Travay 7:1-19

Travay 7:1-19 1998 Haïtienne (HAT98)

Granprèt la mande Etyèn: — Eske se vre? Etyèn reponn: — Frè m yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pat ankò vin rete Karan. Bondye di l konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l. Ale nan peyi m'a moutre ou la. Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, l'al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv kounyeya. — Lè sa a, Bondye pat bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pat gen pitit. Men sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo gen pou y'al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an). Men, Bondye di l ankò: Se mwen menm k'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a sòti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m isit la. Apre sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l lan, wit jou apre l te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la. — Pitit Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf. Li delivre l nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l bon konprann, li fè l aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou. — Apre sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pat jwenn anyen pou yo te manje. Lè Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa. Dezyèm fwa y'ale a, Jozèf fè frè l yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo. Jozèf voye chache Jakòb, papa l, ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou. Jakòb desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo. Yo pote kò yo Sichèm, y' antere yo la, nan gwòt Abraram te achte nan men eritye Emò yo. — Lè a t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la. Yon lòt wa ki pat konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a. Wa sa a leve dèyè pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo. Li fòse yo kite tibebe ki fèk fèt yo deyò pou yo ka mouri.

Travay 7:1-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Le grand-prêtre demande à Étienne : « Ce qu’on dit de toi, est-ce que c’est vrai ? » Étienne répond : « Frères et pères, écoutez-moi. Le Dieu glorieux s’est montré à Abraham notre ancêtre, quand celui-ci était en Mésopotamie. C’était avant qu’Abraham parte habiter à Haran. Dieu lui a dit : “Quitte ton pays et ta famille et va dans le pays que je te montrerai.” Alors Abraham a quitté le pays des Babyloniens et il est allé habiter à Haran. Ensuite, le père d’Abraham est mort, et Dieu a fait passer Abraham de Haran dans le pays où vous habitez maintenant. Là, Dieu n’a donné aucune propriété à Abraham, pas même un petit morceau de terrain. Mais il lui a fait cette promesse : “Je te donnerai ce pays, tu le posséderas, toi et tes enfants après toi.” Pourtant Abraham n’avait pas d’enfant. Dieu lui a dit : “Les enfants de tes enfants vivront dans un pays étranger. Là, ils deviendront esclaves, et on leur fera du mal pendant 400 ans.” Mais Dieu a dit aussi : “Moi, je jugerai le peuple qui fera d’eux ses esclaves. Ensuite, ils partiront et ils viendront m’adorer ici.” Puis Dieu a fait alliance avec Abraham. Le signe qui montre cette alliance, c’est la circoncision. Ainsi, Abraham a circoncis son fils Isaac une semaine après sa naissance. Isaac a circoncis son fils Jacob, et Jacob a circoncis ses fils, nos douze ancêtres. « Nos ancêtres ont été jaloux de leur frère Joseph. Ils l’ont vendu comme esclave en Égypte. Mais Dieu était avec Joseph, il l’a délivré de toutes ses souffrances. Il lui a donné la sagesse pour parler au Pharaon, roi d’Égypte. Il lui a donné aussi d’être agréable à ce roi. Celui-ci l’a nommé gouverneur d’Égypte et responsable de toutes ses affaires. Mais voilà qu’il y a une famine dans toute l’Égypte et tout le pays de Canaan. Les gens souffrent beaucoup, et nos ancêtres ne trouvent plus de nourriture. Jacob entend dire qu’il y a du blé en Égypte, il envoie nos ancêtres une première fois. Quand ils y vont pour la deuxième fois, Joseph se fait reconnaître par ses frères. Alors le roi d’Égypte apprend quelle est la famille de Joseph. Joseph envoie chercher son père Jacob et toute sa famille. En tout, il y a 75 personnes. Jacob vient donc en Égypte, il meurt là, et nos ancêtres aussi. On transporte leurs corps à Sichem, et on les enterre dans la tombe qu’Abraham a achetée avec de l’argent aux fils de Hamor, à Sichem. « Le moment approche où Dieu va faire ce qu’il a promis à Abraham. Notre peuple devient alors de plus en plus nombreux en Égypte. Mais un jour, un nouveau roi commence à gouverner. Ce roi n’a pas connu Joseph. Il trompe notre peuple et il fait du mal à nos ancêtres. Il les oblige à abandonner leurs bébés, pour qu’ils meurent.

