Jan 5:1-24

Jan 5:1-24 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre sa, jwif yo te gen yon fèt nan tanp lan. Jezi moute Jerizalèm. Nan lavil la, bò Pòtay Mouton yo, te gen yon gwo basen dlo yo te rele nan lang ebre: Betzata. Te gen senk pòt ki te bay sou li. Devan pòt yo, te gen anpil moun ki te gen tout kalite maladi kouche la: gen sa ki te avèg, gen sa ki t'ap bwete, gen sa ki te paralize. [Yo tout yo t'ap tann lè dlo a pran bouyi. Paske tanzantan, yon zanj desann vin mete dlo a anmouvman. Premye malad ki desann lan, nenpòt maladi li te genyen, li te jwenn gerizon.] Te gen yon nonm la ki te malad depi tranntwitan. Jezi wè l kouche. Li vin konnen li te malad depi tout tan sa a. Li mande li: — Eske ou vle geri? Malad la reponn li: — Mèt, mwen pa gen pesonn pou mete mwen nan basen an lè dlo a anmouvman. Lè mwen fè sa pou m'ale, yon lòt gentan desann anvan mwen. Jezi di li: — Leve pran nat ou ale. Menm llè a, nonm lan geri. Li ranmase nat li, li pran mache. Men twouve, jou sa fèt la, se te yon jou saba. Jwif yo di nonm ki te geri a: — Jodi a se jou saba. Lalwa nou an pa pèmèt ou pote chay. Li reponn yo: — Se moun ki geri m lan wi ki di m ranmase nat mwen, mache m ale. Lè sa a, yo mande li: — Kilès sa a ki di ou ranmase nat ou, mache ou ale a? Men, nonm ki te geri a pat konnen ki moun li te ye, paske te sitèlman gen moun la, Jezi te gentan pati al fè wout li. Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: — Koute non. Kounyeya ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou. Nonm lan al di jwif yo se Jezi ki te geri li. Se poutèt sa jwif yo tanmen pèsekite Jezi paske li te fè sa yon jou saba. Men, Jezi reponn yo: — Se tout tan Papa m ap travay. Mwen menm tou, m'ap travay. Poutèt pawòl sa a, se pi rèd atò jwif yo t'ap chache touye li. Paske li pa te sèlman vyole saba, men li te di Bondye se papa li. Konsa li fè tèt li egal ak Bondye. Lè sa a, Jezi reponn yo: — Vrèmanvre, Pitit Bondye a pa fè anyen ki pa soti nan Papa a. Sa li wè Papa a fè, se sa li fè tou. Paske sa Papa a fè, pitit la fè li parèy. Papa a renmen Pitit la, li devwale li tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou li devwale li pi gwo bagay pase sa toujou. Lè sa a, nou va rete bouch be. Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi. Papa a pa jije pèsonn, men li bay Pitit la tout pouvwa pou jije. Konsa, tout moun va gen onè respè pou Pitit la, menm jan yo gen onè respè pou Papa a. Moun ki pa gen onè respè pou Pitit la, li pa gen onè respè pou Papa a tou. — Anverite moun ki koute pawòl mwen, ki mete konfyans yo nan moun ki voye mwen an, l'ap gen lavi etènèl. Yo yo p'ap kondannen li. Li deja soti nan lanmò, li antre nan lavi.

