais alors, qui donc peut être sauvé ? Jésus les regarda et leur dit : Cela est impossible aux hommes ; mais à Dieu, tout est possible. Alors Pierre prit la parole et lui dit : Nous, nous avons tout quitté pour te suivre : qu’en sera-t-il de nous ? Jésus leur dit : Vraiment, je vous l’assure : quand le monde connaîtra son renouveau et que le Fils de l’homme aura pris place sur son trône glorieux, vous qui m’avez suivi, vous siégerez, vous aussi, sur douze trônes pour gouverner les douze tribus d’Israël. Tous ceux qui auront quitté, à cause de moi, leurs maisons, leurs frères ou leurs sœurs, leur père ou leur mère, leurs enfants ou leur terre, recevront cent fois plus et auront part à la vie éternelle. Mais beaucoup de ceux qui sont maintenant les premiers seront parmi les derniers, et beaucoup de ceux qui sont maintenant les derniers seront parmi les premiers.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an