Travay 7:1-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Pi gran sakrifikatè a di Etyèn konsa: “Èske sa yo di yo se vre?” Etyèn reponn, li di: “Frè m ak papa m yo, koute: Bondye ki gran epi ki genyen tout glwa a te parèt devan Abraram, zansèt nou an. Lè sa a, Abraram te rete nan Mezopotami toujou. Li pa t ko al rete Karan. Bondye di li: Kite peyi w ak tout fanmi w, pati ale nan peyi mwen va montre w la. Konsa, Abraram pati kite peyi Kalde, l al viv nan Karan. Apre papa Abraram te mouri, Bondye fè l kite Karan pou l vin viv nan peyi sa a, kote n ap viv la. Men Bondye pa t bay Abraram yon pati pou limenm. Li pa t bay Abraram menm yon pous nan peyi a. Okontrè, Bondye te pwomèt li l ap ba l tout peyi a nèt pou l rete ansanm ak pitit pitit li yo. Men Abraram pa t ko gen pitit lè sa a. Men sa Bondye te di Abraram: Pitit pitit ou yo gen pou y al viv kòm etranje nan yon lòt peyi. Y ap fè yo tounen esklav nan peyi sa a epi y ap maltrete yo anpil pandan kat san (400) zan. Men m ap gen pou m pini nasyon ki va fè yo tounen esklav yo a. Apre sa, Bondye di l ankò: Apre bagay sa yo fin rive, y a soti kite peyi kote yo te esklav la epi y a vin sèvi m isit la. Apre sa, Bondye fè yon kontra ak Abraram epi Bondye deside se sikonsizyon k ap senbòl kontra sa a. Konsa, lè Abraram vin gen pitit gason li Isaak, li sikonsi Izarak sou uit (8) jou apre l te fin fèt. Menm jan an tou, lè Izaak fè Jakòb, li te sikonsi li tou, epi Jakòb te sikonsi douz pitit gason li yo ki se papa douz branch fanmi nan pèp Izrayèl la. Yon gwo jalouzi te vin pete pami douz zansèt nou yo kont Jozèf, pwòp frè yo. Konsa, yo vann li pou l al esklav nan peyi Lejip. Men Bondye pa t lage Jozèf. Li te toujou ansanm avè l. Bondye te delivre Jozèf anba tout tribilasyon li epi li te ranpli l ak sajès. Bondye te fè Jozèf jwenn favè devan Farawon ki te wa peyi L epi p la. Konsa, Farawon te mete Jozèf chèf sou tout peyi Lejip ak sou tout kay Farawon an menm. Vwala te gen yon gwo grangou ki te vin tonbe sou tout peyi Lejip ak sou Kanaran tou. Bagay la te rèd anpil pou moun yo, sa te fè yo soufri. Zansèt nou yo nan Kanaran pa t jwenn anyen pou yo manje. Lè Jakòb aprann te gen manje pou vann nan peyi Lejip, li voye pitit gason l yo al achte. Se premye fwa yo te ale la. Sou dezyèm vwayaj frè Jozèf yo te fè pou al achte manje, Jozèf te fè yo rekonèt li. Konsa Farawon Lejip la te fè konesans ak fanmi Jozèf yo tou. Apre sa, Jozèf voye chache Jakòb, papa li, ansanm ak tout rès fanmi an. Yo tout ansanm te fè swasannkenz moun an total. Konsa, Jakòb desann nan peyi Lejip. Se nan peyi sa a li mouri tou, ansanm ak tout zansèt nou yo. Yo monte ak kadav yo ale Sichèm. Yo antere yo tout nan tonbo Abraram te peye lajan kontan lè l te achte l nan men pitit Emò yo nan lavil Sichèm nan. Firamezi lè pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram nan t ap pwoche, pèp la pa t sispann miltipliye nan peyi Lejip, li te vin pi plis. Se kon sa sa te ye jouktan te vin gen yon wa nan tèt peyi Lejip ki pa t konnen anyen menm sou Jozèf. Wa sa a te tonbe nan twonpe pèp nou an. Li maltrete zansèt nou yo byen maltrete. Li fòse yo abandone ti bebe yo deyò pou yo mouri.

Travay 7:1-19 New International Version (NIV)