Pataje
Li Jan 5

Jan 5:1-24 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ensuite il y a une fête juive, et Jésus va à Jérusalem. À Jérusalem, près de la porte des Moutons, se trouve une piscine avec cinq rangées de colonnes. En hébreu, on l’appelle Bethzata. Sous ces colonnes, beaucoup de malades sont couchés : des aveugles, des boiteux, des paralysés. [] Parmi eux, il y a un homme malade depuis 38 ans. Jésus voit qu’il est couché et il apprend que cet homme est malade depuis déjà longtemps. Il lui demande : « Est-ce que tu veux guérir ? » Le malade lui répond : « Seigneur, je n’ai personne pour me descendre dans la piscine quand l’eau se met en mouvement. Et pendant que j’essaie d’y aller, un autre descend avant moi. » Jésus lui dit : « Lève-toi, prends ta natte et marche ! » Aussitôt, l’homme est guéri. Il prend sa natte et il se met à marcher. Cela se passe le jour du sabbat. Alors des chefs juifs disent à l’homme guéri : « C’est le jour du sabbat, et tu n’as pas le droit de porter ta natte. » Il leur répond : « Celui qui m’a guéri m’a dit : “Prends ta natte et marche !” » Ces gens lui demandent : « Qui est cet homme qui t’a dit : “Prends ta natte et marche” ? » Mais celui qui a été guéri n’en sait rien. En effet, Jésus est parti, parce qu’il y avait beaucoup de monde à cet endroit. Plus tard, Jésus le rencontre dans le temple et il lui dit : « Maintenant tu es guéri. Ne commets plus de péché, sinon il t’arrivera quelque chose de plus grave. » L’homme va dire aux chefs juifs : « C’est Jésus qui m’a guéri. » Alors ils cherchent à faire du mal à Jésus, parce qu’il a guéri quelqu’un le jour du sabbat. Mais Jésus leur dit : « Mon Père travaille depuis toujours, et moi aussi, je travaille. » À cause de cette parole, les chefs juifs cherchent encore plus à faire mourir Jésus. En effet, Jésus ne respecte pas le sabbat. Mais surtout il dit que Dieu est son Père, et ainsi, il se fait égal à Dieu. Jésus reprend la parole et dit : « Oui, je vous le dis, c’est la vérité, le Fils ne peut décider lui-même ce qu’il doit faire. Il voit ce que le Père fait et il fait seulement cela. Ce que le Père fait, le Fils le fait aussi. Le Père aime le Fils et il lui montre tout ce qu’il fait. Il lui montrera des actions encore plus grandes, et vous serez très étonnés. En effet, le Père réveille les morts et il leur donne la vie. De la même façon, le Fils donne la vie à qui il veut. Et le Père ne juge personne, mais il a donné au Fils tout le pouvoir pour juger. Ainsi, tous respecteront le Fils, comme tous respectent le Père. Le Père a envoyé le Fils. Si quelqu’un ne respecte pas le Fils, il ne respecte pas non plus le Père. « Oui, je vous le dis, c’est la vérité, si quelqu’un écoute mes paroles et croit au Père qui m’a envoyé, il vit avec Dieu pour toujours. Il n’est pas condamné, mais il est passé de la mort à la vie.

