Ebre 10:14-25

Ebre 10:14-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Kris te mennen moun l ap pirifye yo nan nivo pèfeksyon pou tout tan pa mwayen yon sèl sakrifis. Sentespri pale sou menm bagay la. Men premye bagay li di: “SENYÈ a di se pwomès sa a m ap fè avèk pèp mwen an nan jou k ap vini yo. M ap mete prensip mwen yo nan kè yo. M ap ekri lwa mwen yo nan lespri yo.” Apre sa, li di: “M ap pase yon trè sou peche yo. M ap bliye tout move bagay yo te konn fè.” Depi tout peche fin resevwa padon, pa gen okenn rezon ankò pou gen yon lòt sakrifis pou delivre moun anba peche. Konsa, frè m ak sè m yo, nou gen dwa pou nou antre Kote ki pi Sen an. Nou ka antre san nou pa bezwen gen lapèrèz gras ak san sakrifis Jezi a. Nou antre Kote ki pi Sen an pa mwayen nouvo wout Jezi trase pou nou an. Se yon wout vivan ki kondui atravè rido a. Wout sa a se pwòp kò Kris la. Epi tou nou gen yon granprèt puisan ki ap renye sou kay Bondye a. Granprèt la wouze nou ak san Kris la, konsyans nou an pè paske nou pa santi n koupab nan kè nou ankò, kò nou lave nan yon dlo ki pa gen okenn mikwòb. Konsa, an nou pwoche bò kote Bondye avèk yon kè sensè, ak yon asirans total ki chita sou lafwa nou nan Kris la. An nou kenbe fèm esperyans nou di nou genyen an paske Bondye toujou kenbe pwomès li. An nou chache tout jan nou ka ankouraje youn lòt pou n pratike renmen epi fè bon zèv. An nou pa neglije reyinyon nou yo, jan kèk moun gen tan fè l. Wi, nou dwe kontinye ankouraje youn lòt. Li vin pi enpòtan toujou pou nou fè l paske Jou a pa lwen rive.

Ebre 10:14-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Par une offrande unique, en effet, il a rendu parfaits pour toujours ceux qu’il purifie du péché. C’est là ce que le Saint-Esprit nous confirme de son côté. Car il dit d’abord : Mais voici quelle alliance ╵ je vais conclure avec eux après ces jours-là, dit le Seigneur : je placerai mes lois sur leur cœur et je les graverai dans leur pensée. Puis il ajoute : Je ne tiendrai plus compte ╵ ni de leurs péchés, ni de leurs fautes . Or, lorsque les péchés ont été pardonnés, il n’est plus nécessaire de présenter une offrande pour les ôter. Ainsi donc, frères et sœurs, nous avons une pleine liberté pour entrer dans le lieu très saint, grâce au sang du sacrifice de Jésus. Il nous en a ouvert le chemin, un chemin nouveau et vivant à travers le rideau du sanctuaire, c’est-à-dire à travers son propre corps. Ainsi, nous avons un grand-prêtre éminent placé à la tête de la maison de Dieu. Approchons-nous donc de Dieu avec un cœur sincère, avec la pleine assurance que donne la foi, le cœur purifié de toute mauvaise conscience, et le corps lavé d’une eau pure. Restons fermement attachés à l’espérance que nous reconnaissons comme vraie, sans fléchir, car celui qui nous a fait les promesses est fidèle. Et veillons les uns sur les autres pour nous encourager mutuellement à l’amour et à la pratique du bien. Ne délaissons pas nos réunions, comme certains en ont pris l’habitude. Au contraire, encourageons-nous mutuellement, et cela d’autant plus que vous voyez se rapprocher le jour du Seigneur.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an