Then the high priest asked Stephen, “Are these charges true?” To this he replied: “Brothers and fathers, listen to me! The God of glory appeared to our father Abraham while he was still in Mesopotamia, before he lived in Harran. ‘Leave your country and your people,’ God said, ‘and go to the land I will show you.’ “So he left the land of the Chaldeans and settled in Harran. After the death of his father, God sent him to this land where you are now living. He gave him no inheritance here, not even enough ground to set his foot on. But God promised him that he and his descendants after him would possess the land, even though at that time Abraham had no child. God spoke to him in this way: ‘For four hundred years your descendants will be strangers in a country not their own, and they will be enslaved and mistreated. But I will punish the nation they serve as slaves,’ God said, ‘and afterward they will come out of that country and worship me in this place.’ Then he gave Abraham the covenant of circumcision. And Abraham became the father of Isaac and circumcised him eight days after his birth. Later Isaac became the father of Jacob, and Jacob became the father of the twelve patriarchs. “Because the patriarchs were jealous of Joseph, they sold him as a slave into Egypt. But God was with him and rescued him from all his troubles. He gave Joseph wisdom and enabled him to gain the goodwill of Pharaoh king of Egypt. So Pharaoh made him ruler over Egypt and all his palace. “Then a famine struck all Egypt and Canaan, bringing great suffering, and our ancestors could not find food. When Jacob heard that there was grain in Egypt, he sent our forefathers on their first visit. On their second visit, Joseph told his brothers who he was, and Pharaoh learned about Joseph’s family. After this, Joseph sent for his father Jacob and his whole family, seventy-five in all. Then Jacob went down to Egypt, where he and our ancestors died. Their bodies were brought back to Shechem and placed in the tomb that Abraham had bought from the sons of Hamor at Shechem for a certain sum of money. “As the time drew near for God to fulfill his promise to Abraham, the number of our people in Egypt had greatly increased. Then ‘a new king, to whom Joseph meant nothing, came to power in Egypt.’ He dealt treacherously with our people and oppressed our ancestors by forcing them to throw out their newborn babies so that they would die.

Travay 7:1-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Le grand-prêtre lui demanda : Reconnais-tu les faits qui te sont reprochés ? Etienne dit alors : Chers frères et pères de notre peuple, écoutez-moi : le Dieu glorieux apparut jadis à notre ancêtre Abraham, quand il vivait encore en Mésopotamie, avant de s’établir à Harân, et il lui dit : Quitte ton pays et ta parenté, et va dans le pays que je t’indiquerai . C’est ainsi qu’Abraham quitta la Chaldée et vint se fixer à Harân. De là, après la mort de son père, Dieu le fit venir dans le pays où vous habitez actuellement. Pourtant, il ne lui donna ici aucune propriété, pas même un mètre carré de terre. Mais il lui promit de lui donner le pays tout entier, à lui et à ses descendants après lui, alors qu’à cette époque il n’avait pas encore d’enfant. Et Dieu lui parla ainsi : Tes descendants séjourneront dans une terre étrangère, ils y seront réduits en esclavage et on les maltraitera pendant quatre cents ans . Mais , ajouta Dieu, j’exécuterai mon jugement contre la nation qui en aura fait ses esclaves. Après cela, ils quitteront le pays étranger et viendront ici même, dans ce pays, pour me rendre un culte . Puis Dieu conclut son alliance avec Abraham et lui en donna pour signe la circoncision. Ainsi il eut pour fils Isaac et le circoncit huit jours après sa naissance. Isaac fit de même pour son fils Jacob, et celui-ci, à son tour, pour ses fils, les douze ancêtres de nos tribus. Or, les fils de Jacob, poussés par la jalousie, vendirent leur frère Joseph, pour qu’il fût emmené comme esclave en Egypte. Mais Dieu était avec lui. Il le délivra de toutes ses épreuves et, dans sa grâce, il lui donna la sagesse nécessaire devant le pharaon, roi d’Egypte, si bien qu’il fut nommé gouverneur du pays et de toute la maison royale. Alors survint une grande famine dans toute l’Egypte et en Canaan. Ce fut un temps de grande misère. Nos ancêtres ne trouvaient plus de quoi manger. Quand Jacob apprit qu’il y avait du blé en Egypte, il y envoya une première fois ses fils, nos ancêtres. Lors de leur second voyage en Egypte, Joseph se fit reconnaître par ses frères, et le pharaon apprit quelle était l’origine de Joseph. Puis Joseph envoya chercher son père Jacob et toute sa parenté qui comprenait soixante-quinze personnes. Jacob descendit en Egypte ; il y finit ses jours, de même que nos ancêtres. Leurs corps furent ramenés à Sichem, et déposés dans le tombeau qu’Abraham avait acheté pour une certaine somme d’argent aux fils d’Hamor à Sichem. Le moment approchait où Dieu allait accomplir la promesse qu’il avait faite à Abraham : notre peuple s’était multiplié et les Israélites étaient devenus de plus en plus nombreux en Egypte. C’est alors qu’un nouveau roi, qui n’avait pas connu Joseph, monta sur le trône d’Egypte. Il exploita notre peuple de manière perfide et opprima nos ancêtres, jusqu’à les obliger à abandonner leurs nouveau-nés pour qu’ils ne survivent pas.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an