Pataje
Li Jan 5

Jan 5:1-24 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre sa, Jezi t ale Jerizalèm pou yon fèt espesyal Jwif yo te genyen. Jerizalèm te genyen yon pisin toupre Pòtay Mouton yo. Li te gen senk galeri. Yo te rele pisin sa a Bètesda, nan lang ebre. Anpil moun malad te kouche anba galeri yo, bò kote pisin nan. Kèk nan yo te avèg, kèk lòt te bwate, lòt ankò te paralize. Youn nan moun ki te kouche la te malad depi trantuitan. Jezi wè li kouche la epi li konnen l malad depi byen lontan. Li di li: “Èske ou vle geri?” Malad la reponn: “Mesye, m pa gen pèsonn pou ede m antre nan dlo a lè l ap fè mouvman. Chak fwa m eseye, yon lòt moun toujou pase devan m.” Alò Jezi di l: “Leve kanpe, pran kabann ou, epi mache.” Menm lè a, nonm nan geri. Li pran kabann li epi li te kòmanse mache. Men bagay sa a te rive yon jou saba. Se poutèt sa kèk Jwif te di nonm ki te geri a: “Jodi a se saba. Pote kabann ou nan jou repo a, se yon bagay ki kont Lalwa nou an.” Men nonm nan reponn: “Moun ki geri m nan di: Pran kabann ou epi mache.” Yo mande li: “Ki moun sa ki di w pran kabann ou epi mache a?” Men nonm ki te geri a pa te konnen kilès moun ki te geri l la te ye. Te plen moun la, epi Jezi te gentan ale. Pita, Jezi jwenn nonm nan nan tanp lan, epi li di li: “Ou wè, ou geri. Sispann peche, sinon yon pi move bagay riske rive w!” Alò nonm nan pati retounen jwenn Jwif yo ki t ap poze li kesyon yo. Li di yo se Jezi ki te geri li. Jezi te fè tout bagay sa yo nan jou repo a. Se poutèt sa Jwif yo t ap chache wè kijan yo ta simen boulvès pou bay Jezi pwoblèm. Men li di yo: “Papa m pa janm sispann travay, se kon sa mwen menm tou m ap travay.” Sa fè Jwif yo t ap chache pi plis pou touye l. Yo te di “Premyèman, nonm sa a pa obsève Lalwa sou jou repo a. Epi Li di Bondye se Papa l. Li fè pwòp tèt pa l egal ak Bondye.” Men jezi reponn yo: “Se vre! Amèn! Men m ap di tou: Pitit la pa kapab fè anyen poukont li. Li fè sa l wè Papa l ap fè sèlman. Papa a renmen Pitit la, Li montre Li tout sa l ap fè. Epi Papa a gen pou montre Pitit la bagay ki pi gwo toujou. Alò nou va sezi. Menm jan Papa a resisite moun mouri, epi li ba yo lavi, se kon sa Pitit la bay moun li vle lavi tou. Konsa tou, Papa a pa jije pèsonn. Li bay Pitit la pouvwa pou li fè tout jijman. Bondye fè sa kon sa pou fè tout moun gen respè pou Pitit la, menm jan yo gen respè pou Papa a. Nenpòt moun ki pa gen respè pou Pitit la pa gen respè pou Papa a. Se li menm ki voye Pitit la. Sa m sot di nou la a, se vre. Ban m di nou yon lòt bagay ankò, nenpòt moun ki tande sa mwen di epi ki kwè nan moun ki voye m nan, li genyen lavi etènèl. Moun sa a p ap tonbe anba jijman ankò. Li fini ak lanmò, se viv l ap viv kounye a.

Pataje
Li Jan 5

Jan 5:1-24 New International Version (NIV)

Some time later, Jesus went up to Jerusalem for one of the Jewish festivals. Now there is in Jerusalem near the Sheep Gate a pool, which in Aramaic is called Bethesda and which is surrounded by five covered colonnades. Here a great number of disabled people used to lie—the blind, the lame, the paralyzed. One who was there had been an invalid for thirty-eight years. When Jesus saw him lying there and learned that he had been in this condition for a long time, he asked him, “Do you want to get well?” “Sir,” the invalid replied, “I have no one to help me into the pool when the water is stirred. While I am trying to get in, someone else goes down ahead of me.” Then Jesus said to him, “Get up! Pick up your mat and walk.” At once the man was cured; he picked up his mat and walked. The day on which this took place was a Sabbath, and so the Jewish leaders said to the man who had been healed, “It is the Sabbath; the law forbids you to carry your mat.” But he replied, “The man who made me well said to me, ‘Pick up your mat and walk.’ ” So they asked him, “Who is this fellow who told you to pick it up and walk?” The man who was healed had no idea who it was, for Jesus had slipped away into the crowd that was there. Later Jesus found him at the temple and said to him, “See, you are well again. Stop sinning or something worse may happen to you.” The man went away and told the Jewish leaders that it was Jesus who had made him well. So, because Jesus was doing these things on the Sabbath, the Jewish leaders began to persecute him. In his defense Jesus said to them, “My Father is always at his work to this very day, and I too am working.” For this reason they tried all the more to kill him; not only was he breaking the Sabbath, but he was even calling God his own Father, making himself equal with God. Jesus gave them this answer: “Very truly I tell you, the Son can do nothing by himself; he can do only what he sees his Father doing, because whatever the Father does the Son also does. For the Father loves the Son and shows him all he does. Yes, and he will show him even greater works than these, so that you will be amazed. For just as the Father raises the dead and gives them life, even so the Son gives life to whom he is pleased to give it. Moreover, the Father judges no one, but has entrusted all judgment to the Son, that all may honor the Son just as they honor the Father. Whoever does not honor the Son does not honor the Father, who sent him. “Very truly I tell you, whoever hears my word and believes him who sent me has eternal life and will not be judged but has crossed over from death to life.

Pataje
Li Jan 5

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an