Travay 4:23-37

Travay 4:23-37 1998 Haïtienne (HAT98)

Lage yo lage yo, Pyè ak Jan al jwenn gwoup zanmi yo, yo rakonte yo tou sa chèf prèt yo ak ansyen yo te di. Lè disip yo tande sa, yo tout mete tèt ansanm pou lapriyè Bondye konsa: — O Mèt, se ou menm ki fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Pa pouvwa Sentespri, se ou menm ki te pale nan bouch sèvitè ou, David, zansèt nou, lè l te di: Poukisa moun lòt nasyon yo t'ap toumante kò yo konsa? Poukisa pèp yo t'ap fè plan ki p'ap sèvi yo anyen konsa? Wa latè yo pran pozisyon, chèf yo mete tèt yo ansanm sou do Bondye ak sou do Moun li chwazi a! Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a. Yo fè tou sa ou menm, nan tout pouvwa ou ak pwòp volonte ou, ou te deside davans ki pou te fèt la. Kounyeya, Bondye, gade ki jan y'ap fè nou menas. Bay sèvitè ou yo fòs pou yo ka fè konnen mesay ou a avèk konviksyon. Lonje men ou pou yo ka fè gerizon, mirak ak lòt bèl bagay nan non Jezi, sèvitè ki te viv pou ou a. Lè yo fin lapriyè, kote yo te ye a pran tranble. Yo tout te anba pouvwa Sentespri, epi yo pran anonse pawòl Bondye a avèk konviksyon. Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pèsonn pat di byen li yo te pou tèt pa l ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apot yo t'ap bay prèv kijan Bondye te resisite Jezi nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon li ankantite sou yo tout. Pèsonn nan mitan yo pat nan nesesite. Sa ki te gen jaden, sa ki te gen kay, yo vann sa, yo pote lajan an renmèt apòt yo. Apre sa, yo te separe lajan an bay chak moun dapre nesesite yo. Se konsa, te gen yon nonm yo rele Jozèf, yon moun Levi ki sòti lil Chip. Apòt yo te ba l yon ti non Banabas, ki te vle di: Nonm k'ap ankouraje a. Enben, li vann yon jaden li te genyen, li pote lajan an renmèt apòt yo.

Travay 4:23-37 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Quand Pierre et Jean sont libérés, ils vont voir leurs amis et ils leur racontent tout ce que les chefs des prêtres et les anciens ont dit. Ils entendent cela. Alors tous se mettent à prier Dieu d’un seul cœur en disant : « Maître, c’est toi qui as fait le ciel, la terre, la mer et tout ce qu’ils contiennent. Tu as donné ton Esprit Saint à David, notre ancêtre et ton serviteur. Tu as dit par sa bouche : “Les peuples s’agitent, pourquoi ? Ils font des projets, mais pour rien. Les rois de la terre se préparent au combat. Ceux qui ont le pouvoir se réunissent contre le Seigneur et contre le roi choisi par lui.” « C’est bien vrai, Hérode Antipas et Ponce Pilate se sont réunis dans cette ville, avec les étrangers et les tribus d’Israël. C’était contre Jésus, ton serviteur saint, que tu as choisi comme Messie. De cette façon, ils ont fait tout ce que tu as décidé d’avance, tout ce que tu as voulu avec puissance. Et maintenant, Seigneur, vois comme ils nous menacent. Donne à tes serviteurs d’annoncer ta parole avec une totale assurance. Étends la main pour qu’il y ait des guérisons, des choses étonnantes et extraordinaires, par le nom de Jésus, ton serviteur saint. » Quand ils ont fini de prier, l’endroit où ils sont réunis se met à trembler. Ils sont tous remplis de l’Esprit Saint et ils annoncent la parole de Dieu avec assurance. La foule des croyants est très unie par le cœur et par l’esprit. Personne ne dit : « Cela, c’est à moi ! », mais ils mettent tout en commun. Avec une grande force, les apôtres témoignent que Jésus s’est relevé de la mort, et Dieu leur montre son amour de mille manières. Parmi eux, personne ne manque de rien. En effet, tous ceux qui ont des champs ou des maisons les vendent, ils apportent l’argent de ce qu’ils ont vendu et ils le donnent aux apôtres. Ensuite, on distribue l’argent, et chacun reçoit ce qui lui est nécessaire. Il y a ainsi un certain Joseph, un lévite né à Chypre. Les apôtres l’appellent Barnabas, ce qui veut dire « l’homme qui encourage ». Il a un champ, il le vend, il apporte l’argent et le donne aux apôtres.

