Matye 23:1-22

Matye 23:1-22 HAT98

Apre sa, Jezi pale ak foul moun yo ansanm ak disip li yo, li di yo: — Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo la pou esplike Lalwa Moyiz la. Se pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè. Y'ap mare gwo chay lou mete sou zepòl lòt moun. Men yo menm, yo p'ap fè rimay leve yon pay. Tou sa yo fè, se pou moun kapab wè yo. Gade gwosè meday ki make ak pawòl Liv la yo mare sou fwon yo ak nan bra yo! Gade longè ganiti ki nan woulèt rad long yo! Yo renmen pi bon plas nan resepsyon. Yo renmen chita kote pou tout moun wè yo nan sinagòg. Yo renmen moun bese byen ba sou plas piblik di yo bonjou. Yo renmen yo rele yo: Direktè, Direktè! Men, nou menm, pa fè moun rele nou Mèt, paske se yon sèl mèt nou genyen. Apa sa, nou tout se frè. Pa rele pèsonn sou latè papa, paske nou gen yon sèl papa: sa ki nan syèl la. Pa kite yo rele nou chèf, paske nou gen yon sèl chèf, se Kris la. Moun ki pi enpòtan nan mitan nou, se moun ki asepte vin sèvitè nou. Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li. — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pèsonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre. [ — Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, anmenmtan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou.] — Malè pou nou, nou menm direktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou konvèti moun nan relijyon nou. Lè nou resi konvèti yonn, nou fè li merite lanfè sèt fwa pi plis pase nou toujou. — Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l kenbe pawòl li. Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye? Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lotèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l sèmante sou ofrann ki sou lotèl la, se pou l kenbe pawòl li. Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lotèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye? Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lotèl la, li sèmante sou lotèl la ansanm ak tou sa ki sou li. Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan. Moun ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fòtèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fòtèy la.

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an