Travay 4:23-37 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Lage Pyè ak Jan te fin lage, yo ale tou dwat al jwenn rès gwoup patizan Jezi yo epi yo rakonte yo tout sa chèf prèt yo ak lidè yo nan pèp Jwif la te di yo. Lè kwayan yo tande sa Pyè ak Jan te rapòte yo a, yo tout leve vwa yo ansanm nan lapriyè devan Bondye. Yo di: “O Mèt, ou menm ki te kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo. Sèvitè w David, zansèt nou, te di pawòl sa yo anba pouvwa Sentespri a: Poukisa moun lòt nasyon yo ap bat kò yo konsa? Poukisa pèp yo ap fè bann plan ki pa vo anyen sa yo? Tout wa latè yo prepare yo pou batay, tout chèf yo rasanble ansanm pou yo goumen kont Senyè a ak kont Kris la. Se egzateman sa ki te rive nan vil sa a menm, lè Ewòd te reyini ansanm ak Pons Pilat ansanm ak moun lòt nasyon yo ak pèp Izrayèl la kont Jezi, sèvitè w la ou te chwazi epi ki te mache dwat devan w lan. Yo te fè sa pou yo te ka akonpli sa ou menm, nan pouvwa w ak volonte w te gen tan planifye davans pou rive. Kounye a Senyè, gade kijan y ap fè nou menas pou anpeche nou pale. Ede sèvitè w yo pou yo ka pwoklame mesaj ou a avèk konviksyon. Lonje men w pou fè moun malad geri, fè mirak ak anpil lòt bèl bagay rive pa mwayen pouvwa Jezi, sèvitè w la ki te viv apa pou ou a.” Apre kwayan yo te fin priye Bondye konsa, kote yo te rasanble a te pran tranble. Tout moun ki te la, san manke youn, te vin ranpli ak Sentespri a epi yo te tonbe preche mesaj Bondye a san pè anyen. Tout moun ki te mete konfyans yo nan Jezi yo te fè yon sèl. Yo te gen menm panse nan tèt yo epi yo te gen menm santiman youn pou lòt. Pèsonn pa t di byen l te genyen se te pou li sèlman. Okontrè, tout sa youn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil puisans apot yo t ap fè konnen jan Senyè Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Bondye menm t ap vide benediksyon an kantite sou tout kwayan yo. Pa t gen pèsonn ki te nan nesesite nan mitan yo. Sa k te gen tè osinon kay te van yo epi yo pote lajan an vini. Yo te pote lajan an bay apot yo. Apre sa, yo te separe bay chak moun selon bezwen yo. Youn nan kwayan sa yo te rele Jozèf. Se te yon Jwif nan branch fanmi Levi ki te soti nan yon zile ki rele Chip. Apot yo te ba l ti non Banabas, ki te vle di “Nonm ki renmen ankouraje moun nan”. Jozèf te gen yon jaden tou. Li vann li epi li pote lajan an bay apot yo.

Travay 4:23-37 New International Version (NIV)

On their release, Peter and John went back to their own people and reported all that the chief priests and the elders had said to them. When they heard this, they raised their voices together in prayer to God. “Sovereign Lord,” they said, “you made the heavens and the earth and the sea, and everything in them. You spoke by the Holy Spirit through the mouth of your servant, our father David: “ ‘Why do the nations rage and the peoples plot in vain? The kings of the earth rise up and the rulers band together against the Lord and against his anointed one.’ Indeed Herod and Pontius Pilate met together with the Gentiles and the people of Israel in this city to conspire against your holy servant Jesus, whom you anointed. They did what your power and will had decided beforehand should happen. Now, Lord, consider their threats and enable your servants to speak your word with great boldness. Stretch out your hand to heal and perform signs and wonders through the name of your holy servant Jesus.” After they prayed, the place where they were meeting was shaken. And they were all filled with the Holy Spirit and spoke the word of God boldly. All the believers were one in heart and mind. No one claimed that any of their possessions was their own, but they shared everything they had. With great power the apostles continued to testify to the resurrection of the Lord Jesus. And God’s grace was so powerfully at work in them all that there were no needy persons among them. For from time to time those who owned land or houses sold them, brought the money from the sales and put it at the apostles’ feet, and it was distributed to anyone who had need. Joseph, a Levite from Cyprus, whom the apostles called Barnabas (which means “son of encouragement”), sold a field he owned and brought the money and put it at the apostles’ feet.

Travay 4:23-37 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Sitôt libérés, Pierre et Jean se rendirent auprès de leurs amis et leur racontèrent tout ce que les chefs des prêtres et les responsables du peuple leur avaient dit. Après les avoir écoutés, tous, unanimes, se mirent à prier Dieu, disant : Maître, c’est toi qui as créé le ciel, la terre, la mer et tout ce qui s’y trouve. C’est toi qui as dit par l’Esprit Saint qui s’est exprimé par la bouche de notre ancêtre David, ton serviteur : Pourquoi tant d’effervescence parmi les nations ? Et pourquoi les peuples trament-ils ces complots inutiles ? Les rois de la terre se sont soulevés et les chefs se sont ligués contre le Seigneur et son Messie . En effet, c’est bien une ligue qu’Hérode et Ponce Pilate, les peuples étrangers et les peuples d’Israël ont formée dans cette ville contre ton saint serviteur Jésus, que tu as choisi comme Messie. Ils n’ont fait qu’accomplir tout ce que tu avais décidé d’avance, dans ta puissance et ta volonté. Maintenant, Seigneur, vois comme ils nous menacent, et donne à tes serviteurs la force d’annoncer ta Parole avec une pleine assurance. Etends ta main pour qu’il se produise des guérisons, des miracles et d’autres signes au nom de ton saint serviteur Jésus. Quand ils eurent fini de prier, la terre se mit à trembler sous leurs pieds à l’endroit où ils étaient assemblés. Ils furent tous remplis du Saint-Esprit et annonçaient la Parole de Dieu avec assurance. Tous ceux qui étaient devenus des croyants vivaient dans une parfaite unité de cœur et d’esprit. Personne ne se prétendait propriétaire de ses biens, mais ils partageaient tout ce qu’ils avaient. Avec une grande puissance, les apôtres rendaient témoignage de la résurrection du Seigneur Jésus, et la grâce de Dieu agissait avec force en eux tous. Aucun d’eux n’était dans le besoin, car ceux qui possédaient des champs ou des maisons les vendaient, apportaient le produit de la vente et le remettaient aux apôtres : ceux-ci le répartissaient alors entre tous et chacun recevait ce dont il avait besoin. C’est ainsi que, par exemple, un certain Joseph possédait un terrain. C’était un lévite originaire de Chypre  ; les apôtres le surnommaient Barnabas, ce qui veut dire « l’homme qui encourage ». Il vendit son terrain, apporta l’argent et en remit le produit aux apôtres.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an